6
1 Vini, annou retounen kote SENYÈ a.
Paske li te ✡ Det 32:39 chire nou, men Li va geri nou;
Li te blese nou, men ✡ Jr 30:17Li va panse nou
2 Li va ✡ Sòm 30:5 fè nou vin refè apre de jou;
Li va fè nou leve nan twazyèm jou a
Pou nou ka viv devan Li.
3 Epi annou ✡ És 2:3 rekonèt SENYÈ a;
Annou swiv pou nou konnen SENYÈ a.
Ke ✡ Sòm 19:6 vin parèt Li a asire tankou solèy
k ap leve granmmaten;
Epi Li va vini sou nou tankou lapli,
Tankou lapli prentan k ap wouze latè.
4 Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm?
Kisa pou M fè ak ou, O Juda?
Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten,
Tankou lawouze ki vin disparèt bonè
5 Akoz sa, Mwen te taye yo an mòso
ansanm ak pwofèt yo;
Mwen te touye yo ak ✡ Jr 23:29pawòl bouch Mwen;
Epi jijman ki sou ou yo se tankou loray k ap tire.
e pa nan sakrifis, epi nan konesans Bondye a
plis ke ofrann brile.
La, yo pa t fidèl anvè Mwen.
8 Galaad se yon vil ki plen ak malfektè,
plen ak mak san.✡ Os 12:11; Os 4:2
9 Epi tankou bandi k ap tann yon moun;
Konsa, yon twoup prèt asasine moun
sou wout pou rive Sichem nan.
Asireman, se yon krim yo te fè.
10 Lakay Israël, Mwen te wè yon ✡ Jr 5:30,31 move bagay;
Pwostitisyon a Éphraïm nan twouve li la;
Israël te souye pwòp tèt li.
11 Ou menm tou, O Juda!
Gen yon ✡ Jr 51:33; So 2:7rekòlt ki deja chwazi pou ou menm,
lè Mwen retabli pèp Mwen an.