39
1 Alò, yo te pran Joseph desann an Égypte; epi Potiphar, yon ofisye Farawon, kòmandan nan gad yo, te achte li nan men ✡ Jen 37:25-28-36 Izmayelit yo, ki te fè l desann la.
2 ✡ Jen 39:3-23 SENYÈ a te avèk Joseph, li te byen reyisi. Epi li te lakay mèt li, Ejipsyen an. 3 Alò mèt li a te ✡ Jen 21:22wè ke SENYÈ a te avèk li, e ke li te ✡ Sòm 1:3fè tout sa li te antreprann byen reyisi nan men l. 4 Epi Joseph te ✡ Jen 18:3twouve favè nan zye li, e li te devni sèvitè pèsonèl li; epi li te fè li chèf an tèt tout lakay li, e ✡ Jen 24:2tout sa ke li te posede, li te mete yo sou chaj li. 5 Epi li te rive ke depi lè sa a li te fè li chèf lakay li, ak sou tout sa li te posede, ke SENYÈ a te ✡ Jen 30:27beni lakay Ejipsyen an akoz Joseph; konsa benediksyon SENYÈ a te sou tout sa li te genyen, ni nan kay la, ni nan chan an. 6 Epi li te kite tout sa li te gen sou chaj Joseph; epi akoz prezans li, li pa t okipe tèt li avèk anyen sof ke manje ke li te manje. Alò, Joseph te yon ✡ Jen 29:17bo gason, ni nan fòm li, ni nan aparans li.
7 Li te vin rive apre evènman sa yo, ke madanm li Potiphar, te gade Joseph avèk anvi, epi li te di: “✡ II Sam 13:11 Vin kouche avè m.”
8 Men ✡ Pwov 6:23-24 li te refize, e li te di a madanm mèt li a: “Mèt mwen pa menm okipe li pou anyen ki nan kay la, e li te mete tout sa li posede sou chaj mwen. 9 ✡ Jen 41:40Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?” 10 Lè li te pale avèk Joseph jou aprè jou, li pa t koute l menm pou l ta kouche avèk li, oswa pou li ta rete avè l.
11 Alò li vin rive yon jou ke li te antre nan kay la pou fè travay li, e pa t gen lòt nan ouvriye lakay yo ki te andedan kay la. 12 Li Madanm nan te kenbe li nan vètman li, e te di: “Kouche avè m!” Epi li te kite vètman li nan men l, e li te sove ale deyò.
13 Lè Madanm nan te vin wè ke li te kite vètman li nan men l, e li te kouri deyò, 14 li te rele tout gason ouvriye lakay li yo, e li te di yo: “Ou wè sa, li pote bannou yon Ebre ki pou vin fè jwèt avèk nou; li te vin antre sou mwen pou kouche avè m, e mwen te rele fò. 15 Lè li tande ke m te leve vwa m pou rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen, e li te sove ale kouri deyò.”
16 Epi li te kite vètman an akote li jiskaske mèt li te rive nan kay la. 17 Alò, li te ✡ Egz 23:1 pale avèk li ak pawòl sa yo: “Esklav Ebre ke ou te mennen bannou an, te antre kote mwen pou fè spò avè m; 18 Epi lè m te leve vwa m pou te rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen pou te sove ale deyò.” 19 Alò, lè mèt la te tande pawòl a madanm li yo, li te pale a li e te di: “Men sa esklav ou a te fè m,” ✡ Pwov 6:34 li te vin brile avèk kòlè.
20 Epi mèt Joseph la te pran li e te ✡ Jen 40:3mete li nan prizon, nan plas kote prizonye ki pou wa yo te ye a; epi li te la nan prizon an. 21 Men SENYÈ a te avèk Joseph, Li te fè li gras, e Li te ✡ Egz 3:21 fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.
22 Chèf Kasèl la te ✡ Jen 39:4fè Joseph responsab tout prizonye yo ki te nan prizon an; jiskaske nenpòt sa ki te fèt ladann, li te vin responsab. 23 Chèf Kasèl la pa t sipèvize anyen ki te anba direksyon Joseph paske ✡ Jen 39:21SENYÈ a te avèk li; epi nenpòt sa li te fè, SENYÈ a te fè l pwospere.