34
Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Taye pou kont ou de tablèt an wòch tankou sa nou te genyen yo. Det 10:2,4 Mwen va ekri sou tablèt yo pawòl ki te sou lòt ke ou te kraze yo. Alò, prepare ou pou maten an pou monte nan Egz 19:11,18,20 Mòn Sinaï, e prezante ou menm la devan Mwen, sou tèt mòn nan. Egz 19:12,13 Nanpwen pèsòn ki pou monte avèk ou, ni pa kite pèsòn vizib nan okenn andwa sou mòn nan. Menm bann mouton yo ak twoupo yo p ap pou manje devan mòn sa a.”
Konsa, Moïse te koupe Egz 34:1 de tablèt an wòch tankou sa ki te fèt avan yo. Li te leve granmmaten pou monte sou Mòn Sinaï a, jan SENYÈ a te kòmande li a. Li te pran de tablo an wòch yo nan men l. Egz 19:9 SENYÈ a te desann nan nyaj la, e Li te kanpe la avèk li pandan li t ap rele non SENYÈ a.
Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak Jl 2:13 konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; ki Sòm 103:3 kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”
Moïse te fè vit bese ba jis atè pou adore. Egz 4:31 Li te di: “Si koulye a mwen twouve favè nan zye Ou, O Senyè a, mwen priye, kite Senyè a ale ansanm nan mitan nou, malgre pèp la se tèt di. Egz 34:7Padone inikite nou, peche nou, e Sòm 33:12pran nou kòm pwòp posesyon pa Ou.”
10 Alò, Bondye te di: “Gade byen, Det 5:2Mwen va fè yon akò. Devan tout pèp ou a Sòm 72:18Mwen va fè mirak ki pa t janm fèt nan tout tè a ni pami okenn nan nasyon yo. Epi tout pèp pami sila nou ap viv yo, va wè zèv a SENYÈ a, paske se yon bagay etonan ke Mwen va fè ak ou a.
11 “Fè sèten ke ou obsève sa ke Mwen kòmande ou nan jou sa a. Gade byen, Egz 33:2 Mwen va chase devan ou Amoreyen yo, Kananeyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evetyen yo, ak Jebisyen yo. 12  Egz 23:32,33 Veye nou, pou nou pa fè okenn akò avèk sa yo k ap viv nan peyi kote nou prale a, oswa sa va devni yo pèlen nan mitan nou.
13  Egz 23:24 “Men, olye de sa nou va dechire lotèl pa yo, kraze pilye sakre pa yo e koupe jete Asherim yo. 14 Paske Egz 20:3,5 nou pa pou adore okenn lòt dye, paske SENYÈ a, ak yon non ke yo rele Jalou, se yon Dye ki jalou.
15 “Pa fè yon akò avèk abitan yo nan peyi a, sòf ke yo ta jwe yon wòl kòm pwostitiye avèk dye pa yo, Egz 22:20 fè sakrifis a dye pa yo, e yon moun ta kab envite nou pou nou manje nan sakrifis li. 16 Epi pou Jos 23:12,13 nou ta vin pran nan fi pa yo pou fis nou yo, e fi pa yo ta kab fè pwostitiye avèk dye pa yo, e vin lakoz ke fis nou yo osi fè pwostitiye avèk dye pa yo.
17 “Nou p ap fè pou tèt nou okenn dye ki fonn.
18 “Nou va obsève Lev 23:6 fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, jan Mwen te kòmande nou an, nan lè dezinye a, nan mwa Abib la, paske nan mwa Abib la nou te sòti an Égypte.
