23
Egz 20:16 Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen.
Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab Det 16:19 fè lajistis vin konwonpi. Egz 23:6 Ni ou p ap apiye vè yon malere pou bay li avantaj nan pwosè a.
Det 22:1-4 Si ou rankontre bèf, oswa bourik a lènmi ou k ap pati, anverite, ou va remèt li bay mèt li. Det 22:4 Si ou wè bourik a yon moun ki rayi ou, k ap kouche anba gwo chaj, ou p ap abandone li nan pwoblèm nan, men ou va ede l dechaje li.
Egz 23:2,3 Ou pa pou konwonpi lajistis ki se dwa a yon malere nan pwosè li.
Ef 4:25Rete lwen yon fo pwosè, e Egz 20:13pa touye inosan an oswa moun ki dwat la, paske Mwen p ap jistifye koupab la.
Pwov 15:27 Ou pa pou pran lajan anba tab, paske kòb anba tab ap avegle sila ki wè klè yo, e konwonpi kòz sila ki jis yo.
Lev 19:33 Ou pa pou oprime yon etranje, paske nou konnen pozisyon a yon etranje, konsi, nou osi te etrange nan peyi Égypte la.
10  Lev 25:1-7 Ou va simen tè ou pou sis ane, e rekòlte donn li, 11 men nan setyèm ane a ou va kite li san fè anyen pou l kab pran repo. Konsa, malere pami pèp nou an kapab manje, epi nenpòt sa yo menm ta kite, ap rete pou bèt chan yo. Ou ap fè menm bagay la avèk chan rezen e avèk chan oliv ou yo.
12 Pandan Egz 20:8-11 sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.
13 Alò, Det 4:9,23 konsènan tout sa ke M te pale avèk nou yo, pran atansyon pou fè yo. Konsa, pa nonmen non a lòt dye yo, ni kite yo tande pawòl sa yo sòti nan bouch nou.
14  Egz 23:17 Twa fwa pa ane nou va selebre yon fèt pou Mwen.
15 Nou va obsève Egz 12:14-20fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven an, jan Mwen te kòmande nou an, nan tan ki apwente nan mwa Abib la, paske nan li nou te sòti an Égypte.
Epi okenn moun pèsòn p ap parèt devan M men vid.
16 Osi nou va obsève Lev 23:16 fèt Mwason Premye Fwi a travay nou yo, nan sa ke nou te simen nan chan, anplis, fèt rekòlt nan fen ane a lè nou fin ranmase tout fwi travay nan jaden nou yo.
17  Egz 23:14 Twa fwa pa lane tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ Bondye a.
18  Egz 34:25 Nou pa pou ofri san a sakrifis Mwen ansanm avèk pen ledven. Ni grès fèt Mwen an pa pou pase lannwit pou rive nan maten.
19 Nou va pote pi bon nan premye fwi latè yo antre nan kay SENYÈ a, Bondye nou an. Det 14:21 Nou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.
20 “Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an. 21 Rete vijilan devan li, e obeyi vwa li. Det 9:7 Pa fè rebelyon anvè li, paske li p ap padone peche nou yo, paske non Mwen nan li.
22 “Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, Jen 12:3 Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo. 23  Egz 23:20 Paske zanj Mwen va ale devan nou pou mennen nou nan peyi Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo, Evityen yo, ak Jebisyen yo. Epi Mwen va detwi yo nèt.
24  Egz 20:5 “Nou pa pou adore dye pa yo, ni sèvi yo, ni fè selon zèv pa yo, men nou va boulvèse yo nèt e nou va kraze pilye sakre pa yo an mòso. 25 Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi Egz 15:26 Mwen va retire maladi pami nou. 26 P ap gen foskouch oswa Det 7:14 moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin ranpli fòs kantite jou ke n ap viv yo.
27 “Mwen va Jen 35:5 voye laperèz Mwen devan nou. Mwen va jete nan konfizyon tout pèp pami sila nou parèt yo, e Mwen va fè tout lènmi nou yo ban nou do. 28 Mwen va voye gèp devan nou pou yo Egz 33:2 pouse mete deyò tout Evityen yo, Kananeyen yo, ak Etyen yo devan nou. 29  Det 7:22 Mwen p ap pouse yo deyò nan yon sèl ane, pou peyi a pa vin dezole, e pou bèt chan yo pa vin twòp pou nou. 30 Mwen va pouse yo deyò devan nou Det 7:22 mòso pa mòso jiskaske nou vin gran, e posede peyi a.
31  Jen 15:18 “Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Lefrat Det 2:36paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou.
32  Egz 34:12 “Nou pa pou fè okenn akò avèk yo, ni avèk dye pa yo. 33  Det 7:1-5; Jij 2:3 Yo p ap viv nan peyi nou, paske yo va fè nou peche kont Mwen; paske si nou sèvi dye pa yo, sa va vrèman vin yon pèlen pou nou.”

23:1 Egz 20:16

23:2 Det 16:19

23:3 Egz 23:6

23:4 Det 22:1-4

23:5 Det 22:4

23:6 Egz 23:2,3

23:7 Ef 4:25

23:7 Egz 20:13

23:8 Pwov 15:27

23:9 Lev 19:33

23:10 Lev 25:1-7

23:12 Egz 20:8-11

23:13 Det 4:9,23

23:14 Egz 23:17

23:15 Egz 12:14-20

23:16 Lev 23:16

23:17 Egz 23:14

23:18 Egz 34:25

23:19 Det 14:21

23:21 Det 9:7

23:22 Jen 12:3

23:23 Egz 23:20

23:24 Egz 20:5

23:25 Egz 15:26

23:26 Det 7:14

23:27 Jen 35:5

23:28 Egz 33:2

23:29 Det 7:22

23:30 Det 7:22

23:31 Jen 15:18

23:31 Det 2:36

23:32 Egz 34:12

23:33 Det 7:1-5; Jij 2:3