33
Alò, Jacob te leve zye li. Li te gade, e gade byen, Jen 32:6 Ésaü t ap vini, ak kat-san òm avèk li. Konsa, li te divize pitit yo pami Léa avèk Rachel avèk de sèvant yo. Li te mete sèvant li yo devan, Léa avèk pitit li yo dèyè yo, e Rachel avèk Joseph an dènye. Men li menm te pran devan yo. Li te Jen 42:2bese jis atè sèt fwa, jiskaske li te rive toupre frè li a.
Ésaü te kouri al jwenn li. Li te anbrase li, te Jen 45:14-15 tonbe nan kou li e li te bo li. Konsa, yo te kriye. Li te leve zye li pou wè fanm yo, e li te di: “Se kilès? Sila yo ki avèk ou la a?”
Epi Jacob te di: “ Jen 48:9 Pitit ke Bondye nan gras li te bay sèvitè ou.”
Alò, sèvant lakay yo te vin pwoche avèk pitit pa yo, e yo te bese ba. Léa tou te apwoche avèk pitit li yo. Yo te bese ba. Apre, Joseph te vini avèk Rachel, e yo te bese ba.
Ésaü te di: “Kisa ou vle di ak tout ekip sa yo ke m rankontre la a?”
Jacob te reponn: “ Jen 32:5 Pou jwenn favè nan zye a mèt mwen.”
Men Ésaü te di: “ Jen 27:39-40 Mwen gen kont mwen, frè m; kite sa ou genyen yo rete pou ou.”
10 Jacob te di: “Non, souple, si koulye a mwen twouve favè nan zye ou, alò, pran kado a nan men m, paske mwen wè figi ou tankou yon moun ki vin wè figi a Bondye, e ou te byen resevwa m. 11 Souple, pran kado ki te pote pou ou a, Jen 30:43paske Bondye te aji avèk gras anvè mwen, e akoz sa m gen anpil:” Konsa, li te vin ankouraje l, e li te aksepte li.
12 Konsa, Esaü te di: “Annou fè vwayaj nou. Ann ale, e mwen va ale devan nou.” 13 Men Jacob te di li: “Mèt mwen, ou konnen ke timoun yo frajil, e ke bann mouton avèk twoupo k ap bay tete yo se yon tèt chaje pou mwen. Si yo pouse twòp, menm pou yon jou, yo va mouri. 14 Souple, kite mèt mwen an pase devan sèvitè li. Mwen menm mwen va avanse pi dousman, selon nesesite bèt ki devan m yo, ak selon vitès a timoun yo, jis lè m rive vè mèt mwen an nan Séir.”
15 Ésaü te di: “Souple, kite mwen ba ou kèk nan moun ki avè m yo.” Men li te di: “Poukisa ou fè sa? Rt 2:13 Kite mwen jwenn favè nan zye a mèt mwen an.” 16 Konsa, Ésaü te fè wout li pou Séir menm jou sa a. 17 Jacob te vwayaje a Jos 13:27 Succoth. Li te bati pou li menm yon kay, e li te fè pak pou tout bèt li yo, epi pou sa, yo rele plas la Succoth.
18 Alò, Jacob te rive san pwoblèm nan vil Jos 24:1Sichem nan peyi Canaan, lè li te sòti Jen 28:2Paddan-Aram. Li te fè kan an devan vil la. 19  Jos 24:32Li te achte yon mòso tè kote li te monte tant li nan men fis Hamor yo, papa Sichem nan, pou sòm a san pyès lajan. 20 Alò, la li te monte yon lotèl, e li te rele li El-Elohé-Israël.

33:1 Jen 32:6

33:3 Jen 42:2

33:4 Jen 45:14-15

33:5 Jen 48:9

33:8 Jen 32:5

33:9 Jen 27:39-40

33:11 Jen 30:43

33:15 Rt 2:13

33:17 Jos 13:27

33:18 Jos 24:1

33:18 Jen 28:2

33:19 Jos 24:32