45
Alò, Joseph pa t kapab kontwole emosyon li devan tout moun sa yo ki te kanpe akote li yo. Li te kriye: “Fè tout moun kite mwen.” Konsa pa t gen pèsòn avèk li Trav 7:13 lè Joseph te revele li menm a frè l yo. Jen 45:14,15Li te kriye tèlman fò ke Ejipsyen yo te tande l. Menm lakay Farawon te tande l.
Alò, Joseph te di a frè li yo: Trav 7:13 “Mwen se Joseph! Èske papa m toujou vivan?” Men frè l yo pa t kapab reponn li, paske yo te plen de gwo perèz akoz prezans li.
Alò, Joseph te di a frè li yo: “Souple, vin pi pre m.” Epi yo te vin pi pre. Li te di: “Mwen se frè nou, Joseph, ke nou te vann pou ale an Egypte la. Jen 37:28 Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske Jen 45:7-8 Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou. Paske gwo grangou a te nan peyi sa pou Jen 37:2dezane sa yo, e gen senk an toujou ki p ap gen ni raboure tè ni rekòlt. Jen 45:5Bondye te voye m devan nou pou prezève yon retay sou latè, e pou kenbe nou vivan pa yon gwo delivrans.
“Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye. Li te fè m yon Jij 17:10papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la.
“Fè vit, monte vè papa m pou Trav 7:14 di l: ‘Se konsa ke fis ou a, Joseph pale: “Bondye gen tan fè m mèt pou tout Égypte la. Fè vit, vin desann kote mwen, e pa mize.” 10 Nou va viv nan peyi Gosen an, e nou va pre mwen, nou menm avèk pitit nou yo, pitit a pitit nou yo, bann mouton nou yo, avèk twoupo nou yo, ak tout sa ke nou genyen.’ ” Jen 46:28,34 11 La, mwen va osi fè pwovizyon pou nou, paske toujou ap gen senk ane ak gwo grangou e nou menm avèk lakay nou ak tout sa nou genyen ta kapab vin megri.
12 Gade byen, zye nou wè, e zye a frè m nan Benjamin wè, ke se pwòp bouch mwen k ap pale ak nou. 13 Koulye a nou gen pou di papa m tout richès mwen gen an Égypte, ak tout sa nou te wè. Nou gen pou prese Trav 7:14 mennen papa m desann isit la.”
14 Konsa, li te tonbe nan kou a frè l, Benjamin, e li te kriye nan kou li. Jen 45:2 15 Li te bo tout frè li yo, li te kriye sou yo, e apre frè l yo te pale avèk li.
16 Alò, lè Trav 7:13 nouvèl la te tande kote lakay Farawon, ke frè Joseph yo te vini, sa te fè Farawon kontan, ni sèvitè li yo. 17 Epi Farawon te di a Joseph: “Pale a frè ou yo, ‘Men sa pou fè; chaje bèt nou pou ale nan peyi Canaan. 18 Pran papa ou avèk fanmi nou yo, e vini kote mwen, Jen 27:28mwen va bannou pi bon tè an Égypte yo, e nou va manje tout grès tè a.’ ”
19 “Koulye a mwen pase lòd: ‘Fè sa: pran Jen 45:21-27 cha ki sòti an Égypte yo pou pitit nou yo ak madanm nou yo, e mennen papa nou vini. 20 Pa okipe nou de byen nou yo, paske tout sa ki pi bon nan tout peyi Égypte la se pou nou.’ ”
21 Alò, fis Israël yo te fè sa. Epi Joseph te bay yo Jen 45:19cha yo selon kòmann Farawon an, e li te bay yo pwovizyon pou vwayaj la. 22 A yo chak, li te bay echanj abiman, men a Benjamin li te bay twa san pyès an ajan, ak II Wa 5:5; Jen 43:34senk echanj abiman. 23 A papa li, li te voye kòm swivan: dis bourik chaje avèk pi bon bagay Égypte kab pwodwi, dis bourik femèl chaje avèk sereyal ak pen, ak nouriti pou papa l nan vwayaj la. 24 Konsa, li te voye frè li yo pati, e pandan yo t ap sòti, li te di yo: “Pa goumen nan vwayaj la.”
25 Alò yo te kite Égypte monte, e yo te vini nan peyi Canaan kote papa yo, Jacob.
26 Yo te pale li, e yo te di li konsa: “Joseph toujou vivan! Vrèman, li se Gouvènè tout peyi Égypte la!” Men kè Jacob te febli. Jen 37:31-35Li pa t kwè yo. 27 Yo te di li tout pawòl ke Joseph te pale yo. Men lè li te wè Jen 45:19cha yo ke Joseph te voye pou mennen li an, lespri papa yo, Jacob, te remonte.
28 Alò, Israël te di: “Sa sifi! Fis mwen an, Joseph toujou ap viv. M ap prale wè l avan ke m mouri.”

45:1 Trav 7:13

45:2 Jen 45:14,15

45:3 Trav 7:13

45:4 Jen 37:28

45:5 Jen 45:7-8

45:6 Jen 37:2

45:7 Jen 45:5

45:8 Jij 17:10

45:9 Trav 7:14

45:10 Jen 46:28,34

45:13 Trav 7:14

45:14 Jen 45:2

45:16 Trav 7:13

45:18 Jen 27:28

45:19 Jen 45:21-27

45:21 Jen 45:19

45:22 II Wa 5:5; Jen 43:34

45:26 Jen 37:31-35

45:27 Jen 45:19