24
Jos 23:2Josué te rasanble tout tribi Israël yo nan Sichem. Li te rele ansyen Israël yo, chèf an tèt pa yo, jij pa yo ak ofisye pa yo. Yo te prezante yo menm devan Bondye. Josué te di a tout pèp la: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Depi nan tan ansyen yo, zansèt nou yo te viv lòtbò Rivyè a. Menm Jen 11:27-32Térach, papa Abraham nan, ak papa a Nachor, te sèvi lòt dye yo. Epi Jen 12:1Mwen te pran zansèt nou an, Abraham, pou l soti lòtbò Rivyè a. Mwen te mennen li pase nan tout peyi a Canaan yo. Mwen te miltipliye desandan li yo e te bay li Isaac. Jen 25:25-26A Isaac, Mwen te bay Jacob avèk Ésaü. A Ésaü, Mwen te bay Mòn Séir pou posede l, men Jacob avèk fis li yo te desann an Égypte.
“ ‘Epi Egz 4:14-17 Mwen te voye Moïse avèk Aaron pou te toumante Égypte pa sa Mwen te fè nan mitan li yo. Epi apre, Mwen te mennen nou sòti. Mwen te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e Egz 14:2-31nou te rive bò kote lanmè a. Konsa, Égypte te kouri dèyè zansèt nou yo avèk cha ak sòlda sou cheval yo jis rive nan Lamè Wouj la. Men lè yo te kriye vè SENYÈ a, Li te mete tenèb antre nou menm avèk Ejipsyen yo. Mwen te mennen lanmè a sou yo pou te kouvri yo, epi pwòp zye pa nou te wè sa Mwen te fè an Égypte. Konsa, Det 1:45nou te viv nan dezè a pandan anpil tan.
“ ‘Alò, Nonb 21:21-32Mwen te mennen nou antre nan peyi Amoreyen ki te rete lòtbò Jourdain an. Yo te goumen avèk nou, epi Mwen te livre yo nan men nou. Nou te pran posesyon a peyi pa yo a e Mwen te detwi yo devan nou. Konsa, Nonb 22:2-6Balak, fis Tsippor a, wa Moab la, te leve pou te goumen kont Israël, e li te voye rele Balaam, fis a Beor a, pou modi nou. 10 Men Mwen Det 23:5pa t dakò koute Balaam. Konsa, li te oblije beni nou, e Mwen te delivre nou soti nan men li.
11  Jos 3:14-17“ ‘Nou te travèse Jourdain an pou te rive Jéricho, epi pèp Jéricho yo te goumen kont nou; Amoreyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo avèk Etyen yo avèk Gigazyen yo, Evyen yo ak Jebizyen yo. Konsa, Egz 23:31Mwen te livre yo nan men nou. 12 Apre, Mwen Egz 23:28te voye gèp la devan nou e li te chase fè sòti wa Amoreyen yo devan nou, men Sòm 44:3pa akoz nepe nou ni banza nou. 13  Det 6:10Mwen te bannou yon peyi pou sila nou pa t travay, vil ke nou pa t bati e nou te viv ladan yo. N ap manje nan chan rezen avèk chan doliv ke nou pa t plante.’
14 “Koulye a, pou sa, Det 10:12gen lakrent SENYÈ a e sèvi Li avèk bon kè ak verite. Mete akote dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a ak an Égypte pou sèvi SENYÈ a. 15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa Jij 6:10dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”
