12
Byen dwat, se Ou menm, O SENYÈ,
lè m plede ka m avèk Ou.
Anverite, mwen ta diskite yon ka lajistis avèk Ou.
Poukisa Job 12:6chemen mechan an byen reyisi konsa?
Poukisa tout sa ki aji nan manti yo rete alèz konsa?
Ou te plante yo. Wi, konsa yo fin pran rasin.
Yo grandi. Wi, yo fè fwi.
Ou És 29:13toupre nan lèv yo, men lespri yo lwen W.
Men Ou konnen mwen, O SENYÈ.
Ou wè mwen.
Ou fè egzamen pou wè kè m vè Ou menm.
Rale yo akote, tankou mouton k ap prale labatwa;
mete yo apa pou Jr 17:8jou gwo masak la.
Depi kilè peyi a va gen dèy konsa,
e Jl 1:10-17vèdi chan an vin sèch konsa?
Akoz mechanste a sila ki rete ladann yo,
ni bèt ni zwazo detwi nèt;
akoz yo te di: “Li p ap wè dènye fen nou an.”
Si ou te kouri ak moun apye yo,
e yo fè ou bouke,
kijan ou ka fè kous ak cheval?
Malgre, nan yon peyi lapè, ou gen sekirite,
men kijan ou va reyisi nan Jr 49:19vye rakbwa Jourdain an?
Paske menm Jen 37:4-11frè ou yo ak lakay papa ou a;
menm yo menm, te fè trèt avèk ou!
Menm yo menm, te rele dèyè ou.
Pa kwè yo, malgre bèl pawòl dous.
 
“Mwen te abandone lakay Mwen an,
Mwen te abandone eritaj Mwen an;
Mwen fin bay Jr 11:15fi byeneme a nanm Mwen an
pou antre nan men lènmi li yo.
Eritaj Mwen an te vini pou Mwen, kon yon lyon
k ap gwonde nan forè a.
Li te gwonde kont Mwen.
Akoz sa, Mwen te vin Os 9:15rayi li.
Èske eritaj Mwen an gen tan vin tankou yon zwazo takte nan lachas?
Èske gen II Wa 24:2zwazo voras kont li tout kote?
Ale, rasanble tout bèt sovaj nan chan yo.
Mennen yo pou yo ka devore!
10 Anpil Jr 6:3bèje fin gate chan rezen Mwen yo.
Yo te foule chan Mwen an anba pye;
yo te fè bèl chan Mwen an vin yon savann dezole.
11 Li te vin yon dezè.
Abandonen, li plenyen devan M.
Tout latè vin dezole,
akoz pèsòn És 42:25pa pran sa an kè.
12 Sou tout Jr 3:2-21do mòn sèch nan dezè yo, destriktè yo vin parèt,
paske yon nepe SENYÈ a ap devore
soti nan yon pwent peyi a jis rive nan lòt la.
Nanpwen lapè pou pèsòn.
13 Se Lev 26:16ble yo te simen e yo rekòlte pikan.
Yo te fè gwo efò, san ke yo pa reyisi anyen.
Men se pou nou vin wont rekòlt nou an akoz gwo kòlè SENYÈ a.”
 
14 Konsa pale SENYÈ a de tout Jr 49:1-7vwazen mechan k ap atake eritaj ke Mwen te bay a pèp Mwen an, Israël: “Gade byen, Mwen prèt pou dechouke yo depi nan peyi pa yo. Anplis, Mwen va dechouke lakay Juda soti nan mitan yo. 15 Epi li va vin rive ke apre Mwen dechouke yo, Mwen va ankò gen konpasyon pou yo. Mwen va Am 9:14mennen yo retounen, yo chak a eritaj pa yo, e yo chak nan pwòp peyi pa yo. 16 Epi si, anverite, yo va És 42:6aprann chemen a pèp Mwen an, pou sèmante pa non Mwen: ‘Kon SENYÈ a viv la’, menm jan ke yo menm te enstwi pèp Mwen an pou sèmante pa Baal yo, yo va vin etabli nan mitan pèp Mwen an. 17 Men si yo pa koute, alò, Mwen va Sòm 2:8-12dechouke nasyon sa a, dechouke e detwi li,” deklare SENYÈ a.

12:1 Job 12:6

12:2 És 29:13

12:3 Jr 17:8

12:4 Jl 1:10-17

12:5 Jr 49:19

12:6 Jen 37:4-11

12:7 Jr 11:15

12:8 Os 9:15

12:9 II Wa 24:2

12:10 Jr 6:3

12:11 És 42:25

12:12 Jr 3:2-21

12:13 Lev 26:16

12:14 Jr 49:1-7

12:15 Am 9:14

12:16 És 42:6

12:17 Sòm 2:8-12