15
Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “ Jen 21:17Pa pè, Abram, Mwen se yon Det 33:29pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”
Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?” Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki Jen 14:14fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”
Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, Gal 4:28men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”
Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e Jen 22:17kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”
Wo 4:3,20-22 Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.
Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Jn 11:31Ur a Kaldeyen yo, pou Jen 13:15-17bay ou peyi sa a pou posede li.”
Abram te di: “O Senyè BONDYE, Jij 6:36-40kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vrè?”
Alò li te di li: “Pote ban mwen yon gazèl twazan, yon femèl kabrit twzan, yon mal mouton nan twzan, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.”
10 Li te pote bay li tout sa yo, e li te koupe yo an de moso. Li te poze mwatye yo chak fasafas ak lòt, men li Lev 1:17 pa t koupe zwazo yo. 11 Zwazo ki manje vyann yo te desann sou kò bèt yo, e Abram te chase yo ale.
12 Alò, lè solèy la t ap desann, Jen 2:21yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.
13 Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke Trav 7:6 desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e Egz 1:11 va oprime pandan kat-san ane. 14 Men mwen va osi jije nasyon Egz 12:32-38 ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen. 15 Men pou ou menm, Jen 25:8ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse. 16 Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske Lev 18:24-28inikite Amoreyen yo poko fini.”
17 Li vin rive ke lè solèy la te fin desann, ke li te fènwa anpil, e gade byen, te parèt yon tòch k ap fè lafimen avèk yon flanbo te Jr 34:18-19 pase antre mòso sa yo.
18 Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan Nonb 34:1-15 larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate, 19  Egz 3:17 peyi a Kenyen yo, Kenizyen yo, Kadmonyen yo, 20 Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo, 21 Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebisyen yo.”

15:1 Jen 21:17

15:1 Det 33:29

15:3 Jen 14:14

15:4 Gal 4:28

15:5 Jen 22:17

15:6 Wo 4:3,20-22

15:7 Jn 11:31

15:7 Jen 13:15-17

15:8 Jij 6:36-40

15:10 Lev 1:17

15:12 Jen 2:21

15:13 Trav 7:6

15:13 Egz 1:11

15:14 Egz 12:32-38

15:15 Jen 25:8

15:16 Lev 18:24-28

15:17 Jr 34:18-19

15:18 Nonb 34:1-15

15:19 Egz 3:17