PWOVÈB YO
1
I Wa 4:32Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:
pou konnen sajès avèk enstriksyon,
Pou dekouvri pawòl Pwov 4:1 bon konprann yo,
Pou Pwov 2:1resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,
ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;
Pou Pwov 8:5-12avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.
Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li
e yon Pwov 14:6 nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,
Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk Nonb 12:8devinèt yo.
 
Job 28:28Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;
sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e Pwov 6:20 pa abandone leson a manman ou yo;
Anverite, yo fè yon Jen 41:42kouwòn byen bèl sou tèt ou,
ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
10 Fis mwen an, si pechè yo vin tante ou, Jen 39:7-10pa dakò.
11 Si yo di: “Vini avèk nou, annou Pwov 12:6kouche yon pyèj pou san,
annou fè anbiskad pou inosan yo san koz;
12 Annou Sòm 124:3vale yo vivan tankou Sejou mò yo,
menm an antye tankou sila k ap desann nan fòs yo.
13 Nou va jwenn tout kalite byen presye,
nou va ranpli lakay nou ak piyaj.
14 Tire osò pa ou ansanm ak nou.
Nou tout va gen yon sèl bous”—
15 Fis mwen an, Sòm 1:1pa mache nan chemen avèk yo.
Anpeche pye ou antre sou wout yo,
16 Paske Pwov 6:17-18pye yo kouri jwenn mal,
e yo fè vit pou yo vèse san.
17 Anverite, se initil pou ouvri yon filè ak pen gaye
devan nenpòt kalite zwazo;
18 men yap kouche yon pyèj pou pwòp san pa yo.
Pwov 11:19 Yo fè anbiskad pou pwòp lavi pa yo.
19 Se konsa tout chemen yo ye a pou
tout moun ki Pwov 15:27vin genyen pa mwayen vyolans.
Se pwòp lavi yo kap vin rache.
 
20  Pwov 8:1-3Sajès rele fò nan lari.
Li leve vwa li nan plas la.
21 Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò.
Nan antre pòtay lari yo,
li fè moun tande tout pawòl li yo:
22 “Jiskilè, O moun san bon konprann yo,
nou va renmen rete san konprann anyen?
Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e
moun san konprann yo rayi konesans?
23 Vire sou repwòch mwen an.
Gade byen, mwen És 32:15va vide lespri m sou nou.
Mwen va fè nou konnen pawòl mwen yo.
24 Akoz mwen te rele nou e nou te refize;
mwen te És 65:2 lonje men m, e pèsòn pa t okipe sa,
25 men nou te neglije tout konsèy mwen yo,
e nou Pwov 15:10 pa t vle tande repwòch mwen;
26 konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo.
Mwen va moke nou lè Pwov 10:24 gran laperèz la rive,
27 lè gran laperèz nou rive tankou tanpèt
e gwo dezas nou yo tankou Pwov 10:25toubiyon,
lè gwo pwoblèm ak soufrans rive sou nou.
28 Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn.
Yo va Pwov 8:17chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,
29 akoz yo te Job 21:14rayi konesans
e pa t chwazi gen lakrent SENYÈ a.
30 Yo te refize konsèy mwen.
Yo te rejte tout repwòch mwen yo.
31 Pou sa, yo va Job 4:8manje fwi a pwòp chemen yo,
e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.
32 Paske Jr 2:19 chemen kwochi a moun
san konprann yo va touye yo.
Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.
33 Men sila ki koute mwen an
va viv ansekirite,
e li va rete alèz san pè malè.”

1:1 I Wa 4:32

1:2 Pwov 4:1

1:3 Pwov 2:1

1:4 Pwov 8:5-12

1:5 Pwov 14:6

1:6 Nonb 12:8

1:7 Job 28:28

1:8 Pwov 6:20

1:9 Jen 41:42

1:10 Jen 39:7-10

1:11 Pwov 12:6

1:12 Sòm 124:3

1:15 Sòm 1:1

1:16 Pwov 6:17-18

1:18 Pwov 11:19

1:19 Pwov 15:27

1:20 Pwov 8:1-3

1:23 És 32:15

1:24 És 65:2

1:25 Pwov 15:10

1:26 Pwov 10:24

1:27 Pwov 10:25

1:28 Pwov 8:17

1:29 Job 21:14

1:31 Job 4:8

1:32 Jr 2:19