5
Alò, Luc 4:27Naaman, kapitèn lame a wa Syrie a, te yon mesye enpòtan a mèt li e li te estime anpil. Akoz li menm, SENYÈ a te bay yon viktwa pou Syrie. Anplis, mesye a te yon gèrye gran kouraj, men li te gen lalèp. Alò, Siryen yo te sòti II Wa 6:23pa ekip e yo te pran an kaptivite yon jenn tifi nan peyi Israël; epi li te sèvi madanm a Naaman an. Li te pale konsa a mètrès li a: “Mwen ta tèlman vle ke mèt mwen an te avèk pwofèt Samarie a! Konsa, li ta geri li pou l pa gen lalèp la.”
Naaman te antre kote mèt li a e te di: “Men konsa, fi ki sòti peyi Israël la te pale.”
Alò, wa Syrie a te di: “Ale koulye a e mwen va voye yon lèt kote wa Israël la.”
Li te sòti e te pran avè l dis talan ajan ak si-mil sik an lò ak dis Jij 14:12echanj vètman konplè. Li te mennen lèt la bay wa Israël la ki te di: “Epi koulye a, kòmsi lèt sa a rive bò kote ou, men vwala, mwen te voye Naaman, sèvitè mwen an kote ou, pou ou kab geri li nan afè lalèp sila a.”
Lè wa Israël la te li lèt sa a, li te chire rad li. Li te di: Jen 30:2“Èske se Bondye mwen ye, pou m kab touye e fè viv, pou nonm sa ta voye kote mwen pou geri yon mesye ki gen lalèp? Men gade byen kijan l ap chache yon kont avè m.”
Li te rive ke lè Élisée, I Wa 12:22nonm Bondye a te tande ke wa Israël la te chire rad li, li te voye kote wa a e te di: “Poukisa ou chire rad ou konsa? Koulye a, kite li vin kote mwen e li va konnen ke gen yon pwofèt an Israël.”
Konsa, Naaman te vini avèk cheval li yo ak cha li yo e te kanpe devan pòtay lakay Élisée. 10 Élisée te voye yon mesaje kote li ki te di: Jn 9:7“Ale benyen nan Jourdain an sèt fwa. Chè ou va restore a ou menm e ou va vin pwòp.”
11 Men Naaman te vin byen fache. Li te sòti e te di: “Gade byen, mwen te konnen ke asireman, li ta parèt deyò kote mwen, kanpe pou rele non SENYÈ a, Bondye li a e voye men li sou plas pou geri moun lalèp la. 12 Èske rivyè Abana avèk Parpar nan Damas yo pa pi bon ke tout flèv Israël yo? Èske mwen pa t kab lave m nan yo e vin pwòp?” Konsa, li te vire Pwov 14:17sòti byen anraje.
13 Alò, sèvitè li yo te pwoche; yo te pale avèk li e te di: II Wa 2:12“Papa mwen, si pwofèt la te di ou pou fè yon gwo bagay, èske ou pa t ap fè l. Konbyen, anplis, lè li di ou ‘Lave ou pou vin pwòp?’ ”
14 Pou sa, li te desann e te fonse kò l sèt fwa nan Jourdain an, selon pawòl a nonm Bondye a; epi II Wa 5:10chè li te restore tankou chè a yon timoun, e li te vin pwòp. 15 Lè li te retounen kote nonm Bondye a avèk tout konpanyen li e te vin kanpe devan li, li te di: “Gade byen, koulye a, Jos 2:11mwen konnen ke nanpwen lòt Dye nan tout tè a, sof ke an Israël. Pou sa, souple, I Sam 25:27aksepte yon kado nan men sèvitè ou a depi koulye a.”
16 Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, devan sila mwen kanpe a, Jen 14:22mwen p ap pran anyen.”
Konsa, li te ankouraje l pran, men li te refize. 17 Naaman te di: “Malgre, si se pa sa, souple, bay sèvitè ou a chaj de milèt Egz 20:24tè; paske sèvitè ou a p ap ofri ofrann brile ni sakrifis a lòt dye, men a SENYÈ a. 18 Nan ka sa a, ke SENYÈ a kapab padone sèvitè ou a: lè mèt mwen antre nan kay Rimmon an, pou adore la, II Wa 7:2-17 li va apiye sou men m e mwen va bese lakay Rimmon an, pou SENYÈ a kapab padone sèvitè ou a nan ka sa a.”
19 Li te di li: Egz 4:18 “Ale anpè.”
Konsa, li te pati de li a yon distans. 20 Men II Wa 4:12-36Guéhazi, sèvitè Élisée a, nonm Bondye a, te reflechi: “Men gade, mèt mwen an te konsève Naaman sila a, Siryen an, pwiske li pa resevwa nan men l sa ke li te pote a. Jan SENYÈ a viv la, mwen ap kouri dèyè l e pran yon bagay de li menm.”
21 Konsa, Guéhazi te kouri dèyè Naaman. Lè Naaman te wè yon moun vin kouri dèyè li, li te desann cha a pou rankontre li. Li te di: “Èske tout bagay byen?”
22 Li te di: “Tout bagay byen. Mèt mwen an voye mwen. Li te di: ‘Gade byen, soti koulye a, de jenn mesye ki pami fis a pwofèt yo te vin kote mwen soti nan Jos 24:33peyi ti mòn Ephraïm yo. Souple, ba yo yon talan ajan ak II Wa 5:5de echanj konplè nan vètman yo.’ ”
23 Naaman te di: “Avèk plezi, pran de talan yo.” Epi li te ankouraje li. Li te mare de talan ajan yo nan de sak avèk de echanj konplè nan rad yo, e li te bay yo a de sèvitè li yo, epi yo te pote yo devan li. 24 Lè li te rive kote ti mòn nan, li te pran yo soti nan men yo, li te Jos 7:1-21mete yo nan kay la, li te voye mesye yo ale e yo te pati. 25 Men li te antre ladann e te kanpe devan mèt li. Konsa, Elisée te di li: “Kote ou te ye Guéhazi?”
Li te reponn: II Wa 5:22“Sèvitè ou a pa t ale okenn kote non.” 26 Epi li te di l: “Èske kè m pa t sòti lè mesye a te vire kite cha li pou vin rankontre ou a? II Wa 5:16Èske sa se lè pou resevwa lajan, pou resevwa rad, chan doliv avèk chan rezen, avèk mouton ak bèf ak sèvitè avèk sèvant? 27 Pou sa, lalèp Naaman an ap kole sou ou avèk desandan ou yo jis pou tout tan.”
Konsa, li te kite prezans li kon Egz 4:6yon lèp blan tankou lanèj.

5:1 Luc 4:27

5:2 II Wa 6:23

5:5 Jij 14:12

5:7 Jen 30:2

5:8 I Wa 12:22

5:10 Jn 9:7

5:12 Pwov 14:17

5:13 II Wa 2:12

5:14 II Wa 5:10

5:15 Jos 2:11

5:15 I Sam 25:27

5:16 Jen 14:22

5:17 Egz 20:24

5:18 II Wa 7:2-17

5:19 Egz 4:18

5:20 II Wa 4:12-36

5:22 Jos 24:33

5:22 II Wa 5:5

5:24 Jos 7:1-21

5:25 II Wa 5:22

5:26 II Wa 5:16

5:27 Egz 4:6