2
Alò, zanj SENYÈ a te monte soti Guilgal a Bokim. Li te di: Egz 20:2 “Mwen te mennen nou sòti an Égypte, e Mwen te mennen nou antre nan peyi ke M te sèmante a zansèt nou yo. Epi Mwen te di: Jen 17:7-8‘Mwen p ap janm kraze akò Mwen avèk nou. Konsa, pou nou menm, Egz 23:32 nou p ap fè okenn akò avèk pèp peyi sila yo. Nou va chire lotèl pa yo.’ Men nou pa t obeyi Mwen. Kisa sa ye ke nou fè la a? Pou sa, Mwen te di anplis, ‘Mwen p ap pouse yo sòti devan nou, men yo va devni tankou zepin akote nou e dye pa yo va vin yon pèlen pou nou.’ ”
Lè zanj SENYÈ a te pale pawòl sa yo a tout fis Israël yo, pèp la te leve vwa pa yo pou te kriye.
Pou sa, yo te bay plas sa non Bokim, epi la, yo te fè sakrifis bay SENYÈ a. Jos 24:28-31Lè Josué te fin fè pèp la ale, fis Israël yo te ale yo chak nan pwòp eritaj pa yo pou posede teren an. Pèp la te sèvi Josué pandan tout jou a Josué yo e tout jou a ansyen ki te sèvi Josué yo, ki te wè tout gran zèv SENYÈ a te fè pou Israël yo.
Epi Josué, fis a Nun nan, Sèvitè SENYÈ a, te mouri nan laj san-dis ane. Yo te antere li nan teritwa Jos 19:49eritaj pa li, nan Thimnath-Hérès nan peyi ti kolin Éphraïm yo, vè nò a Mòn Gaasch. 10 Tout jenerasyon sila a, osi, te vin ranmase vè zansèt pa yo. Konsa, te vin leve yon lòt jenerasyon apre yo ki Egz 5:2 pa t rekonèt SENYÈ a, ni nonplis zèv ke Li te fè pou Israël yo. 11 Alò, fis Israël yo te fè Jij 3:7-12 mal nan zye SENYÈ a, e yo te sèvi Baal yo. 12  Det 31:16Yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo sòti nan peyi Égypte la pou te swiv lòt dye yo, soti nan dye a pèp ki te antoure yo. Yo te bese yo ba devan yo. Konsa, yo te pwovoke SENYÈ a a lakòlè. 13 Yo te abandone SENYÈ a pou te Jij 10:6sèvi Baal avèk Astarté yo. 14  Det 31:17Lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te livre yo nan men a piyajè ki te piyaje yo. Li te vann yo antre nan men a lènmi ki te antoure yo pou yo pa t kab kanpe ankò devan lènmi yo. 15 Nenpòt kote ke yo te ale, men SENYÈ a te kont yo pou mal, jan SENYÈ a te pale yo a, jan Li Lev 26:14-39te sèmante a yo a. Konsa, vrèman yo te vin gen gwo pwoblem. 16  Sòm 106:43-45Alò, SENYÈ a te fè leve jij ki te livre yo soti nan men a sila ki t ap piyaje yo. 17 Malgre sa, yo pa t koute jij yo, paske yo te fè pwostitiye dèyè lòt dye yo, e te bese yo ba anvè yo. Yo te vire akote byen vit soti nan chemen an Jij 2:7nan sila zansèt yo te mache ak obeyisans lòd a SENYÈ yo. Yo pa t fè tankou yo. 18 Lè SENYÈ a te kon fè leve yon jij pou yo, Jos 1:5 SENYÈ a te avèk jij la, e te delivre pèp la nan men lènmi yo pandan tout jou yo a jij la. Konsa, SENYÈ a te vin gen pitye pou yo akoz sila ki te oprime ak aflije yo. 19 Men li te kòn rive ke nan lè jij la vin mouri, yo ta vire tounen pou aji pi konwonpi pase zansèt yo. Yo te swiv lòt dye yo pou sèvi yo, e bese ba devan yo. Yo pa t janm abandone zèv sila yo, ni chemen tèt mato yo. 20  Jij 2:14 Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te di: “Akoz nasyon sa a te transgrese akò ke Mwen te kòmande zansèt yo, e pa t koute vwa M, 21  Jos 23:4-13Mwen menm tou, Mwen va sispann chase devan yo, okenn nan nasyon ke Josué te kite la lè l te mouri yo, 22 pou pase Israël Det 8:2a leprèv pa yo menm, pou wè si yo va kenbe chemen a SENYÈ a pou mache ladann jan zansèt pa yo te fè a oswa non.” 23 Konsa SENYÈ a te pèmèt ke nasyon sa yo rete pami yo, e pa t pouse yo sòti vit. Li pa t livre yo nan men Josué.

2:1 Egz 20:2

2:1 Jen 17:7-8

2:2 Egz 23:32

2:6 Jos 24:28-31

2:9 Jos 19:49

2:10 Egz 5:2

2:11 Jij 3:7-12

2:12 Det 31:16

2:13 Jij 10:6

2:14 Det 31:17

2:15 Lev 26:14-39

2:16 Sòm 106:43-45

2:17 Jij 2:7

2:18 Jos 1:5

2:20 Jij 2:14

2:21 Jos 23:4-13

2:22 Det 8:2