30
“Anplis, ou va fè Egz 37:25-29 yon lotèl kòm yon plas pou brile lansan. Ou va fè li avèk bwa akasya. Longè li va yon koude, e lajè li va yon koude. Li va kare, e wotè li va de koude. Kòn li yo va fèt tankou yon sèl pyès ansanm avèk li. Ou va kouvri li avèk yon kouch fen an lò; tèt li e akote li, toupatou ansanm avèk kòn li yo; epi ou va fè yon bòdi lò pou antoure li nèt. Ou va fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li. Ou va fè yo sou de fas kote, ki opoze yo, e yo va soutyen pou poto ki sèvi pou pote li yo. Ou va fè poto yo avèk bwa akasya e kouvri yo avèk lò. Ou va mete lotèl sa a pa devan vwal ki pre lach temwayaj la, devan Egz 25:21 chèz pwopyatwa a ki kouvri lach temwayaj la, kote Mwen va rankontre avèk ou a.
“Aaron va brile lansan ki santi bon sou li. Li va brile li chak maten lè l ap pran swen lanp yo. Lè Aaron ap pran swen lanp yo nan aswè, li va brile lansan. Va genyen lansan tout tan devan SENYÈ a pandan tout jenerasyon nou yo.
“Ou pa pou ofri okenn lòt lansan sou lotèl sila a, ni ofrann ki brile, ni ofrann sereyal; ni ou pa pou vide yon ofrann bwason sou li. 10 Aaron va Lev 16:18 fè ekspyasyon sou kòn li yo yon fwa pa ane. Li va fè ekspyasyon sou li avèk san ofrann peche ki pou ekspyasyon an yon fwa pa ane pandan tout jenerasyon nou yo. Li pi sen pase tout bagay bay SENYÈ a.”
11 SENYÈ a te osi pale ak Moïse. Li te di l: 12 “Lè nou fè yon Egz 38:25,26 kontwòl ofisyèl de tout fis Israël yo pou konte yo, alò, chak nan yo va bay pwòp ranson li pou nanm li bay SENYÈ a, lè n ap kontwole yo, pou pa vin genyen okenn epidemi ki rive pami yo lè n ap nimewote yo. 13 Se chak moun ki kontwole yo ki va bay: mwatye sik selon sik sanktyè a, Nonb 3:47 (yon sik se ven gera) mwatye sik kòm kontribisyon bay SENYÈ a.
14 “Tout moun ki kontwole, soti nan laj a ventan oswa plis, va bay yon kontribisyon bay SENYÈ a. 15 Rich yo p ap peye plis, ni malere yo p ap peye mwens ke mwatye sik la, lè ou bay kontribisyon SENYÈ a pou fè ekspyasyon pou nou menm.
16 “Ou va pran lajan ekspyasyon an pou fis Israël yo, e ou va bay li pou sèvis nan tant reyinyon an, pou li kapab yon souvni pou fis Israël yo devan SENYÈ a, pou fè ekspyasyon pou nou menm.”
17 “SENYÈ a te pale a Moïse Li te di l: 18 Ou va osi fè yon Egz 38:8basen lave an bwonz, avèk yon baz an bwonz, pou lave. Ou va Egz 40:30mete li antre tant reyinyon an avèk lotèl la, e ou va mete dlo ladann. 19 Aaron avèk fis li yo va Egz 40:31 lave men yo ak pye yo ladann. 20 Lè yo antre nan tant reyinyon an, yo va lave avèk dlo, jis pou yo pa mouri; oswa lè yo pwoche lotèl la pou fè sèvis, pou ofri anlè nan lafimen, yon ofran dife vè SENYÈ a. 21 Epi yo va lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Konsa, Egz 28:43 li va yon règleman k ap la pou toujou, pou Aaron avèk desandan li yo pami tout jenerasyon yo.”
22 Anplis, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 23 “Pran anplis pou ou menm pi bon epis yo: nan mi k ap koule, senk san sik, nan kannèl santi bon an, mwatye sa, de-san-senkant, e nan wozo awomatik, de-san-senkant, 24 epi nan kasya, senk-san, selon sik sanktyè a, e nan lwil doliv la, yon in nan lwil doliv la. 25 Ou va fè sila yo tankou yon lwil sen pou onksyone, yon melanj pafen, zèv a yon mèt melanj pafen; se va Egz 37:29 yon lwil sen pou onksyone.”
26 “Avèk li Egz 40:9 ou va onksyone tant reyinyon an ak lach temwayaj la, 27 tab la avèk tout bagay itil li yo, lanp bouji a avèk bagay itil li yo, ak lotèl lansan an, 28 lotèl ofrann brile a avèk tout bagay itil li yo, basen lave a, avèk baz li.
29 “Ou va osi konsakre yo, pou yo kapab vin sen pase tout bagay. Nenpòt moun ki touche yo dwe sen. 30  Egz 29:7 Ou va vide lwil sou Aaron avèk fis li yo, e ou va konsakre yo, pou yo kapab sèvi pou Mwen kòm prèt.”
31 Ou va pale avèk fis Israël yo. Ou va di: “Sa va yon lwil ki sen a Mwen pandan tout jenerasyon nou yo. 32 Li pa pou vide sou kò a okenn moun, ni ou pa pou fè okenn bagay ki sanblab ak li nan menm mezi melanj lan. Egz 30:25,37 Li sen, e li va sen pou ou menm. 33  Egz 28:43 Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”
34 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pran pou ou menm epis yo, safetida, zong santi bon, galbanòm, avèk lansan pi, yo chak nan menm kantite. 35 Avèk li ou va fè lansan, yon pafen, zèv a yon mèt melanj pafen, avèk disèl, ki pi, e ki sen. 36 Ou va bat kèk nan li byen fen, e ou va mete yon pati ladann devan temwayaj la nan tant reyinyon an, Egz 29:42 kote Mwen va rankontre avèk ou a. Li va yon choz pou nou, ki sen pase tout choz.”
37 “Lansan sa a, Egz 30:32 nou pa pou fè li nan menm mezi pou sèvis pèsonèl nou; li va sen a nou pou SENYÈ a. 38  Egz 30:33 Nenpòt moun ki ta fè parèy li pou sèvi kòm pafen va koupe retire pami pèp li yo.”

30:1 Egz 37:25-29

30:6 Egz 25:21

30:10 Lev 16:18

30:12 Egz 38:25,26

30:13 Nonb 3:47

30:18 Egz 38:8

30:18 Egz 40:30

30:19 Egz 40:31

30:21 Egz 28:43

30:25 Egz 37:29

30:26 Egz 40:9

30:30 Egz 29:7

30:32 Egz 30:25,37

30:33 Egz 28:43

30:36 Egz 29:42

30:37 Egz 30:32

30:38 Egz 30:33