16 Pèp la te reponn e te di: “Se lwen de nou pou nou ta abandone SENYÈ a pou sèvi lòt dye yo; 17 paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki te mennen nou avèk zansèt nou yo monte sòti nan peyi Égypte la, soti nan kay esklavaj la, ki te fè gwo sign sila yo nan mitan nou. Se Li ki te pwoteje nou nan tout chemen kote nou pase e pami tout pèp nan mitan a sila nou te pase yo. 18 SENYÈ a te pouse fè sòti devan nou tout pèp yo, menm Amoreyen ki te viv nan peyi a. Konsa, nou osi, nou va sèvi SENYÈ a; paske se Li menm ki Dye nou.”
19 Alò, Josué te di a pèp la: “Nou p ap kapab sèvi SENYÈ a, paske Li se yon Bondye ki sen. Li se Egz 20:5yon Bondye ki jalou. Li p ap padone transgresyon nou yo oswa peche nou yo. 20  Det 4:25-26Si nou abandone SENYÈ a pou sèvi dye etranje yo; alò, Li va vire fè nou mal e vin manje nou nèt apre Li te fin fè nou byen.”
21 Pèp la te di a Josué: “Non, men nou va sèvi SENYÈ a.” 22 Josué te di a pèp la: “Nou se temwen kont pwòp tèt nou ke Sòm 119:173nou te chwazi pou kont nou SENYÈ a, pou sèvi Li.”
Yo te reponn: “Nou se temwen.”
23 “Koulye a, pou sa, mete akote dye etranje ki nan mitan nou yo e I Wa 8:57-58tounen kè nou vè SENYÈ a, Bondye Israël la.”
24  Egz 19:8Pèp la te di a Josué: “Nou va sèvi SENYÈ a, Bondye nou an e nou va obeyi vwa Li.”
25  Egz 24:8Konsa, Josué te fè yon akò avèk pèp la nan jou sa a. Li te fè pou yo yon lwa ak yon règleman nan Sichem. 26 Josué te Det 31:24ekri pawòl sila yo nan liv lalwa Bondye a; epi li te pran yon gwo wòch e te fè l kanpe la anba gwo bwadchenn ki te akote sanktyè SENYÈ a. 27 Josué te di a tout pèp la: “Gade byen, Jos 22:27-34wòch sa a va tankou yon temwen kont nou; paske li te tande tout pawòl SENYÈ a te pale nou yo. Konsa, li va tankou yon temwen kont nou, pou nou pa vin enfidèl anvè Bondye nou an.” 28 Konsa, Josué te voye tout pèp la ale. Yo chak rive nan pwòp eritaj pa yo.
29 Li te vin rive apre bagay sa yo ke Josué, fis a Nun nan, sèvitè Bondye a, te vin mouri, avèk laj san-dis ane. 30 Yo te antere li Jos 19:50nan teritwa eritaj li nan Thimnath-Sérach, ki nan peyi ti mòn Éphraïm yo, sou nò a mòn Gaasch. 31  Jij 2:6Israël te sèvi SENYÈ a pandan tout jou a Josué yo, tout jou a ansyen ki te vivan nan tan Josué yo, e yo te konnen tout zèv SENYÈ a te fè pou Israël.
32 Alò, Jen 50:24-25yo te antere zo Joseph yo, ke fis Israël yo te mennen monte soti Égypte, nan Sichem, nan mòso tè ke Jacob te achte nan men fis a Hamor yo, papa a Sichem, pou san pyès lajan an. Konsa, yo te devni eritaj a fis Joseph yo. 33 Anplis, Éléazar, fis a Aaron an te vin mouri. Yo te antere li nan Jos 22:13Guibeath-Phinées, ki te bay a fis li nan peyi ti kolin a Éphraïm yo.

24:1 Jos 23:2

24:2 Jen 11:27-32

24:3 Jen 12:1

24:4 Jen 25:25-26

24:5 Egz 4:14-17

24:6 Egz 14:2-31

24:7 Det 1:45

24:8 Nonb 21:21-32

24:9 Nonb 22:2-6

24:10 Det 23:5

24:11 Jos 3:14-17

24:11 Egz 23:31

24:12 Egz 23:28

24:12 Sòm 44:3

24:13 Det 6:10

24:14 Det 10:12

24:15 Jij 6:10

24:19 Egz 20:5

24:20 Det 4:25-26

24:22 Sòm 119:173

24:23 I Wa 8:57-58

24:24 Egz 19:8

24:25 Egz 24:8

24:26 Det 31:24

24:27 Jos 22:27-34

24:30 Jos 19:50

24:31 Jij 2:6

24:32 Jen 50:24-25

24:33 Jos 22:13