38
Epi li te vin rive nan lè sa a ke Judas te kite frè l yo, pou te vizite yon sèten Jos 15:35Adilamit ki te rele Hira. La, Juda te wè fi a yon sèten Kananeyen ki te rele I Kwo 2:3Schua. Li te pran li e te antre an relasyon ak li. Konsa, li te vin ansent, li te fè yon fis, e li te nonmen li Jen 46:12Er. Epi li te vin ansent ankò, li te bay yon fis, ki te nonmen Jen 46:12Onan. Li te fè toujou yon lòt fis, e li te nonmen li Nonb 26:20 Schéla. Li te nan Czib lè li te fè li.
Alò, Juda te pran yon madanm pou Er, premye ne li a, e non li te Tamar. Men Jen 46:12 Er, premye ne a Juda a te mechan nan zye a SENYÈ a e SENYÈ a te pran vi li.
Konsa, Juda te di a Onan: “ Det 25:5-6 Antre an relasyon ak madanm a frè ou a; fè devwa ou kòm bòfrè li, e fè leve yon posterite pou frè ou.” Onan te konnen ke Det 25:6posterite sa yo pa t ap pou li. Konsa, li te jete jèm li an atè pou li pa fè pitit pou frè li. 10 Men sa li te fè a pa t fè SENYÈ a plezi. Li te Jen 46:12pran vi li tou.
11 Alò Juda te di a bofi li, Tamar: “ Rt 1:12,13 Rete kòm vèv lakay papa ou jiskaske fis mwen an, Schéla fin grandi.” Paske li te reflechi: “Mwen pè pou li menm tou pa ta kapab mouri menm jan ak frè li yo.” Epi Tamar te ale viv lakay papa li.
12 Alò, apre yon tan konsiderab, fi Schua a, madanm a Juda, te mouri. Epi lè tan tristès alanmò a te fini, Juda te monte vè ouvriye ki t ap taye lenn mouton bò kote Jos 15:10-57 Thimna yo, li menm avèk zanmi li, Hira, Adilamit lan.
13 Konsa, yo te di a Tamar: “Veye byen, bòpè ou ap monte vè Jos 15:10-57 Thimna pou taye lenn mouton li yo.” 14 Alò, li te retire vètman vèv li a, li te Jen 24:65kouvri tèt li avèk yon vwal, li te vlope tèt li, e li te chita nan pòtay Énaïm nan, ki nan wout pou rive Thimna. Paske li te wè ke Shéla te fin grandi, e yo pa t vin prezante Jen 38:11-26li devan li kòm madanm.
15 Lè Juda te wè l, li te panse ke li te yon pwostitiye, paske li te kouvri figi li. 16 Konsa, li te vire bò kote li nan wout la, e li te di: “Alò, kite m antre an relasyon ak ou.” Paske li pa t konnen ke li te bèlfi li. Epi fi a te di: “Kisa w ap ban m pou ou ka antre an relasyon ak mwen?”
17 Li te di konsa: “Mwen va voye ba ou yon jèn kabrit ki sòti nan twoupo a.”
Men li te di: “Èske ou va ban m yon bagay kòm yon sèman pou jis lè ou voye l?”
18 Li te di: “Kisa pou m ta bay ou?” Epi li te di: “Ban m Jen 38:25so, kòd avèk baton ki nan men ou an.” Konsa, li te bay yo a li menm. Li te antre an relasyon ak li, e vèv la te vin ansent pa li menm. 19 Tamar te leve ale. Li te retire vwal la, e li te remete vètman a vèv yo.
20 Lè Juda te voye jèn kabrit la ak zanmi li, Adilamit lan, pou resevwa sa ke li te bay kòm sèman an, li pa t twouve li. 21 Li te mande mesye yo kote a: “Kote jennès tanp lan ki te akote wout la nan Énaïm nan?” Men yo te di li: “Pa t gen jennès tanp isit la.”
22 Li te retounen a Juda, e te di: “Mwen pa t twouve li. Anplis de sa, mesye nan zòn di ke: ‘Pa t gen yon jennès tanp nan zòn sa a.’ ”
23 Juda te di l: “Kite li pran yo pou kont li, sinon n ap vin yon betiz devan tout moun. Anfen, mwen te voye jèn kabrit sa a, men ou pa t twouve li.”
24 Alò, li te anviwon twa mwa pita ke Juda te enfòme: “Bèlfi ou Tamar te jwe wòl jennès la. Gade byen, li vin ansent nan koze sa a.”
Konsa, Juda te di: “Mete li deyò e Lev 21:9kite yo brile li.”
25 Epi pandan yo t ap mete li deyò, li te voye kote bòpè li pou di: “Mwen avèk pitit pa mesye ki se mèt a bagay sa yo.” Anplis, li te di: “ Jen 37:32Souple, fè yon ankèt pou vin aprann pou kilès so siyal sila a ye, e pou kilès kòd avèk baton sila yo ye?”
26 Juda te rekonèt yo, e te di: “ I Sam 24:17Li pi jis pase mwen, paske Jen 38:14mwen pa t bay li fis mwen an, Schéla.” Epi li pa t gen relasyon avèk li ankò.
27 Li te vin rive nan lè ke li t ap akouche a, gade byen, te gen Jen 25:24-26jimo nan vant li. 28 Anplis de sa, li te rive pandan li t ap akouche a ke youn te lonje yon men deyò, e fanm saj la te mare yon fisèl wouj sou men l. Li te di: “Se sila a ki sòti avan”. 29 Men li te vin rive ke pandan li t ap rale men l tounen, frè l la te sòti avan. Epi li te di: “A la chemen ou gen tan fè pou kont ou!” Konsa, li te nonmen li Jen 46:12Pérets. 30 Apre, frè l la te vin sòti avèk fisèl wouj mare nan men l, e li te nonmen li I Kwo 2:4Zerah.

38:1 Jos 15:35

38:2 I Kwo 2:3

38:3 Jen 46:12

38:4 Jen 46:12

38:5 Nonb 26:20

38:7 Jen 46:12

38:8 Det 25:5-6

38:9 Det 25:6

38:10 Jen 46:12

38:11 Rt 1:12,13

38:12 Jos 15:10-57

38:13 Jos 15:10-57

38:14 Jen 24:65

38:14 Jen 38:11-26

38:18 Jen 38:25

38:24 Lev 21:9

38:25 Jen 37:32

38:26 I Sam 24:17

38:26 Jen 38:14

38:27 Jen 25:24-26

38:29 Jen 46:12

38:30 I Kwo 2:4