37
Alò, Jacob te viv nan Jen 17:8peyi kote papa li te konn demere a, nan peyi Canaan an.
Sa yo se achiv a jenerasyon Jacob yo. Joseph, lè l te gen laj dis-sèt ane, li t ap okipe bann mouton an avèk frè l yo, pandan li te toujou nan jennès li, ansanm avèk Jen 35:25-26fis Bila yo, ak fis Zilpa yo, madanm a papa l yo. Epi Joseph te pote yon I Sam 2:22-24move rapò sou yo, bay papa li.
Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te Jen 44:20 fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon Jen 37:23-32 vètman plen tout koulè. Frè li yo te wè ke papa yo te renmen li plis ke tout frè li yo. Konsa, yo te Jen 27:41 vin rayi li, e yo pa t kapab pale avèk li an amitye.
Alò, Joseph Jen 28:12te fè yon rèv, e lè l te repete l bay frè l yo, konsa, yo te vin rayi li plis. Li te di yo: “Souple, koute rèv sa a ke m te fè a. Gade byen, nou t ap mare pakèt rekòlt yo nan chan an, e gade byen, pakèt pa nou yo te vin antoure pa m nan e yo te vin Jen 42:6-9 bese devan pakèt pa mwen yo.”
Alò, frè li yo te di li: “ Jen 49:26Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pawòl li yo.
Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo. Li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.”
10 Li te eksplike li bay papa li avèk frè li yo. Papa li te reprimande li e te di l: “Kisa sa ye, rèv sa ou te fè a? Èske mwen, manman ou avèk Jen 27:29frè ou yo vrèman ap vin bese atè devan ou?” 11  Trav 7:9Frè li yo te fè jalouzi akoz li, men papa li te Dan 7:28kenbe pawòl sa yo nan tèt li.
12 Epi frè li yo te ale mennen bann mouton an Sichem. 13 Israël te di Joseph: “Èske frè ou yo p ap okipe bann mouton an Jen 33:18-20 Sichem? Vini pou mwen ka voye ou bò kote yo.”
Epi li te reponn: “Mwen va ale”.
14 Alò, li te di li: “Ale koulye a pou okipe afè frè ou yo ak afè bann mouton an, e vin pote nouvèl ban mwen.” Epi li te ale nan vale Jen 13:18Hébron an e li te rive Sichem. 15 Yon mesye te twouve li, e gade byen, li t ap mache toupatou nan chan an. Konsa, mesye a te mande li: “Kisa w ap chache?”
16 Li te di: “Mwen ap chache frè m yo. Souple, fè m konnen kote yo ap fè patiraj pou bann mouton an.”
17 Alò, mesye a te di: “Yo te deplase isit la, paske mwen te tande yo di: ‘Annou ale II Wa 6:13 Dothan.’ ”
Epi Joseph te swiv frè li yo, e li te twouve yo Dothan. 18 Lè yo te wè li depi nan distans, e avan li te parèt kote yo, yo te Sòm 31:13fè konplo pou mete li a lanmò.
19 Yo te di youn ak lòt: “Men sila ki fè rèv la ap vini! 20 Alò, koulye a, annou touye li e jete li nan youn nan fòs yo, e Jen 37:32-33 nou va di: ‘yon bèt sovaj te devore li.’ Koulye a annou wè kisa rèv li yo ap devni!”
21 Men Jen 42:22Reuben te tande sa, li te retire li nan men yo, e li te di: “Annou pa pran lavi li.” 22 Reuben te di yo anplis de sa: “Pa vèse san. Jete li nan twou sila ki nan dezè a, men pa mete men sou li” —akoz lentansyon li te gen pou fè l chape nan men yo, pou l ta kapab remèt li bay papa l.
23 Alò li te rive ke lè Joseph te rive kote frè li yo, yo te retire vètman an sou li, (sa ki te gen anpil koulè ladann nan); 24 epi yo te pran li e yo te jete li nan fòs la. Alò fòs la te vid e li pa t gen dlo ladann.
25 Alò, yo te chita pou manje yon manje. Epi pandan yo te leve zye yo, yo te gade, e vwala, yon ekip Izmayelit ki t ap sòti Galaad, avèk chamo ki t ap pote yon chaj Jen 43:11 gòm awomatik, Jr 8:22 bòm avèk mè pou rive an Égypte.
26 Juda te di a frè li yo: “Ki avantaj sa ye si nou touye frè nou an, e Jen 37:20kache san li? 27  Jen 42:21Vini, annou vann li bay Izmayelit yo e annou pa mete men nou sou li, paske li se frè nou, pwòp chè nou.” Epi frè li yo te koute li.
28 Alò, kèk nan machann Madyanit yo te pase, epi frè l yo te rale li soti nan fòs la e te Jen 45:4-5vann li bay Izmayelit yo pou ven sik lajan. Konsa Jen 39:1yo te mennen Joseph antre an Égypte.
29 Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te Jen 37:34chire rad li. 30 Li te retounen vè frè li yo e te di: “ Jen 42:13-36 Ti gason an pa la non; e pou mwen menm, kibò pou m ale?”
31 Konsa, yo te Jen 37:3-23 pran vètman Joseph la, yo te kòche yon mal kabrit, e yo te tranpe vètman an nan san an. 32 Yo te voye vètman anpil koulè a pote li bay papa yo e yo te di: “Nou te twouve sa a. Souple, gade l byen e wè si se vètman a fis ou a oswa non.”
33 Li te egzamine li e te di: “Se vètman fis mwen an. Jen 37:20; Jen 44:28Yon bèt sovaj gen tan devore li. Joseph vrèman gen tan chire an mòso!”
34 Alò, Jacob te Jen 37:29chire rad li, li te mete twal sak nan ren li, e li te pase anpil jou ap lamante pou fis li a. 35 Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va Jen 25:8desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li.
36 Antretan, Madyanit yo te vann li an Égypte a Potiphar, ofisye Farawon an, chèf nan kò gad la.

37:1 Jen 17:8

37:2 Jen 35:25-26

37:2 I Sam 2:22-24

37:3 Jen 44:20

37:3 Jen 37:23-32

37:4 Jen 27:41

37:5 Jen 28:12

37:7 Jen 42:6-9

37:8 Jen 49:26

37:10 Jen 27:29

37:11 Trav 7:9

37:11 Dan 7:28

37:13 Jen 33:18-20

37:14 Jen 13:18

37:17 II Wa 6:13

37:18 Sòm 31:13

37:20 Jen 37:32-33

37:21 Jen 42:22

37:25 Jen 43:11

37:25 Jr 8:22

37:26 Jen 37:20

37:27 Jen 42:21

37:28 Jen 45:4-5

37:28 Jen 39:1

37:29 Jen 37:34

37:30 Jen 42:13-36

37:31 Jen 37:3-23

37:33 Jen 37:20; Jen 44:28

37:34 Jen 37:29

37:35 Jen 25:8