28
Alò, David te rasanble nan Jérusalem tout ofisye Israël yo, chèf a tribi yo, kòmandan a divizyon ki te sèvi wa yo, kòmandan a dè milye yo avèk kòmandan a dè santèn yo, sipèvizè a tout teren avèk bèt ki te apatyen a wa a, avèk fis li yo, avèk ofisye yo ak I Kwo 11:10-47mesye pwisan yo, menm tout mesye gwo kouraj yo. Epi Wa David te leve sou pye li e te di: “Koute mwen, frè m yo ak pèp mwen an! Mwen I Kwo 17:1-2te gen entansyon bati yon kay repo pou lach akò SENYÈ a e pou machpye Bondye nou an. Pou sa, mwen te fè preparasyon yo pou bati li. Men Bondye te di mwen: I Kwo 22:8‘Ou p ap bati yon kay pou non Mwen, akoz ou se yon nonm lagè, e ou te vèse san.’ Sepandan, SENYÈ a, Bondye Israël la, te I Sam 16:6-13chwazi mwen soti nan tout lakay papa m pou vin wa sou Israël I Kwo 17:23-27jis pou tout tan. Pami tout fis mwen yo, (paske SENYÈ a te ban mwen anpil fis), I Kwo 22:9-10Li te chwazi fis mwen an, Salomon pou chita sou twòn wayòm SENYÈ a sou Israël. Li te di mwen: ‘Fis ou a, II Sam 7:13-14Salomon, se li menm ki va bati kay Mwen an, ak tout lakou li yo; paske Mwen te chwazi Li pou devni yon fis pou Mwen e Mwen va yon papa pou li. Mwen va etabli wayòm li jis pou tout tan I Kwo 22:13si avèk tout kè li, li fè kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo, jan sa ap fèt koulye a.’ ”
“Pou sa, koulye a, devan zye a tout Israël, asanble SENYÈ a e nan tande a Bondye nou an, swiv e pran a kè tout kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou nou kapab posede bon peyi a e bay li a fis apre nou yo, jis pou tout tan.
“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e I Wa 8:61sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan. 10 Koulye a, reflechi byen, paske SENYÈ a te fin chwazi ou menm pou bati yon kay pou sanktiyè a. I Kwo 22:13Pran kouraj e aji.”
11 Epi David te bay a fis li Salomon, Egz 25:40plan pou fè galri tanp lan, tout chanm li yo, avèk chanm trezò li yo, chanm anlè li yo, chanm enteryè li yo, ak chanm pou twòn pwopiyatwa a; 12 epi plan a tout sa ke li te gen nan tèt li, pou lakou lakay SENYÈ a e pou tout chanm ki te antoure l yo, pou I Kwo 26:20-28chanm trezò lakay Bondye yo, e pou chanm trezò pou tout bagay konsakre yo; 13 anplis, pou I Kwo 24:1divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout travay sèvis lakay SENYÈ a e pou tout zouti sèvis lakay SENYÈ yo; 14 pou zouti an lò yo, lò pou tout zouti pou tout kalite sèvis yo, pou zouti an ajan yo, ajan pou tout zouti a tout kalite sèvis yo; 15 epi lò pou Egz 25:31-39baz chandelye an lò yo avèk lanp pa li yo; epi ajan a baz chandelye an ajan yo, avèk pwa a chak baz avèk lanp pa li yo selon sèvis a chak chandelye; 16 epi pwa a lò a pou tab pen konsakre pou chak tab la; epi ajan pou tab an ajan yo; 17 epi fouchèt yo, basen yo ak krich an lò pi yo; epi pou bòl an lò yo avèk pwa pou chak bòl; epi pou bòl an ajan avèk pwa a chak bòl; 18 epi pou Egz 30:1-10lotèl lansan an lò rafine pa pwa; epi lò pou modèl a cha a, menm cheriben ki te ouvri zèl yo pou te kouvri lach akò SENYÈ a. 19 David te di: “SENYÈ a te fè M konprann avèk men L ki te ekri pou mwen, I Kwo 28:11-12tout detay a modèl sila a.”
20 Konsa, David te di a fis li, Salomon: I Kwo 22:13“Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske ke tout lèv pou lakay SENYÈ a fini. 21 Alò, gade byen, men divizyon a prèt yo avèk Levit yo Egz 35:25-35pou tout sèvis lakay Bondye yo e tout mesye avèk kapasite yo va avèk ou nan travay la pou tout kalite sèvis yo. Anplis, ofisye yo avèk tout pèp la va disponib nèt sou lòd pa ou.”

28:1 I Kwo 11:10-47

28:2 I Kwo 17:1-2

28:3 I Kwo 22:8

28:4 I Sam 16:6-13

28:4 I Kwo 17:23-27

28:5 I Kwo 22:9-10

28:6 II Sam 7:13-14

28:7 I Kwo 22:13

28:9 I Wa 8:61

28:10 I Kwo 22:13

28:11 Egz 25:40

28:12 I Kwo 26:20-28

28:13 I Kwo 24:1

28:15 Egz 25:31-39

28:18 Egz 30:1-10

28:19 I Kwo 28:11-12

28:20 I Kwo 22:13

28:21 Egz 35:25-35