39
Anplis, avèk materyo ble, mov, e wouj, yo te fè vètman Egz 31:10 tise byen fen pou fè sèvis nan lye sen an, menm jan avèk vètman sen ki te pou Aaron yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Egz 31:10 Li te fè efòd la avèk lò, epi nan materyo ble, mov, e wouj avèk twal fen blan. Alò, yo te bat mòso plat an lò yo, yo te koupe yo fè fil fen pou trese nan materyo ble a, mov la, wouj la e twal fen blan an, èv a yon mèt ouvriye. Yo te fè pyès zepòl yo pou atache nan efòd la; li te tache nan de pwent anwo li yo. Bann ki te sou li a, ki te tise byen fen, te fèt menm jan tankou li avèk menm materyo yo: an lò avèk ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde, jis jan ke Bondye te kòmande Moïse la.
Egz 28:9-11 Yo te fè pyè oniks yo, plase nan monti desine byen fen yo; yo te grave tankou gravi a yon so, selon non a fis Israël yo. Konsa, Egz 28:12 li te plase yo sou pyès zepòl nan efòd la, tankou pyè pou sonje fis a Israël yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Egz 28:15-28 Li te fè pyès lestomak la, zèv a yon mèt ouvriye, tankou travay la fèt nan efòd la: avèk materyo an lò, an ble, an mov, e an wouj avèk twal fen blan byen tòde. Li te kare. Yo te fè pyès lestomak la plwaye doub, longè a yon epann, e yon epann nan lajè lè li plwaye doub. 10 Yo te monte kat ranje pyè presye sou li. Premye ranje a te yon ranje avèk woubi, topaz, avèk emwod. 11 Nan dezyèm ranje a te gen yon tikwaz, yon safi, ak yon dyaman; 12 epi nan twazyèm ranje a yon jasent, yon agat, ak yon ametis; 13 epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp. Yo te plase yo nan monti lò byen fen lè yo te monte. 14 Pyè presye yo te koresponn ak non a fis Israël yo. Yo te douz, e yo te koresponn a non yo, grave avèk gravi a yon so, yo chak avèk non yo pou douz tribi yo.
15 Yo te fèt sou chenn pyès lestomak la tankou kòd ki te kòd tòde yo, lèv ki fèt an lò pi. 16 Yo te fè de monti yo byen fen an lò ak de wondèl lò yo, epi te plase wondèl yo nan de pwent pyès lestomak la. 17 Alò yo te mete de kòd lò yo nan de monti de wondèl lò yo nan pwent ki pou pyès lestomak la. 18 Yo te mete lòt de pwent yo nan de kòd yo avèk de monti yo fèt byen fen, e yo te mete yo sou pyès zepòl yo nan efòd la pa devan li. 19 Yo te fè de wondèl yo an lò e yo te plase yo nan de pwent nan pyès lestomak la sou kote pa anndan ki toupre efòd la. 20 Anplis, yo te fè de wondèl lò yo e yo te plase yo nan pati anba pyès zepòl yo nan efòd la, pa devan li, toupre plas ke li te jwenn nan, anlè bann tise nan efòd la. 21 Yo te mare pyès lestomak la avèk wondèl li yo ak wondèl ki te pou efòd la avèk kòd ble, pou li te sou bann tise a nan efòd la, e pou pyès lestomak la pa t vin lage nan efòd la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
22  Egz 28:31,34 Alò li te fè abiman efòd la tankou yon èv tise, tout an ble; 23  Egz 28:32 epi ouvèti abiman an te anwo nan mitan, tankou ouvèti ki nan yon pwotèj lagè avèk yon woulèt ki antoure l pou l pa vin chire. 24 Yo te fè grenad avèk materyo ble, mov, wouj ak twal fen blan byen tòde nan woulèt abiman an. 25 Yo te osi fè klòch avèk lò pi, e yo te plase klòch yo antre grenad yo toutotou woulèt abiman an, 26 ki te toujou youn aprè lòt, yon klòch, ak yon grenad toutotou sou woulèt abiman sèvis la, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
27  Egz 28:39,40,42 Yo te fè tinik ki te tise an twal fen blan an pou Aaron, ak fis li yo, 28 epi tiban avèk len fen an ak chapo an twal fen blan yo, e pantalon an twal fen blan byen tòde yo, 29 epi sentiwon avèk twal fen blan an ak materyo ble, mov, e wouj, travay a yon tiseran, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
30  Egz 28:36,37 Yo te fè plak pou kouwòn sen an avèk lò pi, e yo te enskri nan li tankou gravè a yon so: “Sen a SENYÈ a”. 31 Yo te tache kòd ble a ak li pou tache li nan tiban an pa anwo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
32 Konsa tout travay a tabènak tant reyinyon an te konplete; epi fis Israël yo te fè tout bagay selon sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la; konsa yo te fè l.
33 Yo te mennen tabènak la vè Moïse, tant lan avèk tout sa ki te founi li yo: kwòk li yo, planch li yo, travès li yo, ak pilye li yo avèk baz reseptikal li yo; 34 epi kouvèti po belye fonse wouj yo, kouvèti po dofen yo, ak vwal rido pòtay la; 35 lach a temwayaj la avèk poto li yo, ak chèz pwopyatwa a; 36 tab la, tout bagay itil li yo, ak pen a Prezans lan; 37 chandelye fèt an lò pi a, avèk aranjman pou lanp yo ak tout bagay itil li yo, ak lwil pou limyè a; 38 epi lotèl fèt an lò a, lwil onksyon an, lansan santi bon an, ak vwal pou pòtay tant lan; 39 lotèl an bwonz lan ak griyaj bwonz pa li, avèk poto pa li yo ak tout bagay itil li yo, basen lave a avèk baz li; 40 afè pandye yo pou galeri a, pilye li yo, baz reseptikal li yo, rido pou pòtay galeri a, kòd li yo, pikèt li yo, ak tout afè pou sèvis tabènak la, pou tant reyinyon an; 41 vètman tise yo pou sèvis nan lye sen an, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman a fis pa li yo, pou fè sèvis kòm prèt.
42 Alò, fis Israël yo te fè tout travay la selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo. 43 Epi Moïse te egzamine tout travay la, e gade byen, konsa yo te fè li; jis jan ke SENYÈ a te kòmande a, se sa yo te fè. Epi Moïse te Luc 9:22,23 beni yo.

39:1 Egz 31:10

39:2 Egz 31:10

39:6 Egz 28:9-11

39:7 Egz 28:12

39:8 Egz 28:15-28

39:22 Egz 28:31,34

39:23 Egz 28:32

39:27 Egz 28:39,40,42

39:30 Egz 28:36,37

39:43 Luc 9:22,23