43
1 ✡ Jen 12:10Alò, gwo grangou a te rèd nan tout peyi a. 2 Epi li te vin rive ke lè yo te fin manje sereyal ke yo te achte an Égypte la, papa yo te di yo: “Ale retounen, achte yon ti manje.”
3 Men Juda te pale avèk li, e te di: “✡ Jen 43:5Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’ 4 Si ou voye frè nou an avèk nou, nou va desann achte manje. 5 Men si ou pa voye li, nou p ap desann; paske nonm nan te di nou: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’ ”
6 Alò, Israël te di: “Poukisa ou maltrete m konsa nou te di mesye a ke nou te gen yon lòt frè toujou?”
7 Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou, e li te di: ‘✡ Jen 42:13Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’ ”
8 Juda te di a papa li, Israël: “Voye jènjan an avèk mwen, nou va leve ale, pou nou kapab viv, e pa mouri, nou menm, ansanm ak ou, ak pitit ou yo. 9 ✡ Jen 42:37Mwen menm, mwen va garanti pou li; ou kapab mete m responsab li. Si mwen pa mennen l tounen bò kote ou, e fè l chita devan ou, alò, ke mwen rete koupab devan ou pou tout tan. 10 Paske si nou pa t mize, asireman kounye a nou ta gen tan retounen de fwa deja.”
11 Alò, papa yo, Israël te di yo: “Si sa oblije fèt, alò, fè l konsa: pran kèk nan pi bèl pwodwi peyi a nan sak nou, pou pote desann vè nonm nan kòm kado, yon ti ✡ Jen 37:25 lwil, yon ti siwo myèl, yon ti gòm santi bon, myrr, grenn pistach fen avèk grenn zanmann. 12 Pran doub lajan nan men nou, e anplis, pran pou remèt nan men nou ✡ Jen 42:25-35 kòb ki te retounen nan bouch sak la; petèt se te yon erè. 13 Pran frè nou an tou, e leve retounen vè mesye a; 14 Epi ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou ✡ Jen 42:24lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, ✡ Jen 42:36si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.”
15 Alò, mesye yo te pran ✡ Jen 43:11kado sila yo, e yo te pran doub lajan nan men yo avèk Benjamin; epi yo te leve desann an Égypte, e yo te kanpe devan Joseph. 16 Lè Joseph te wè Benjamin avèk yo, li te di a ✡ Jen 44:1chèf domestik lakay li a, “Mennen mesye yo nan kay la, touye yon bèt, e fè prepare l; paske mesye sa yo ap vin manje avèk mwen a midi a.”
17 Alò, nonm nan te fè sa ke Joseph te mande a, e li te mennen mesye yo lakay Joseph. 18 Alò, mesye yo te byen pè, paske yo te mennen yo lakay Joseph; e yo te di: “Se akoz lajan ki te remèt nan sak yo premye fwa a, ke yo ap mennen nou la a, pou li kapab chache okazyon kont nou, pou tonbe sou nou, e pran nou kòm esklav avèk bourik nou yo.”
19 Epi yo te vin pwoche chèf domestik la, e yo te pale ak li nan antre kay la, 20 epi yo te di: “O mèt mwen, vrèman nou te desann premye fwa a pou achte manje, 21 epi sa te fè ke lè nou te rive nan lojman nou, ke nou te louvri sak nou, e konsa, ✡ Jen 42:27-35 kòb a chak moun te nan bouch sak li, tout kòb nou nèt. Konsa, nou te retounen pote li nan men nou. 22 Nou te pote osi, lajan anplis nan men nou pou achte manje; nou pa konnen kilès ki te mete kòb nou yo nan sak nou yo.”
23 Li te di: “Rete anpè, nou pa bezwen pè. Bondye pa nou an e Bondye papa nou an te bannou trezò nan sak nou yo; mwen te resevwa kòb nou an.” Epi ✡ Jen 42:24li te mennen Siméon deyò bay yo.
24 Epi nonm nan te mennen mesye yo lakay Joseph, li te ✡ Jen 18:4bay yo dlo, e yo te lave pye pa yo; epi li te bay bourik yo manje. 25 Epi yo te prepare ✡ Jen 43:11-15 kado yo pou lè Joseph ta vin parèt a midi, paske yo te tande ke yo te gen pou manje la.
26 Lè Joseph te rive lakay li, yo te pote kado ki te nan men yo bò kote li nan kay la e yo te ✡ Jen 37:7-10 bese atè devan li. 27 Li te mande yo si tout bagay ale byen, e li te di: “✡ Jen 43:7Èske granmoun sou sila nou te pale m nan toujou vivan?”
28 Yo te di: “Sèvitè ou a, papa nou toujou byen; li toujou vivan.” ✡ Jen 37:7-10Yo te bese ba pou bay respè.
29 Lè li te leve zye li, li te wè frè li, Benjamin, fis a manman l lan, e li te di: “Èske se sila a ki ✡ Jen 42:13 pi jenn frè nou ke nou te pale m nan?” Epi li te di: “Ke Bondye kapab fè ou gras, fis mwen.” 30 Joseph te fè vit ale deyò, paske ✡ I Wa 3:26li te tèlman touche byen fon pa prezans frè li yo, e li te chache yon kote pou l ta kab kriye; epi li te antre nan chanm li an, e li te kriye la.
31 Alò, li te lave figi li, e li te vin parèt deyò; epi li te ✡ Jen 45:1kontwole tèt li, e te di: “Sèvi manje a.”
32 Epi yo te sèvi pa li menm nan yon kote pou kont li, yo menm pou kont yo, Ejipsyen yo ki t ap manje avèk li yo pou kont yo, paske yon Ejipsyen pa t kapab manje pen avèk yon Ebre, paske sa se yon abominasyon pou Ejipsyen yo. ✡ Jen 46:34
33 Alò, yo te chita devan li, ✡ Jen 42:7premye ne a, selon dwa nesans li, pi jenn nan selon jennès li, e mesye yo t ap gade youn lòt byen etone. 34 Li te pran pòsyon manje pa yo sòti nan pwòp tab li, ✡ Jen 25:34men pòsyon Benjamin an te senk fwa plis ke tout lòt yo. Epi yo te manje e bwè anpil avèk li.