6
Epi fis Israël yo Jij 2:11te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te livre yo nan men a peyi Madian an pandan sèt ane. Pouvwa Madian nan te domine kont Israël. Akoz Madian, fis Israël yo te fè pou yo menm I Sam 13:6kavo ki te nan mòn ak gwòt avèk sitadèl avèk wòch. Paske se te lè Israël te fin simen ke Madyanit yo ta vin monte avèk Amalekit yo ak fis yo nan lès pou ale kont yo. Konsa, yo te fè kan kont yo, Lev 26:16detwi tout pwodwi tè a jis rive Gaza, e Det 28:31pa t kite anyen pou manje an Israël, ni mouton, bèf, ni bourik. Paske, yo te monte vin parèt avèk tout bèt yo, ak tant yo. Yo te antre an fòs kantite tankou Jij 7:12krikèt zèl volan. Kantite a yo menm avèk chamo pa yo te depase kontwòl. Yo te vin antre nan tè a pou devaste li. Konsa, Israël te Det 28:43desann ba akoz Madian, e fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a.
Koulye a, li vin rive ke lè fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a akoz Madian, ke SENYÈ a te voye yon pwofèt bay fis Israël yo. Jij 2:1-2Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Israël la ‘Se te Mwen menm ki te mennen nou monte soti an Egypte e te mennen nou sòti nan kay esklavaj la. Mwen te delivre nou soti nan men a Ejipsyen yo, ak men a tout sila ki te oprime nou yo. Mwen te chase yo devan nou, e te bannou peyi pa yo. 10 Mwen te di nou: “Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. II Wa 17:35Nou pa pou gen krent dye Amoreyen yo nan peyi kote nou rete a.” Men nou pa t koute vwa M.’ ”
11 Alò Jij 2:1zanj SENYÈ a te vin chita anba bwadchenn ki te Ophra a, ki te pou Joas, Abiezerit la. Nan lè sa a, Eb 11:32Gédéon, fis li a, t ap bat ble nan preswa diven an, pou sove li kont Madyanit yo. 12 Zanj SENYÈ a te parèt a li e te di li: “SENYÈ a avèk ou, O gèrye vanyan an”. 13 Epi Gédéon te di li: “O senyè mwen, Jij 6:1si SENYÈ a avèk nou, poukisa tout bagay sa yo vin rive nou? Epi ki kote tout mirak Li yo ke zansèt nou yo te konn pale nou yo? Konsa li te di: ‘Èske SENYÈ a pa t mennen nou sòti an Egypte?’ Men koulye a, SENYÈ a gen tan abandone nou e livre nou nan men a Madian.”
14 SENYÈ a te gade li e te di: Eb 11:32-34“Ale ak sa ki pwòp fòs ou, e delivre Israël nan men Madyanit yo. Èske se pa Mwen ki voye ou?”
15  Egz 3:11Li te di Li: “O SENYÈ, kijan mwen kapab delivre Israël? Gade byen, fanmi mwen, se pi piti a nan Jij 6:11Manassé e Mwen se pi piti a lakay papa m.”
16  Egz 3:12Men SENYÈ a te di li: “Anverite, Mwen va avèk ou e ou va genyen Madian tankou yon sèl gason.”
17 Konsa Gédéon te di Li: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye Ou; alò, montre mwen Jij 6:37 yon sign ke se Ou menm ki pale avè m. 18 Souple, pa kite isit la jiskaske mwen vin kote Ou pou pote ofrann mwen e mete l devan Ou.”
Epi Li te reponn: “M ap rete jiskaske ou tounen.”
19 Alò, Gédéon te antre anndan an. Li te Jen 18:6-8prepare yon jèn ti kabrit avèk pen san ledven avèk yon efa farin. Li te mete vyann nan nan yon panyen ak sòs li nan yon kivèt. Li te pote yo deyò kote li a, anba bwadchenn nan e li te prezante yo.
20 Zanj Bondye a te di li: “Pran vyann nan avèk pen san ledven an. Mete yo sou wòch sila e vide sòs la.”
Epi konsa li te fè. 21 Konsa, zanj SENYÈ a te lonje pwent baton li, ki te nan men li pou te touche vyann nan avèk pen san ledven an, epi Lev 9:24dife te vòltije sòti nan wòch la pou te konsome vyann nan nèt ansanm avèk pen san ledven an. Epi zanj SENYÈ a te disparèt devan zye li.
