5
1 Tande bagay sa a, O prèt yo!
Prete zòrèy ou O lakay Israël!
Koute byen, O lakay wa a!
Paske jijman an se pou ou,
Paske ou te yon pèlen nan Mitspa
e yon Filè ouvri sou Thabor.✡ Os 9:8
Men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout.
3 Mwen ✡ Am 3:2konnen Éphraïm
e Israël pa kache devan M;
Paske koulye a, O! Éphraïm, ou te jwe pwostitiye;
Israël te souye tèt li.
4 Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen
jwenn Bondye yo a.
Paske, yon ✡ Os 4:12lespri pwostitisyon rete anndan yo.
Yo ✡ Os 4:6,14 pa konnen SENYÈ a.
5 Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li;
Donk, Israël ak Éphraïm tonbe nan inikite yo;
Anplis, ✡ Éz 23:31-35 Juda te tonbe avèk yo.
6 Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo
pou y al chache SENYÈ a, men yo ✡ Pwov 1:28p ap jwenn Li;
Li te ✡ Éz 8:6 retire tèt Li kite yo.
7 Yo te ✡ És 48:8aji an trèt kont SENYÈ a,
Paske yo te fè pitit ilejitim.
Koulye a nouvèl lin nan
va devore yo menm ak peyi yo.
8 ✡ Jl 2:1“Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a.
Sone alam Beth-Aven nan:
✡ Jij 5:14 N ap swiv ou, Benjamin!
9 Éphraïm va vin yon kote dezole
nan ✡ És 37:3jou repwòch la;
Pami tribi Israël yo, Mwen ✡ És 46:10deklare
sa ki va rive.
10 Prens a Juda yo te vin tankou sila ki ✡ Det 19:14deplase Bòn yo;
Sou yo, Mwen va vide tout chalè kòlè Mwen an
tankou dlo.
11 Éphraïm vin oprime,
Li vin kraze nan jijman an,
✡ Mi 6:16 Akoz li te pran desizyon pou swiv lòd moun.
12 Akoz sa, mwen vin tankou yon papiyon
twal Pou Éphraïm e tankou pouriti pou lakay Juda.✡ Sòm 39:11
13 “Lè Éphraïm te wè maladi li a
e Juda, jan li te blese a;
Alò, Éphraïm te ale kote Assyrie
e li te voye kote Wa Jareb.
Men li p ap ka geri w, ni li p ap ka fè geri
maleng ou an.✡ Os 7:11; Os 10:6
14 Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm,
E Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda.
✡ Sòm 50:22Mwen menm, Mwen va chire an mòso e Mwen va ale;
Mwen va pote ale e ✡ Mi 5:8 p ap gen moun ki pou delivre.
15 Mwen va ale retounen nan plas Mwen
jiskaske yo vin ✡ És 64:7rekonèt koupabilite yo
pou chache fas Mwen;
Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”