25
Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: Egz 35:4-9 “Pale fis Israël yo pou yo rasanble yon ofrann pou Mwen. Soti nan chak òm ki gen bon kè ou va resevwa yon ofrann.
“Sa se ofrann ke nou va rekeyi nan men yo: lò, lajan, ak bwonz, Egz 28:5,6,8 Twal nan koulè ble, mov, ak wouj, avèk twal fen blan, pwal kabrit, po belye fonse wouj, po dofen bwa akasya, lwil pou limyè, Egz 30:23 epis pou lwil onksyon, e pou lansan santi bon pyè oniks ak pyè baz bijou pou Egz 28:4,6-14 efòd la, e pou pyès vètman lestomak la.
“Kite yo Egz 36:1-5 konstwi yon sanktyè pou Mwen, pou Mwen kapab rete pami yo. Trav 7:44 Selon tout sa ke M gen pou montre nou, kòm modèl tabènak la, ak patwon tout mèb li yo, se konsa ojis ke nou va konstwi li.
10  Det 10:3 “Yo va konstwi yon lach avèk bwa akasya, de koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè, ak yon koude edmi nan wotè. 11 Ou va Eb 9:4 kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò. Fè yon kouch lò pou kouvri li nèt, e fè yon woulèt lò pou antoure li. 12 Ou va fonde kat gwo wondèl pou li, e tache yo nan kat pye li yo, epi de wondèl va yon kote, e de wondèl yon lòt kote.
13 “Ou va fè poto ak bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò. 14 Ou va mete poto yo pase anndan wondèl yo sou kote lach la, e pote lach la avèk yo. 15  I Wa 8:8 Poto yo va rete nan wondèl lach yo. Yo p ap retire sou li. 16 Ou va I Wa 8:9 mete nan lach la temwayaj ke Mwen va bay ou a.
17 “Ou va fè yon Egz 37:6 chèz pwopyatwa avèk lò pi, de koude edmi nan longè, ak yon koude edmi nan lajè. 18 Ou va fè de cheriben an lò, fè yo tankou yon zèv an lò ki bat avèk zouti nan de bout a chèz pwopyatwa a. 19 Fè yon cheriben nan yon pwent, e youn lòt nan lòt pwent lan. Ou va fè cheriben yo tankou yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a, nan de pwent li. 20  I Kwo 28:18 Cheriben yo va gen zèl yo k ap ouvri pa anlè. Yo va kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, epi figi a youn ap vire vè lòt. Konsa, fas toude cheriben yo ap gade vè chèz pwopyatwa a.
21  Egz 26:34 “Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach la, e nan lach la ou va mete temwayaj ke Mwen va bay ou a. 22 La Mwen va rakontre avèk ou, epi soti anwo chèz pwopyatwa a, nan Sòm 80:1 antre de cheriben yo ki sou lach temwayaj la, Mwen va pale avèk ou selon tout sa ke Mwen va ba ou nan kòmandman pou fis Israël yo.
23  Egz 37:10-16 “Ou va fè yon tab avèk bwa akasya, de koude nan longè, yon koude nan lajè e yon koude edmi nan wotè. 24 Ou va kouvri li avèk yon kouch lò pi, e antoure li avèk yon Egz 25:11 woulèt fèt an lò. 25 Ou va fè yon rebò lajè kat dwat pou antoure li, e ou va fè yon bòdi pou rebò ki antoure li a.
26 “Ou va fè kat wondèl an lò pou li, e mete wondèl yo sou kat kwen ki sou kat pye li yo. 27 Wondèl yo va toupre rebò a kòm soutyen k ap resevwa poto k ap pote tab la. 28 Ou va fè poto yo avèk bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò, dekwa ke pa yo menm, tab la kapab pote.
29 “Ou va fè Egz 37:16 asyèt, kiyè yo, louch ak chodyè yo, avèk bòl li yo k ap sèvi pou vide ofrann yo. Ou va fè yo avèk lò pi.
30 “Ou va mete Egz 39:36 pen Prezans lan sou tab la devan Mwen pou li la tout lè.
31  Egz 37:17-24 “Alò, ou va fè yon chandelye avèk lò pi. Chandelye a avèk baz ak pyè li yo gen pou fòme avèk lò ki bat. Tas li yo, boujon li yo, avèk flè li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li.
32  Egz 37:18 “Sis branch yo va soti sou kote li yo; twa branch chandelye a nan yon bò, e twa branch chandelye a nan lòtbò a. 33  Egz 37:19 Twa tas yo va fòme tankou flè zanmann sou yon branch, yon boujon, yon flè, e twa tas yo fòme tankou flè zanmann sou lòt branch lan, yon boujon avèk yon flè—konsa pou sis branch yo sòti nan chandelye a; 34 Epi Egz 37:20 nan chandelye a, kat tas ki fòme tankou flè zanmann yo, avèk boujon ak flè li. 35  Egz 37:21 Yon boujon va vin mete anba premye pè branch ki sòti nan li yo, e yon boujon anba dezyèm pè branch ki sòti nan li yo, pou tout sis branch k ap sòti nan chandelye yo. 36  Egz 37:22 Boujon pa yo avèk branch pa yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li. Yo tout va fòme yon èv nan yon sèl pyès, fòme avèk mato ak lò pi.
37 “Alò, ou va fè sèt lanp e Nonb 8:2 yo va monte yo nan yon sans k ap voye limyè sou espas ki devan li an. 38 Etoufè yo avèk asyèt pa yo va fèt avèk lò pi. 39 Li va fèt avèk yon talan swasann-kenz liv lò avèk tout bagay itil sa yo.
40  Eb 5:8 “Veye pou nou fè yo selon patwon ki pou yo a, ki te montre a ou nan mòn nan.”

25:2 Egz 35:4-9

25:4 Egz 28:5,6,8

25:6 Egz 30:23

25:7 Egz 28:4,6-14

25:8 Egz 36:1-5

25:9 Trav 7:44

25:10 Det 10:3

25:11 Eb 9:4

25:15 I Wa 8:8

25:16 I Wa 8:9

25:17 Egz 37:6

25:20 I Kwo 28:18

25:21 Egz 26:34

25:22 Sòm 80:1

25:23 Egz 37:10-16

25:24 Egz 25:11

25:29 Egz 37:16

25:30 Egz 39:36

25:31 Egz 37:17-24

25:32 Egz 37:18

25:33 Egz 37:19

25:34 Egz 37:20

25:35 Egz 37:21

25:36 Egz 37:22

25:37 Nonb 8:2

25:40 Eb 5:8