42
1 Alò, ✡ Trav 7:12 Jacob te wè ke te gen sereyal an Égypte, e Jacob te di fis li yo: “Poukisa nou ap gade youn sou lòt konsa?” 2 Li te di: “Mwen te tande ke gen sereyal an Égypte; desann la pou achte kèk pou nou kote sa, ✡ Jen 43:8pou nou kapab viv, e pa mouri.”
3 Alò, dis frè Joseph yo te desann pou achte sereyal an Égypte. 4 Men Jacob pa t voye frè Joseph la, ✡ Jen 35:18-24 Benjamin avèk lòt frè li yo, paske li te di: “Mwen pè pou yon mal ta kab rive li.” 5 Alò, fis Israël yo te vini pou achte sereyal pami sila ki t ap vini yo, ✡ Jen 12:10paske gwo grangou a te nan peyi Canaan an tou.
6 Alò, ✡ Jen 41:41-55Joseph te an pouvwa nan peyi a; se te li menm ki te vann a tout pèp nan peyi a. Epi frè a Joseph yo te vin ✡ És 60:14bese ba devan li avèk figi yo atè. 7 Lè Joseph te wè frè li yo, li te rekonèt yo, men li te kache idantite li devan yo, e li te ✡ Jen 42:30pale rèd avèk yo. Epi li te di yo: “Kote nou sòti?” Epi yo te di: “Nan peyi Canaan, pou achte manje.”
8 Men Joseph te rekonèt frè l yo, malgre yo pa t rekonèt li.✡ Jen 37:2 9 Joseph te ✡ Jen 37:6-9sonje rèv ke li te gen sou yo a, e li te di yo: “Se espyon nou ye; nou te vin chache konnen pwen fèb nan defans a peyi nou an.”
10 Alò, yo te di li: “Non, ✡ Jen 37:8mèt mwen, men sèvitè ou yo te vin achte manje.” 11 “Nou tout se fis a yon sèl mesye; nou se ✡ Jen 42:16-34 moun onèt, sèvitè ou, e nou pa espyon.”
12 Malgre sa li te di yo: “Non, men nou te vin gade pwen fèb nan defans peyi nou an.”
13 Men yo te di: “Sèvitè ou yo se douz frè antou, fis a yon sèl mesye nan peyi Canaan; e gade byen, pi jenn nan avèk papa nou jodi a, e ✡ Jen 37:33youn pa la ankò.”
14 Joseph te di yo: “Se tankou mwen te di nou, se espyon nou ye. 15 Men se konsa nou va pase a leprèv. ✡ I Sam 17:55Pa lavi Farawon, nou p ap sòti nan plas sa a amwenske pi jenn nan vin parèt isit la! 16 Voye youn nan nou ale pou li kapab chache frè nou an, pandan n ap rete anprizone, pou pawòl nou yo kapab pase a leprèv, si gen ✡ Jen 42:11verite nan nou. Men si non, pa lavi Farawon, vrèman nou se espyon.” 17 Epi li te mete yo nan ✡ Jen 40:4-7 prizon pou twa jou.
18 Alò, Joseph te di yo nan twazyèm jou a: “Fè sa pou viv, paske ✡ Jen 39:9mwen krent Bondye: 19 Si nou se moun onèt, kite youn nan frè nou yo rete anprizone (nan prizon nou an); men pou nou lòt yo, ale pote sereyal pou grangou ki lakay nou yo, 20 epi ✡ Jen 42:34mennen pi jenn frè nou an bò kote m, pou pawòl nou yo kapab verifye, e pou nou pa mouri.” Epi konsa, yo te fè.
21 Epi yo te di youn a lòt: “✡ Jen 37:26-28Vrèman, nou koupab nan zafè frè nou an, akoz nou te wè jan nanm li te twouble lè li te plede avèk nou, men nou te refize tande; pou sa, kriz sila a vin rive sou nou.”
22 Reuben te reponn yo, e te di: “Èske mwen pa t di nou: ‘Pa peche kont tigason an;’ epi nou te refize tande? Koulye a fwi san li an vin parèt.” ✡ Jen 37:21,22 23 Men yo pa t konnen ke Joseph te konprann, paske te gen yon entèprèt antre yo, 24 Li te vire lwen yo e li te ✡ Jen 43:30 kriye. Men lè li te retounen vè yo, li te pale avèk yo; li te pran Siméon nan mitan yo, e li te mare li devan zye yo.
25 ✡ Wo 12:17-21 Epi Joseph te bay lòd pou plen sak yo avèk sereyal, remèt lajan a chak moun nan sak li, e bay yo pwovizyon pou vwayaj la. Epi se konsa ke sa te fèt pou yo. 26 Alò, yo te chaje bourik pa yo avèk sereyal yo, e yo te soti la.
27 Pandan youn nan yo te ouvri sak li pou bay bèt la manje, li te wè ✡ Jen 43:21-22 lajan pa li a, e gade byen, se la li te ye, nan bouch sak la. 28 Epi li te di a frè li yo: “Lajan mwen an remèt wi, e gade byen, li la menm nan sak mwen an.” Epi kè yo te plonje desann, yo te vire, tou ap tranble youn ak lòt, e te di: “Kisa ke Bondye gen tan fè pou nou la a?”
29 Lè yo te rive a papa yo, Jacob, nan peyi Canaan an, yo te di li tout sa ki te rive yo, e yo te di: 30 “Mesye a, mèt peyi a, te ✡ Jen 42:7pale byen di avèk nou, e li te pran nou pou espyon nan peyi a. 31 Men nou te di li: ‘Nou se ✡ Jen 42:11moun onèt; se pa espyon nou ye. 32 Nou se douz frè, fis a papa nou; youn nan nou p ap viv ankò, e pi jenn nan avèk papa nou jodi a nan peyi Canaan.’
33 “Epi nonm nan, mèt peyi a, te di nou: ✡ Jen 42:19-20‘Pa sa mwen va konnen ke nou se moun onèt: kite youn nan frè nou yo avè m, pran sereyal la pou pwoblèm grangou lakay nou yo, e ale. 34 Men, mennen pi jenn frè ou a kote mwen pou m ka konnen ke nou pa espyon, men nou se moun onèt. Mwen va bay ou frè ou a, e w ap kapab ✡ Jen 34:10fè komès nan peyi a.’ ”
35 Alò, li te rive ke lè yo t ap vide sak yo, ke gade byen, ✡ Jen 43:12-21 bous lajan chak moun te nan sak li; epi lè yo menm avèk papa yo te wè lajan an, yo te sezi. 36 Papa yo, Jacob te di yo: “Nou fin ✡ Jen 43:14fè m pèdi pitit mwen yo: Joseph pa la ankò, Siméon pa la ankò, e si nou t a pran Benjamin; tout bagay sa yo kont mwen.”
37 Alò, Reuben te pale avèk papa l e te di: “Ou kapab mete de gason mwen yo a lanmò si mwen pa mennen li retounen kote ou; mete li sou kont mwen, e mwen va fè l retounen kote ou.”
38 Men Jacob te di: “Fis mwen an p ap desann avèk nou; paske ✡ Jen 37:33-34frè li a mouri, e se li sèl ki rete. Si malè ta rive li nan vwayaj ke nou ap fè a, alò, nou va mennen tèt cheve blanch sa a vè sejou mò yo avèk tristès.”