13
Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: Egz 13:12,13,15 Konsakre pou Mwen chak premye ne; premye ne pami fis Israël yo, ni lòm, ni bèt, se pou Mwen.”
Moïse te di a pèp la: Egz 12:42 “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje. Nan jou sa a, nan Egz 12:2 mwa Abib la, nou prepare pou nou soti. Li va fèt ke lè SENYÈ a fè nou antre nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo, Evityen yo, ak Jebisyen yo, peyi ke Li te Egz 6:8sèmante a zansèt nou yo pou bannou, yon peyi k ap koule avèk lèt ak myèl, Egz 12:25pou nou kab obsève sèvis sakre sa a nan mwa sa a.
“Pandan Egz 12:15-20 sèt jou nou va manje pen san ledven, e nan setyèm jou a va fè yon gwo fèt a SENYÈ a. “Pen san ledven an va manje pandan tout sèt jou yo; epi Egz 12:19 anyen avèk ledven p ap menm parèt pami nou. Ni nou p ap wè li pami nou nan tout fwontyè nou yo. Egz 12:14 Ou va pale fis ou a nan jou sa, e ou va di: ‘Se akoz sa ke SENYÈ a te fè pou mwen lè m te sòti an Égypte la.’ Epi Egz 12:14 sa va sèvi kòm yon sign pou ou sou men ou, e kòm yon souvni nan fon ou, pou lalwa SENYÈ a kapab nan bouch ou; paske se te avèk yon men pwisan ke SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte. 10 Pou sa nou va Egz 12:24,25 kenbe òdonans sa a nan tan ki chwazi chak ane a.
11 “Alò li va rive lè SENYÈ a mennen ou nan peyi pèp Kanaran yo, jan Jen 15:18 Li te sèmante bannou avèk zansèt nou yo, e bay ou li, 12  Egz 13:1,2 ou va konsakre a SENYÈ a premye ne nan tout vant, ak premye ne nan chak bèt ke ou posede. Mal yo se pou SENYÈ a ke yo ye. 13 Men chak premye pòtre a yon bourik, ou va bay li kòm ranson avèk yon jenn mouton. Men si ou pa bay li kòm ranson, alò, ou va kase kou li, epi Nonb 3:46 chak premye ne nan lòm pami fis ou yo ou va bay li kòm ranson.
14 “Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: Egz 13:3,9 ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la. 15 Li te rive ke lè Farawon te fè tèt di sou afè kite nou ale a, ke Egz 12:29 SENYÈ a te touye chak premye ne ki te fèt nan peyi Égypte la, ni premye ne nan lòm, ni premye ne nan bèt. Pou sa, mwen fè sakrifis a SENYÈ a, mal yo; premye pòtre a chak vant, men premye ne nan fis mwen yo, mwen ransone yo.’ 16 Alò Egz 13:9 li va sèvi kòm yon sign sou men ou e kòm yon bando bwat kwi komemoratif ki mare sou fwon tèt ou; paske avèk yon men pwisan, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.”
17 Alò, lè Farawon te kite pèp la ale, Bondye pa t Mennen yo pa wout peyi Filisten yo, malgre li te toupre. Paske Bondye te di: “ Egz 14:11,12 Pèp la kab petèt chanje lide yo lè yo wè lagè, pou yo retounen an Égypte.”
18 Pou sa, Bondye te mennen pèp la bò wout dezè a vè lanmè wouj la; epi fis Israël yo te monte Jos 1:14 byen prepare tankou yon lame pou kite peyi Égypte la.
19 Moïse te pran Jen 50:24,25 zo Joseph yo avèk li, paske li te fè fis Israël yo sèmante solanèlman e te di: “Bondye va anverite pran swen nou, e nou va pote zo mwen yo soti isit la avèk nou.”
20 Alò yo te pati depi Egz 12:37 Succoth pou te vin kanpe Étham akote dezè a.
21 SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit. 22 Li Né 9:19 pa t retire pilye nwaj la nan lajounen, ni pilye dife a nan lannwit devan pèp la.

13:2 Egz 13:12,13,15

13:3 Egz 12:42

13:4 Egz 12:2

13:5 Egz 6:8

13:5 Egz 12:25

13:6 Egz 12:15-20

13:7 Egz 12:19

13:8 Egz 12:14

13:9 Egz 12:14

13:10 Egz 12:24,25

13:11 Jen 15:18

13:12 Egz 13:1,2

13:13 Nonb 3:46

13:14 Egz 13:3,9

13:15 Egz 12:29

13:16 Egz 13:9

13:17 Egz 14:11,12

13:18 Jos 1:14

13:19 Jen 50:24,25

13:20 Egz 12:37

13:22 Né 9:19