60
 1 “Leve, briye; paske limyè ou fin parèt  
e ✡És 24:23glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.   
 2 Paske gade byen, ✡És 58:10tenèb va kouvri latè  
e pwofon tenèb tout pèp yo.  
Men SENYÈ a va vin leve sou ou,  
e glwa li va parèt sou ou.   
 3 ✡És 2:3Nasyon yo va vin kote limyè ou a,  
e wa yo nan klète lè ou leve a.   
 4 ✡És 11:12“Leve zye ou toupatou e gade;  
yo tout rasanble ansanm;  
yo vin kote ou.  
Fis ou yo va vini soti lwen,  
e fi ou yo va pote nan bra yo.   
 5 Epi ou va wè, ou va ✡Sòm 34:5plen ak limyè;  
kè ou va kontan e ou va rejwi.  
Paske abondans lanmè a va vire vè ou;  
gran richès a nasyon yo va rive kote ou.   
 6 Anpil chamo va kouvri ou,  
jenn chamo a Madian ak Épha yo.  
Tout sila soti ✡Jen 25:3Séba yo va vini.  
Yo va pote lò ak lansan,  
e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.   
 7 Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou.  
Belye a Nebajoth yo va sèvi ou;  
yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an,  
e Mwen va ✡És 60:13glorifye kay Mwen an  
ki plen lonè ak mayifisans.   
 8 ✡És 49:21“Se kilès sa yo ki vole tankou yon nwaj  
ak tankou toutrèl vè fenèt pa yo?   
 9 Anverite, peyi kot yo va tann Mwen;  
✡Sòm 48:7gwo bato Tarsis yo va vini premyèman  
pou mennen fis ou yo soti lwen;  
ajan ak lò yo avèk yo, pou non SENYÈ Bondye ou a  
e pou Sila Ki Sen an Israël la,  
akoz Li te bay ou glwa.   
 10 ✡És 14:1-2“Etranje yo va bati, fòtifye miray ou yo,  
epi wa pa yo va fè sèvis pa yo.  
Paske nan kòlè Mwen, Mwen te frape ou  
e nan gras Mwen, Mwen te fè ou mizerikòd.   
 11 ✡És 26:2Pòtay ou yo va vin louvri nèt tout tan;  
yo p ap fèmen ni lajounen, ni lannwit,  
pou yo kapab pote bay ou richès a tout nasyon yo,  
ak wa yo kon kaptif.   
 12 Paske ✡És 14:2nasyon ak wayòm ki p ap sèvi ou a va peri;  
wi, nasyon sa yo va fin detwi nèt.   
 13 “Glwa a Liban an va rive kote ou,  
bwa pichpen an, bwa sèd ak bwa blan  
pou anbeli plas sanktyè Mwen an.  
Mwen va fè ✡I Kwo 28:2plas pye Mwen yo vin plen glwa.   
 14 ✡És 14:1-2Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou  
e tout sila ki te meprize ou yo  
va bese yo menm devan pla pye ou.  
Yo va rele ou vil SENYÈ a,  
Sion a Sila Ki Sen an Israël la.   
 15 “Konsi, ou te abandone e rayi, pou pèsòn pa pase ladann,  
Mwen va fè ou ✡És 4:2vin plen ak majeste,  
yon objè lajwa de jenerasyon an jenerasyon.   
 16 Anplis, ou va souse lèt a nasyon yo,  
e ou va souse tete a wa yo.  
Konsa, ou va konnen ke Mwen, SENYÈ a,  
se ✡És 19:20Sovè ou e Redanmtè ou,  
Sila Ki Pwisan a Jacob la.   
 17 Olye bwonz, Mwen va pote lò;  
olye fè, Mwen va pote ajan;  
olye bwa, Mwen va pote bwonz  
e olye wòch, Mwen va pote fè.  
Anplis, Mwen va fè lapè vin chèf ou  
e ladwati kon konseye ou.   
 18 ✡És 54:14Vyolans p ap tande ankò nan peyi ou,  
ni devastasyon oswa destriksyon anndan lizyè ou;  
men ou va rele miray ou yo: “Sali” e pòtay ou yo: “Lwanj”.   
 19 Ou p ap sèvi ✡Rev 21:23solèy la pou limyè lajounen ankò,  
ni klate lalin nan pou ba ou limyè;  
men ou va gen SENYÈ a kon yon limyè etènèl  
e Bondye ou kon glwa ou.   
 20 ✡És 30:26Solèy ou p ap bese ankò,  
ni lalin nan p ap febli;  
paske ou va gen SENYÈ a kon limyè etènèl  
e jou ke ou kriye ak gwo doulè yo va fini.   
 21 Epi tout moun ou yo va dwat,  
Yo va ✡Sòm 37:11-22posede peyi a jis pou tout tan;  
branch ke M te plante a, zèv a men M yo,  
pou M kapab resevwa glwa.   
 22 Pi piti a va devni yon gran pèp  
e pi piti menm nan, yon nasyon pwisan.  
Mwen, SENYÈ a va fè l prese rive nan lè l.”