19  Egz 13:2 “Premye pòtre ki sòti nan tout vant se pou Mwen, e nan tout bèt mal ou yo, menm premye pòtre nan bèf yo ak mouton yo. 20 Ou va ransone avèk yon jenn mouton premye pòtre a yon bourik; epi si ou pa ransone li, alò, ou va kase kou li. Ou va ransone Egz 13:15 tout premye ne nan fis nou yo. Pèsòn pa pou parèt devan M men vid. 21 Ou va travay pandan Lev 23:3 sis jou, men nan setyèm jou a ou va repoze. Menm pandan sezon laboure tè ak rekòlt la ou va repoze.
22 “Ou va selebre Egz 23:16 fèt Semèn yo. Sa vle di premye fwi ki sòti nan rekòlt ble a, ak fèt Rekòlt la, nan fen ane a. 23  Egz 23:14-17 Twa fwa pa ane tout mal nou yo va parèt devan Senyè BONDYE a, Bondye Israël la. 24 Paske Mwen va Egz 33:2 chase nasyon yo devan ou, e fè agrandi limit fwontyè ou yo. Pèsòn p ap fè lanvi sou peyi ou lè w ap monte twa fwa pa ane pou parèt devan SENYÈ a, Bondye ou a.
25  Egz 23:18“Ou p ap ofri san sakrifis Mwen yo avèk pen leve, Egz 12:10ni kite sakrifis ki pou fèt Pak la rete jis rive nan maten.
26 “Ou va pote Egz 23:19 premye nan premye fwi tè ou yo pou l antre lakay SENYÈ a, Bondye ou a.
Ou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.”
27 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: Egz 17:14 “Ekri mo sa yo. Paske an akò avèk mo sa yo, Mwen te fè yon akò avèk ou, e avèk Israël.”
28 Li te la avèk SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit. Li pa t manje pen, ni bwè dlo. Konsa, Egz 31:18li te ekri sou tablo yo avèk pawòl akò yo, Det 4:13dis kòmandman yo.
29 Lè Moïse t ap desann Mòn Sinaï a, avèk de tablo temwayaj yo nan men Moïse lè li t ap desann mòn nan, Moïse pa t konnen ke po figi li te briye akoz li t ap pale avèk Senyè a. Mat 17:2
30 Pou sa, lè Aaron avèk tout fis Israël yo te wè Moïse, byen gade, po figi li t ap briye, e II Kwo 3:7 yo te pè pwoche li.
31 Epi Moïse te rele yo avèk Aaron. Tout dirijan kongregasyon yo te retounen kote li. Konsa, Moïse te pale avèk yo. 32 Apre sa a, tout fis Israël yo te pwoche, e li te bay yo tout komandman yo ke SENYÈ a te pale ak li nan Mòn Sinaï a.
33 Lè Moïse te fin pale avèk yo, II Kwo 3:13 li te mete yon vwal sou figi li. 34 Men nenpòt lè Moïse te antre devan SENYÈ a pou pale avèk Li, II Kwo 3:16 li te retire vwal la pou jis lè li te sòti. Epi nenpòt lè li te vin sòti, li te pale avèk fis Israël yo sa ke Senyè a te kòmande yo. 35  II Kwo 3:13Fis Israël yo te wè figi Moïse, ke po figi li t ap briye. Alò, Moïse te remete vwal la sou figi li jis lè li te vin antre pou pale avèk SENYÈ a.

34:1 Det 10:2,4

34:2 Egz 19:11,18,20

34:3 Egz 19:12,13

34:4 Egz 34:1

34:5 Egz 19:9

34:6 Jl 2:13

34:7 Sòm 103:3

34:8 Egz 4:31

34:9 Egz 34:7

34:9 Sòm 33:12

34:10 Det 5:2

34:10 Sòm 72:18

34:11 Egz 33:2

34:12 Egz 23:32,33

34:13 Egz 23:24

34:14 Egz 20:3,5

34:15 Egz 22:20

34:16 Jos 23:12,13

34:18 Lev 23:6

34:19 Egz 13:2

34:20 Egz 13:15

34:21 Lev 23:3

34:22 Egz 23:16

34:23 Egz 23:14-17

34:24 Egz 33:2

34:25 Egz 23:18

34:25 Egz 12:10

34:26 Egz 23:19

34:27 Egz 17:14

34:28 Egz 31:18

34:28 Det 4:13

34:29 Mat 17:2

34:30 II Kwo 3:7

34:33 II Kwo 3:13

34:34 II Kwo 3:16

34:35 II Kwo 3:13