5
“Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn?
A kilès nan Job 15:15sen fidèl yo ke ou va vire?
Paske Pwov 12:16rankin va touye moun ki plen foli,
e jalouzi va touye moun senp lan.
Mwen te wè Jr 12:2 moun san konprann ki t ap pran rasin,
e byen vit, mwen te denonse kay li.
Job 4:11Fis li yo pa jwenn sekirite ditou;
menm nan pòtay la, yo oprime,
ni pa gen moun pou delivre yo.
Moun grangou yo devore rekòlt li,
e mennen l yon kote plen pikan.
Epi Job 18:8-10pelen an rete ovèt pou sezi tout byen yo.
Paske Job 15:35malè pa sòti nan pousyè,
ni gwo twoub pa pouse soti nan tè;
paske Job 14:1lòm fèt pou gwo twoub,
tankou etensèl dife vole anlè.
 
Job 13:2-3“Men pou mwen, mwen ta chache Bondye,
pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.
Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan;
mèvèy ki pa kab menm konte yo.
10 Li Job 36:27-29bay lapli sou tè a,
e voye dlo sou chan yo,
11 Jiskaske Job 22:29Li leve sila ki enb yo,
e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.
12 Li Sòm 33:10anile manèv a sila ki gen riz yo
pou men yo pa reyisi.
13 Li Job 37:24kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo,
e konsèy a moun k ap twonpe moun nan
vin kontrekare byen vit.
14 Nan gwo lajounen, yo Job 12:25 jwenn ak tenèb,
e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.
15 Men li sove yo de Job 4:11nepe a pwop bouch yo,
e menm malere a chape nan men pwisan an.
16 Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa,
e Sòm 107:42inikite oblije pe bouch li.
 
17 “Gade byen kijan nonm
ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan.
Konsa, Eb 12:5-11pa meprize disiplin Toupwisan an.
18 Paske se És 30:28Li menm ki blese,
e se Li menm ki retire blesè a;
Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.
19 Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo;
Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.
20 Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò,
e nan Sòm 144:10 lagè, devan pouvwa nepe a.
21 Ou va pwoteje devan blese a lang lan,
e Sòm 91:5-6 ou p ap pè vyolans lan lè l vin parèt.
22 Ou va Job 8:21ri devan vyolans ak grangou,
e ou p ap pè bèt sovaj yo.
23 Paske ou va fè alyans ak wòch chan yo,
e És 11:6-9bèt sovaj yo va anpè avèk ou.
24 Ou va konnen ke Job 8:6tant ou an pwoteje,
paske ou va vizite lakay ou san krent ni pèt.
25 Anplis, ou va konnen ke Sòm 112:2desandan ou yo va anpil,
e És 44:3-4sila ki sòti nan ou yo anpil tankou zèb latè.
26 Ou va Job 42:17rive nan tonbo a ak tout fòs ou,
tankou gwo sak ble nan sezon li.
27 Gade sa byen; nou te fè ankèt li, e se konsa li ye.
Tande sa e konnen l pou kont ou.”

5:1 Job 15:15

5:2 Pwov 12:16

5:3 Jr 12:2

5:4 Job 4:11

5:5 Job 18:8-10

5:6 Job 15:35

5:7 Job 14:1

5:8 Job 13:2-3

5:10 Job 36:27-29

5:11 Job 22:29

5:12 Sòm 33:10

5:13 Job 37:24

5:14 Job 12:25

5:15 Job 4:11

5:16 Sòm 107:42

5:17 Eb 12:5-11

5:18 És 30:28

5:20 Sòm 144:10

5:21 Sòm 91:5-6

5:22 Job 8:21

5:23 És 11:6-9

5:24 Job 8:6

5:25 Sòm 112:2

5:25 És 44:3-4

5:26 Job 42:17