35
Alò, Moïse te reyini tout kongregasyon a fis Israël yo. Li te di yo: Egz 34:32 “Se bagay sa yo ke SENYÈ a te kòmande nou fè: Pandan sis jou nou mèt travay, men nan setyèm jou a, nou va gen yon jou sen, yon Egz 16:23repo Saba konplè a SENYÈ a. Nonb 15:32-36Nenpòt moun ki fè travay nan li va vin mete a lanmò. Egz 12:16 Nou pa pou limen dife nan okenn lojman nou nan jou Saba a.”
Moïse te pale ak tout kongregasyon fis Israël yo. Li te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande a, e te di: Egz 25:1-9 ‘Pran pami nou yon ofrann pou SENYÈ a. Nenpòt moun ki gen kè bon volonte, kite li pote kòm ofrann bay SENYÈ a: lò, ajan, ak bwonz, twal ble, mov ak wouj, twal fen blan, pwal kabrit, ak po belye fonse wouj, e po dofen avèk bwa akasya, avèk lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon an e pou lansan santi bon an, epi pyè oniks avèk pyè monti pou efòd la, e pou pyès lestomak la.
10  Egz 31:6 “ ‘Kite chak nonm ki gen kapasite pami nou vin fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo: 11  Egz 26:1-30 tabènak la, tant li ak kouvèti li, kwòk li yo, planch li yo, poto li yo, pilye li yo, ak baz reseptikal li yo; 12  Egz 25:10-22 lach la avèk poto pa li, chèz pwopyatwa a, ak rido vwal la; 13  Egz 25:23-30 tab la avèk poto pa li, tout bagay itil yo, ak pen Prezans lan; 14  Egz 25:31 chandelye a osi avèk limyè li ak lwil pou limyè a; 15 epi Egz 30:1-6lotèl lansan an ak poto pa li, lwil onksyon an avèk Egz 30:34-38lansan santi bon an, ak rido pòtay nan antre tabènak la; 16  Egz 27:1-8 lotèl ofrann brile a avèk griyaj li, poto li, ak tout bagay itil li yo, basen, avèk baz li; 17 epi Egz 27:9-18 sa k ap pann sou galeri yo, avèk pilye li yo, baz reseptikal yo, ak rido pòtay la; 18 pikèt tabènak yo avèk pikèt galeri yo, ak kòd pa yo; 19  Egz 31:10 vètman tise yo pou sèvi nan lye sen an, vètman sen yo pou Aaron, prèt la, ak vètman a fis li yo pou yo sèvi kòm prèt.’ ”
20 Konsa, tout kongregasyon a fis Israël yo te pati kite prezans Moïse.
21  Egz 25:2 Tout sa yo ki te mennen pa kè yo, tout sa yo ki te mennen pa pwòp lespri pa yo te vin pote ofrann pou zèv a tant reyinyon an, pou sèvis li, e pou vètman sen li yo.
22 Epi tout sa yo ki te mennen pa bon volonte kè yo, ni gason ni fanm, te vin pote bijou monte, bwòch, zanno, bag, braslè, avèk tout kalite bagay fèt an lò. Se konsa chak moun ki te prezante yon ofrann an lò bay SENYÈ a te fè. 23 Chak moun, ki te gen nan posesyon li twal ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan ak pwal kabrit, po belye fonse wouj, ak po dofen, te pote yo. 24 Tout moun ki te kab fè yon ofrann lò ak bwonz te pote pòsyon ofrann SENYÈ a; epi chak moun ki te posede bwa akasya pou nenpòt travay nan sèvis la te pote li.
25 Tout fanm ki te abil, te file fil pou twal avèk men yo, e te pote sa ke yo te file yo, materyo ble avèk mov, wouj, ak len byen fen. 26 Tout fanm avèk kè bon volonte, ansanm ak yon kapasite te file pwal kabrit yo.
27 Mèt dirijan yo te pote pyè bijou oniks, pyè bijou pou monte gwo efòd la ak pou pyès lestomak la; 28 epi Egz 30:23 epis avèk lwil pou limyè a, pou lwil onksyon an, e pou lansan santi bon an.
29 Izrayelit yo, tout mesye yo ni fanm ki te gen yon kè ki mennen yo pote nenpòt materyo pou èv, ke SENYÈ a pa Moïse te kòmande yo fè a, te pote yon Egz 35:21 ofrann bon volonte bay SENYÈ a.
30  Egz 31:1-6 Alò, Moïse te di a fis Israël yo: “Ou wè sa, SENYÈ a te rele Betsaléel, fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a. 31 Epi li te ranpli li avèk lespri Bondye a, nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo; 32 pou fè desen pou travay an lò ak ajan ak bwonz, 33 anplis nan koupe pyè bijou yo pou monti yo, e pou desen ki fèt an bwa ak tout kalite èv lespri moun.
34 “Li osi te dedike kè l pou enstwi ni li menm, ni Egz 31:6 Oholiab, fis a Ahisamac la nan tribi Dan nan. 35  Egz 31:3,6 Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blanc, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.”

35:1 Egz 34:32

35:2 Egz 16:23

35:2 Nonb 15:32-36

35:3 Egz 12:16

35:5 Egz 25:1-9

35:10 Egz 31:6

35:11 Egz 26:1-30

35:12 Egz 25:10-22

35:13 Egz 25:23-30

35:14 Egz 25:31

35:15 Egz 30:1-6

35:15 Egz 30:34-38

35:16 Egz 27:1-8

35:17 Egz 27:9-18

35:19 Egz 31:10

35:21 Egz 25:2

35:28 Egz 30:23

35:29 Egz 35:21

35:30 Egz 31:1-6

35:34 Egz 31:6

35:35 Egz 31:3,6