37
Egz 25:10-20 Alò Betsaléel te fè lach la an bwa akasya. Longè li se te de koude edmi, e lajè li se te yon koude edmi. Li te kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò, e li te fè yon bòdi an lò pou antoure l. Li te fonde kat wondèl yo an lò sou kat pye li yo; de wondèl menm sou yon bò, e de wondèl sou lòt bò li. Li te fè poto yo an bwa akasya, e li te kouvri yo avèk yon kouch lò. Li te pase poto yo nan wondèl yo ki te tache sou kote lach la pou pote li.
Li te fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi; de koude edmi nan longè, e yon koude edmi nan lajè. Li te fè de cheriben yo avèk lò. Li te fè yo nan de pwent a chèz pwopyatwa yo; yon cheriben nan yon pwent, e yon cheriben nan lòt pwent lan. Li te fè cheriben yo kòm yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a nan de pwent yo. Cheriben yo te gen zèl yo ouvri pa anlè, e yo te kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, avèk figi pa yo youn anvè lòt. Figi Cheriben yo te anvè chèz pwopyatwa a.
10  Egz 25:23-29 Alò, li te fè tab la avèk bwa akasya. Longè li te de koude, lajè li te yon koude, e yon koude edmi nan wòte. 11 Li te kouvri avèk yon kouch lò, e li te fè yon bòdi an lò toutotou li. 12 Li te fè yon rebò pou li, lajè a yon epann (yon men byen ouvri), ki antoure l nèt, e li te fè yon bòdi lò ki te antoure tab la. 13 Li te fonde kat wondèl an lò pou li tab la, e li te mete wondèl yo nan kat kwen ki te sou kat pye li yo. 14 Byen pre rebò a se te wondèl yo, soutyen pou poto yo pou pote tab la.
15 Li te fè poto yo avèk bwa akasya. Li te kouvri yo avèk yon kouch lò, pou pote tab la. 16 Li te fè bagay itil yo ki te sou tab la, asyèt avèk kiyè, bòl, ak krich yo pou vide ofrann bwason yo avèk lò pi a.
17  Egz 25:31-39 Epi li te fè chandelye a avèk lò pi. Li te fè chandelye a, avèk lò ki bat. Baz ak tij li, tas li yo, boujon avèk flè yo te fèt nan yon sèl pyès, ansanm avèk li. 18 Te gen sis branch ki te sòti bò kote li yo; twa branch chandelye yo nan yon bò li, e twa branch chandelye nan lòt bò li; 19 twa tas fòme tankou flè zanmann, yon boujon, yon flè nan yon branch, ak twa tas ki fòme tankou flè zanmann nan lòt tij, yon boujon avèk yon flè—menm jan an nan sis branch ki sòti nan chandelye yo.
20 Nan chandelye a te gen kat tas ki fòme tankou flè zanmann, boujon li yo, ak flè li yo; 21 epi yon boujon te anba premye pè branch li yo ki sòti nan li, e yon boujon anba dezyèm pè branch li yo ki sòti nan li, jis pou sis branch yo ki sòti nan chandelye a. 22 Boujon yo, ak branch yo te yon sèl pyès avèk li; se te yon sèl pyès an lò ki bat.
23 Li te fè sèt lanp li yo avèk etoufè yo, ak vaz pou sann yo avèk lò pi. 24 Li te fè li e tout bagay itil li yo avèk yon talan (swasann kenz liv) lò pi.
25  Egz 30:1-5 Epi li te fè lotèl lansan an avèk bwa akasya: yon koude nan longè, yon koude nan lajè, kare, ak de koude nan wotè. Kòn li te yon sèl pyès avèk li. 26 Li te kouvri li nèt avèk lò pi, tèt li e tout kote li yo, tou antoure, ak kòn li yo. Konsa, li te fè yon bòdi lò antoure li nèt. 27 Li te fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li, sou de kote ki opoze yo kòm soutyen pou poto ki t ap pote l yo. 28 Li te fè poto yo an bwa akasya e li te kouvri yo avèk yon kouch lò.
29  Egz 30:23-35 Epi li te fè lwil sen pou onksyone a, ak lansan santi bon an avèk epis yo, èv a yon mèt ouvriye ki konn fè melanj pafen.

37:1 Egz 25:10-20

37:10 Egz 25:23-29

37:17 Egz 25:31-39

37:25 Egz 30:1-5

37:29 Egz 30:23-35