22  Jen 32:30Lè Gédéon te wè ke se te zanj SENYÈ a, li te di: “Anmwey, O Senyè Bondye! Koulye a, mwen gen tan wè zanj SENYÈ a fasafas.”
23 Senyè a te reponn li: “Lapè avèk ou, pa pè. Ou p ap mouri.”
24 Alò Gédéon te bati yon lotèl la pou SENYÈ a. Li te rele lotèl la “SENYÈ a se Lapè”. Jis rive jodi a, li toujou la Jij 8:22nan Ophra a Abizerit yo.
25 Alò, nan menm nwit lan, SENYÈ a te di li: “Pran towo papa ou avèk yon dezyèm towo a laj sèt ane. Konsa, rale desann lotèl Baal ki pou papa ou a e koupe poto Egz 34:13Astarté ki akote li a. 26 Epi bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye ou an, sou tèt fotrès sila nan yon jan ki an lòd. Epi pran yon lòt towo e ofri li avèk bwa ki te nan poto Astarat ke ou va koupe mete atè a.”
27 Alò, Gédéon te pran dis mesye nan sèvitè li yo, e li te fè jan SENYÈ a te pale li a. Epi akoz li te pè lakay papa li ak mesye lavil yo, li pa t fè l nan lajounen, men pandan lannwit.
28 Lè mesye lavil yo te leve granmmaten, vwala, lotèl Baal la te kase, epi poto Astarté ki te akote li a te koupe, e dezyèm towo te gen tan ofri sou lotèl la ki te fin bati. 29 Yo te di a youn lòt: “Se kilès ki te fè bagay sa a?”
Lè yo fè ankèt pou mande, yo te di: “Gédéon, fis a Joas la te fè bagay sa a.”
30 Alò, mesye lavil yo te di a Joas: “Mennen fis ou a sòti pou l mouri, paske li te chire lotèl Baal la e anverite, li gen tan koupe mete atè poto Astarté ki te akote li a.” 31 Men Joas te di a tout moun ki te kanpe kont li yo: “Èske nou va plede kòz a Baal yo oswa èske se nou ki pou delivre li? Sila ki plede kòz li a, va mete a lanmò avan maten. Si se yon dye ke li ye, kite li plede pou pwòp tèt li, pou kòz a moun nan ki te chire lotèl li.”
32 Pou sa, nan jou sa a, li te bay a Gédéon non Jij 7:1Jerubbaal, ki vle di, “Kite Baal plede pou kont li”, akoz li te chire lotèl li.”
33 Epi tout Madyanit avèk Amalekit yo avèk fis a lès yo te rasanble yo menm. Yo te janbe pou te fè kan an nan Jos 17:16vale Jizréel la. 34 Konsa, Jij 3:10Lespri SENYÈ a te vin sou Gédéon, epi li te soufle twonpèt la, epi Abizerit yo te rele ansanm pou swiv li. 35 Li te voye mesaje yo toupatou nan Manassé e yo tout te rasanble ansanm pou swiv li. Konsa, li te voye mesaje a Aser, Zabulon ak Nephtali pou Jij 7:3yo te vin monte, rankontre ak yo.
36 Gédéon te di a Bondye: Jij 6:14-17“Si Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a, 37 gade byen, mwen va mete yon touf len sou glasi a; si gen lawouze sèl sou touf la, e li sèch sou tout tè a, alò, mwen va konnen ke Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a.”
38 Epi se konsa sa te ye. Lè li leve granmaten e te peze touf la, li peze fè sòti nan touf la yon bòl plen dlo.
39 Alò, Gédéon te di a Bondye: Jen 18:32“Pa kite kòlè ou brile kont mwen pou m kab pale yon fwa ankò. Souple, kite mwen fè yon tès yon fwa ankò avèk touf la. Kite sa fèt, koulye a, ke se sèl touf la ki sèch e kite l gen lawouze sou tout tè a.” 40 Bondye te fè sa nan nwit lan; paske li te seche sèl touf la e lawouze te sou tout tè a.

6:1 Jij 2:11

6:2 I Sam 13:6

6:4 Lev 26:16

6:4 Det 28:31

6:5 Jij 7:12

6:6 Det 28:43

6:8 Jij 2:1-2

6:10 II Wa 17:35

6:11 Jij 2:1

6:11 Eb 11:32

6:13 Jij 6:1

6:14 Eb 11:32-34

6:15 Egz 3:11

6:15 Jij 6:11

6:16 Egz 3:12

6:17 Jij 6:37

6:19 Jen 18:6-8

6:21 Lev 9:24

6:22 Jen 32:30

6:24 Jij 8:22

6:25 Egz 34:13

6:32 Jij 7:1

6:33 Jos 17:16

6:34 Jij 3:10

6:35 Jij 7:3

6:36 Jij 6:14-17

6:39 Jen 18:32