14
Os 6:1Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a.
Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.
Pran avèk ou menm pawòl yo,
pou retounen kote SENYÈ a.
Di Li: Mi 7:18,19“Retire tout inikite nou yo,
e resevwa nou ak gras Ou,
pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.
Assyrie p ap sove nou.
Nou p ap monte sou cheval;
ni nou p ap di ankò a
Os 8:6; Os 4:12zèv men nou yo: “Ou se dye nou.”
Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”
 
“Mwen va És 57:18 geri enfidelite yo;
Mwen va So 3:17renmen yo an abondans,
paske kòlè Mwen fin vire lwen yo.
Mwen va tankou Pwov 19:12Lawouze pou Israël;
li va fleri kon flè lis,
e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo.
Boujon li yo va vin pete,
e bèlte li va tankou pye doliv etranje a.
Li va santi bon kon bèl odè Liban an.
Moun yo va rete nan lonbraj li.
Yo va reprann fòs tankou Os 2:21,22sereyal ki jwenn lapli;
yo va fleri tankou pye rezen.
Y ap fè bon odè tankou diven Liban an.
O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl?
Se Mwen menm ki okipe l;
Mwen tankou yon pye És 41:19siprè byen vèt;
nan Éz 17:23 Mwen, tout fwi ou sòti.”
 
Sòm 107:43Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo;
Sila ki pridan an, kite li konnen yo.
Paske, chemen a SENYÈ yo dwat,
e moun ladwati a va mache ladan yo;
men transgresè yo va glise tonbe nan yo.

14:1 Os 6:1

14:2 Mi 7:18,19

14:3 Os 8:6; Os 4:12

14:4 És 57:18

14:4 So 3:17

14:5 Pwov 19:12

14:7 Os 2:21,22

14:8 És 41:19

14:8 Éz 17:23

14:9 Sòm 107:43