40
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
Mwen te Sòm 25:5tann avèk pasyans SENYÈ a.
Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.
Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a,
sòti deyò gwo ma ajil la.
Li te mete pye m sou wòch la e
te Sòm 37:23fè m kanpe byen fèm.
Li te mete yon Sòm 32:7chanson nèf nan bouch mwen,
yon chan lwanj Bondye nou an.
Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va
mete konfyans nan Bondye.
A la Sòm 34:8beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a,
e ki pa t vire vè moun ògèy yo,
ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.
Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an,
se Job 5:9mèvèy ke Ou te fè yo,
ak panse Ou yo anvè nou.
Nanpwen ki kab konpare avèk Ou.
Si m ta deklare yo e pale sou yo tout,
yo ta vin twòp pou m ta kab konte.
I Sam 15:22Sakrifis avèk ofrann sereyal,
Ou pa t dezire yo.
Ou te ouvri zòrèy mwen.
Ofrann brile avèk ofrann peche yo,
Ou pa t mande yo.
Konsa mwen te di: “Gade byen, mwen vini.
Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm.
Jn 4:34Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ.
Lalwa Ou nan kè m.”
Mwen te Sòm 22:22pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a;
Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen;
O SENYÈ, Ou konnen.
10 Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m.
Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou.
Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk
verite Ou devan gran asanble a.
11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.
Sòm 43:3Lanmou dous Ou avèk verite Ou va
prezève mwen tout tan.
12 Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen.
Sòm 38:4Inikite mwen yo te fin pran m nèt
jiskaske mwen pa t kab wè.
Yo plis pase cheve sou tèt mwen.
Kè m fin fè fayit.
13  Sòm 22:19Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen.
Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.
14 Kite sila yo vin wont e imilye ansanm,
sila ki Sòm 63:9chache lavi mwen pou detwi li.
Kite sila yo vire fè bak e dezonore,
sila ki pran plezi nan fè m mal yo.
15 Kite sila yo etone nèt akoz wont yo,
sila ki Sòm 35:21di mwen: “Wayan, wayan!”
16 Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi e
fè kè kontan nan Ou.
Kite tout sila ki renmen sali Ou yo
Sòm 35:27pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab
leve wo!”
17 Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen,
Sòm 40:5kite SENYÈ a toujou sonje mwen.
Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen.
Pa fè reta, O Bondye mwen an.

40:1 Sòm 25:5

40:2 Sòm 37:23

40:3 Sòm 32:7

40:4 Sòm 34:8

40:5 Job 5:9

40:6 I Sam 15:22

40:8 Jn 4:34

40:9 Sòm 22:22

40:11 Sòm 43:3

40:12 Sòm 38:4

40:13 Sòm 22:19

40:14 Sòm 63:9

40:15 Sòm 35:21

40:16 Sòm 35:27

40:17 Sòm 40:5