JOËL
1
Pawòl SENYÈ a te vin kote Trav 2:16Joël,
fis a Pethuel la.
Koute sa Job 8:8 ansyen nou yo,
koute sa, tout abitan peyi a!
Jr 30:7Èske yon bagay konsa konn rive nan jou nou yo,
oswa nan jou a papa zansèt nou yo?
Egz 10:2Pale pitit nou yo bagay sa a, e kite pitit nou
pale pitit pa yo ak pitit a yon lòt jenerasyon.
Sa ke ti krikèt la te kite,
Na 3:15,16 gwo krikèt la fin manje.
Sa ke gwo krikèt la te kite,
ti cheni an te manje.
Sa ke ti cheni an te kite,
És 33:4gwo cheni an te manje.
Moun sou yo, leve pou nou ka kriye!
Rele fò, nou tout k ap bwè diven an,
akoz diven dous lan,
paske li deja retire pou l kite bouch nou. Jl 3:3; És 32:10
Paske yon nasyon deja anvayi peyi mwen an,
ak gwo pwisans, fòs kantite moun depase kontwòl.
Rev 9:8Dan l se dan a yon lyon;
gwo dan l yo se tankou dan a yon manman lyon.
Li te És 5:6fè chan rezen mwen an
vin yon kote gate.
Li te rache pye fig mwen an.
Li fin rache li nèt nèt, e jete li.
Branch yo te vin blanch.
És 22:12 Rele fò tankou yon vyèj ki Jl 1:13abiye ak twal sak
pou fiyanse jenès li ki mouri.
Os 9:4Ofrann sereyal ak ofrann bwason an
vin kou pe soti lakay SENYÈ a.
Jl 2:17 Prèt yo, sèvitè a SENYÈ a, ap lamante.
10 Chan an vin gate nèt.
Jr 12:11Peyi a ap fè dèy.
Paske tout sereyal la fin gate nèt.
Diven nèf la fin seche,
lwil fre a vin sispann.
11 Se pou nou pa konprann anyèn,
O kiltivatè yo!
Rele anmwey,
O nou menm k ap okipe pye rezen yo!
Ble ak lòj la te peri nèt;
És 17:1 rekòlt chan an fin detwi.
12  Jl 1:10 Pye rezen an vin sèch,
e pye fig la vin pa donnen.
Pye grenad la, pye palmis lan ak pye pòm nan;
menm tout pyebwa nan chan an fin cheche.
Anverite És 16:10Lajwa a vin seche soti pami fis a lòm yo.
13  Jr 4:8Mare senti nou ak twal sak e kriye fò,
O prèt yo, Rele anmwey!
O sèvitè a lotèl yo,
Vin pase nwit lan ak twal sak,
chèf sèvitè a Bondye mwen yo.
Paske ofrann sereyal la ak ofrann bwason an
p ap antre lakay Bondye nou an.
14 Vin konsakre jèn nan!
Pwoklame asanble solanèl lan!
Rasanble tout ansyen yo
ak tout moun ki rete nan peyi a,
pou yo vini lakay SENYÈ a, Bondye nou an,
pou kriye fò anvè SENYÈ a. Jon 3:8
15 Elas pou jou a!
Paske Jl 2:1,11,31 jou SENYÈ a vin pwòch.
Li va vini tankou És 13:6destriksyon ki soti
nan Toupwisan an.
16 Èske manje a pa t retire soti devan zye nou?
Lajwa ak kè kontan soti lakay Bondye nou an? És 3:7
17 Jèm yo vin pouri anba bòl tè yo.
Depo yo vin abandone.
Kay depo yo fin demoli nèt,
paske sereyal la vin sispann nèt. És 17:10,11
18 Ala plenyen I Wa 8:5bèt yo plenyen nan gòj!
Twoupo bèf yo ap gaye toupatou,
paske pa gen patiraj pou yo.
Menm bann mouton yo ap soufri.
19 A Ou menm, O SENYÈ, Mwen kriye;
paske dife fin devore patiraj nan savann yo,
e flanm dife fin brile tout pyebwa nan chan yo. Sòm 50:15
20 Menm bèt chan yo Sòm 104:21 rele vè Ou menm;
paske I Wa 17:7sous dlo yo fin seche e dife a te devore
tout patiraj nan savann yo.
 

1:1 Trav 2:16

1:2 Job 8:8

1:2 Jr 30:7

1:3 Egz 10:2

1:4 Na 3:15,16

1:4 És 33:4

1:5 Jl 3:3; És 32:10

1:6 Rev 9:8

1:7 És 5:6

1:8 És 22:12

1:8 Jl 1:13

1:9 Os 9:4

1:9 Jl 2:17

1:10 Jr 12:11

1:11 És 17:1

1:12 Jl 1:10

1:12 És 16:10

1:13 Jr 4:8

1:14 Jon 3:8

1:15 Jl 2:1,11,31

1:15 És 13:6

1:16 És 3:7

1:17 És 17:10,11

1:18 I Wa 8:5

1:19 Sòm 50:15

1:20 Sòm 104:21

1:20 I Wa 17:7