8
Alò, mesye Éphraïm yo te di li: Jij 12:1“Kisa nou te fè ou; kòmsi ou pa rele nou pou antre nan batay avèk Madian an?” Epi yo te menase li byen rèd. Men li te di yo: “Kisa menm mwen te fè ki konpare avèk nou? Èske se pa vrè ke li pi bon pou ranmase dèyè rekòlt Éphraïm nan pase fè gwo rekòlt nan chan Abiézer a? Bondye vin mete chèf a Madian yo, Oreb avèk Zeeb nan men ou menm. Epi kisa mwen te reyisi fè ki konpare avèk nou?” Alò, chalè kòlè kont li te bese lè li te di sa a.
Konsa, Gédéon avèk twa-san lòm ki te avè l yo te rive Jij 7:25nan Jourdain an e te travèse l. Yo te byen fatige, men toujou t ap kouri dèyè yo. Li te di a mesye Jen 33:17Succoth yo: “Souple, ban mwen pen pou pèp la k ap swiv mwen an, paske yo fatige, e mwen ap kouri dèyè Zébach avèk Tsalmunna, wa a Madian yo.”
Chèf Succoth yo te di: Jij 8:15“Èske men a Zébach avèk Zalmunna deja nan men ou, pou nou ta bay pen a lame ou a?”
Gédéon te di: “Trè byen, Jij 7:15lè SENYÈ a fin mete Zébach avèk Tsalmunna nan men m, m ap vin kale nou avèk pikan dezè yo e avèk chadwon savann nan.”
Li te monte soti la nan Jen 32:31Penuel. Li te pale menm jan an avèk yo, epi mesye Penuel yo te reponn li menm jan mesye Succoth yo te reponn nan. Konsa, li te pale osi avèk mesye Penuel yo, e li te di: Jij 8:17“Lè m retounen an bon eta, m ap chire fò sa a.”
10 Alò, Zébach avèk Tsalmunna te nan Kakor, e lame yo te avèk yo, anviwon kenz-mil lòm, tout sila ki te rete nan lame a fis a lès yo nèt; Jij 6:5paske sila ki te tonbe yo se te san-ven-mil mesye ak nepe. 11 Gédéon te monte pa chemen a sila ki te rete nan tant yo sou lès a Nobach avèk Jogbeha, e te atake lame a an lè yo pa t sispèk anyen. 12 Lè Zébach avèk Tsalmunna te fin sove ale, li te swiv yo. Li te kaptire de wa a Madian yo, Zébach avèk Tsalmunna e te mete tout lame a an dewout. 13 Konsa, Gédéon, fis a Joas la te retounen soti nan batay akote pant Héres la. 14 Li te kaptire yon jenn gason ki sòti Succoth e te kesyone l. Epi li te bay li detay prens a Succot yo ak ansyen li yo, swasann-dis-sèt lòm. 15 Li te vini kote mesye Succoth yo e te di: “Gade byen, Zébach avèk Tsalmunna, pa sila nou te anmède mwen yo, lè nou te di: Jij 8:6‘Èske men a Zébach avèk Tsalmunna nan men ou deja, pou nou ta dwe bay pen a mesye ou ki fatige yo?’ ” 16 Li te pran ansyen lavil Succoth yo, e avèk pikan ak chadwon savann, li te enstwi yo. 17  Jij 8:9Li te chire fò Penuel la e te touye mesye lavil yo.
18 Alò, li te di a Zébach avèk Tsalmunna: “Ki kalite mesye sa yo ke nou te touye Thabor a?”
Epi yo te di: “Yo te sanble avèk ou. Yo tout te sanble a fis a yon wa.”
19 Li te di: “Yo se frè mwen, fis a manman m jan SENYÈ a viv la, si sèlman nou te kite yo viv, mwen pa t ap touye nou.”
20 Konsa, li te di a Jéther, premye ne li a: “Leve touye yo.” Men jennonm nan pa t rale nepe li, paske li te pè, paske li te toujou jèn.
21 Alò, Zébach avèk Tsalmunna te di: “Leve ou menm vin tonbe sou nou; paske jan yon gason ye, konsa fòs li ye.” Sòm 83:11Pou sa, Gédéon te leve e te touye Zébach avèk Tsalmunna e te pran òneman lin kaba yo ki te sou kou chamo yo.
22 Alò, mesye Israël yo te di a Gédéon: “Vin renye sou nou, ni ou menm ni fis ou yo, ni fis a fis ou yo, paske ou te delivre nou soti nan men Madian.”
23 Men Gédéon te di yo: “Mwen p ap renye sou nou, ni fis mwen p ap renye sou nou. Se I Sam 8:7SENYÈ a k ap renye sou nou.” 24 Men Gédéon te di yo: “Mwen ta fè yon demand a nou, pou nou chak ta ban mwen yon zanno soti nan piyaj li yo.” (Paske yo te gen zanno an lò, akoz se te Jen 25:13-16 Izmayelit ke yo te ye.)
25 Yo te di: “Anverite, n ap bay yo.” Konsa, yo te ouvri yon vètman e yo chak te jete yon zanno la soti nan piyaj yo. 26 Pèz a zanno lò sila ke li te mande yo se te mil-sèt-san sik, anplis bijou yo, kolye zòrèy yo, manto mov ki te pou wa Madian yo, e anplis, kolye kou chamo ki te sou kou chamo yo. 27 Gédéon te sèvi l pou fòme Egz 28:6-35yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li.
28 Konsa Madian te kraze ba devan fis Israël yo. Yo pa t leve tèt yo ankò. Epi peyi a te san twoub pandan karant ane nan jou a Gédéon yo.
29 Alò, Jij 7:1Jerubbaal, fis a Joas la te ale rete nan pwòp kay li. 30 Gédéon te gen Jij 9:2-9 swasann-dis fis ki te desandan dirèk pa li, paske li te gen anpil madanm. 31 Mennaj li ki te nan Sichem, osi te fè yon fis pou li e li te bay li non Abimélec. 32 Konsa, Gédéon, fis a Joas la te mouri a yon laj granmoun, e li te antere nan tonm a papa li, Joas, nan Ophra ki te pou Abizerit yo.
33 Li te vin rive ke depi Gédéon te fin mouri, Jij 2:11-12 fis Israël yo ankò te jwe pwostitiye avèk Baal yo e te fè Baal-Berith dye pa yo. 34 Konsa, fis Israël yo Det 4:9 pa t sonje SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te delivre yo nan men a tout lènmi pa yo tout kote. 35  Jij 9:16-18Ni yo pa t bay favè a kay Jerubbaal (sa vle di, Gédéon) an akò avèk tout byen ke li te fè pou Israël yo.

8:1 Jij 12:1

8:4 Jij 7:25

8:5 Jen 33:17

8:6 Jij 8:15

8:7 Jij 7:15

8:8 Jen 32:31

8:9 Jij 8:17

8:10 Jij 6:5

8:15 Jij 8:6

8:17 Jij 8:9

8:21 Sòm 83:11

8:23 I Sam 8:7

8:24 Jen 25:13-16

8:27 Egz 28:6-35

8:29 Jij 7:1

8:30 Jij 9:2-9

8:33 Jij 2:11-12

8:34 Det 4:9

8:35 Jij 9:16-18