8
Alò, Salomon te rasanble ansyen Israël yo avèk tout tèt a tribi yo, chèf a fanmi zansèt a fis Israël yo, kote Wa Salomon Jérusalem, pou mennen fè monte II Kwo 5:2-10lach akò SENYÈ a soti nan lavil David ki Sion an. Tout mesye Israël yo te rasanble yo menm kote ak Wa Salomon nan Lev 23:34fèt la nan mwa Éthanim nan, ki se setyèm mwa a. Tout ansyen Israël yo te vini, e Det 31:9prèt yo te leve pran lach la. Yo te mennen fè monte lach SENYÈ a, I Wa 3:4tant asanble a, avèk tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt yo avèk Levit yo te mennen fè yo monte. Wa Salomon avèk tout kongregasyon Israël la, ki te rasanble vè li, II Sam 6:13te avèk li devan lach la. Yo t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab konte ni kontwole. Prèt yo te mennen lach akò SENYÈ a I Wa 6:19nan plas li. Yo te mete l nan sanktyè enteryè a kay la, nan plas ki sen pase tout lòt yo a, I Wa 6:27anba zèl a cheriben yo. Cheriben yo te lonje zèl pa yo anwo plas lach la e yo te sèvi kon yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo soti anwo. Men Egz 25:13-15poto yo te tèlman long ke pwent poto yo te vizib sèlman soti nan lye sen an devan sanktyè enteryè a. Men yo pa t kab wè pa deyò; epi yo la jis rive jodi a. Det 10:2-5Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo wòch ke Moïse te mete la nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo, lè yo te sòti nan peyi Égypte la. 10 Li te fèt ke lè prèt yo te sòti nan lye sen an ke Egz 40:34-35nwaj la te ranpli kay SENYÈ a, 11 jiskaske prèt yo pa t kab fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay SENYÈ a.
12  II Kwo 6:1Alò, Salomon te di: “SENYÈ a te di ke Li ta abite nan nwaj pwès. 13  II Sam 7:13Mwen te vrèman bati pou Ou yon kay byen wo, yon plas pou Ou ta abite jis pou tout tan.”
14 Konsa, wa a te vire tounen e te II Sam 6:18beni tout asanble Israël la pandan tout asanble Israël la te kanpe. 15 Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, II Sam 7:12-13 ki te pale avèk bouch li a papa m David, e ki te akonpli sa avèk men l, e ki te di: 16  II Sam 7:4-5‘Depi jou ke M te fè pèp Mwen an, Israël, sòti an Égypte, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou M ta bati yon kay pou non Mwen ta kapab la; men mwen te chwazi David pou renye sou pèp Mwen an, Israël.’
17  II Sam 7:2-3“Alò, sa te nan kè papa m, David pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. 18 Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati yon kay pou non Mwen, ou te fè byen, paske se te nan kè ou. 19  II Sam 7:5-13Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm nan, li va bati kay la pou non Mwen.’ 20 Alò, SENYÈ a te fin akonpli pawòl ke Li te pale a. Paske I Kwo 28:5-6mwen te leve nan plas papa m, David. Mwen chita sou twòn Israël la, jan SENYÈ a te pwomèt la, e mwen te bati kay la pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. 21 La mwen te poze yon plas pou lach la, Det 31:26nan sila akò a ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo lè Li te mennen yo soti nan peyi Égypte la.”
22  I Wa 8:54Salomon te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e te lonje ouvri men li vè syèl la. 23 Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, I Sam 2:2nanpwen Bondye tankou Ou nan syèl la anwo, ni sou latè anba, Det 7:9k ap kenbe akò e montre lanmou dous a sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo, 24 ki te kenbe avèk sèvitè Ou, papa m, David, sa ke Ou te pwomèt li a. Anverite Ou te pale avèk bouch Ou e Ou te akonpli li avèk men Ou, jan sa ye nan jou sila a. 25 Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, papa m, sa ke Ou te pwomèt li a lè Ou te di: I Wa 2:4‘Ou p ap manke yon nonm pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo veye chemen yo, pou mache devan Mwen menm jan ke ou te mache a.’
26 “Koulye a, pou sa, O Bondye Israël la, kite pawòl Ou, mwen priye, vin konfime II Sam 7:25ke Ou te pale a sèvitè Ou a, papa m, David. 27 Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, Sòm 139:7-16syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a! 28 Sepandan, gade lapriyè sèvitè Ou a, avèk siplikasyon pa li, O SENYÈ, Bondye mwen, pou koute kri ak lapriyè ke sèvitè Ou a fè devan Ou jodi a; 29  II Kwo 7:15pou zye Ou ta rete louvri vè kay sila a lajounen kon lannwit, vè plas kote Ou te di: ‘Non Mwen va rete la,’ pou koute lapriyè ke sèvitè ou a va fè vè plas sa a. 30  Né 6:1Koute siplikasyon a sèvitè Ou, e a pèp Ou a, Israël Dan 6:10lè yo priye vè plas sila a. Koute nan syèl la, kote Ou abite a; e lè Ou koute, padone.
31  Egz 22:8-11“Si yon nonm peche kont vwazen li, e si li oblije fè yon ve, si li vin fè ve a devan lotèl Ou, nan kay sila a, 32 alò, tande nan syèl la e pran desizyon pou jije sèvitè Ou yo; Det 25:1kondane mechan an, fè chemen pa li a vin sou pwòp tèt li. Epi fè jistis vini sou sila ki dwat la, lè Ou ba li selon ladwati li.
33 “Lè pèp Ou a, Israël fin bat devan yon lènmi, akoz yo te peche kont Ou, Lev 26:40-42si yo vire vè Ou ankò pou konfese non Ou, priye e fè siplikasyon vè Ou nan kay sa a, 34 alò, tande nan syèl la, e padone peche a pèp Ou a Israël, e mennen yo retounen nan peyi ke Ou te bay zansèt yo.
35  Det 11:16-17“Lè syèl yo fèmen e nanpwen lapli, akoz yo te peche kont Ou, si yo priye vè plas sila a, konfese non Ou, e vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo, 36 alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo, e a pèp Ou a, Israël. Sòm 5:8Anverite, enstwi yo nan bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, e voye lapli sou peyi ke Ou te bay a pèp Ou a, ke Ou te bay yo a kòm eritaj la.
37  Lev 26:16-26“Si gen gwo grangou nan peyi a, si gen toumant, si gen gwo maladi sou jaden oswa bèt, oswa wouy, epidemi nan youn nan espès krikèt volan yo, si lènmi pa yo fè syèj sou yo nan peyi vil pa yo, nenpòt kalite toumant, nenpòt gwo maladi, 38 nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Israël yo, chak moun ki konnen afliksyon nan pwòp kè pa li, e ki leve men l ouvri vè kay sila a; 39 alò, tande nan syèl la, kote Ou abite a, padone, aji e rann a chak moun selon tout chemen yo, I Sam 2:3kè a sila Ou konnen an, paske se Ou sèl ki konnen kè a tout fis a lòm yo; 40 pou yo kapab gen lakrent Ou tout jou ke yo viv nan peyi ke Ou te bay a zansèt nou yo.
41 “Anplis, konsènan etranje ki pa apatyen a pèp Israël Ou a, lè li sòti nan yon peyi lwen pou koz non Ou, 42 (paske yo va tande afè gran non Ou, ak Egz 13:3men pwisan Ou, ak bra louvri Ou), pou lè l vini fè lapriyè vè kay sila a, 43 tande nan syèl la, kote ou abite a e fè tout sa ke etranje a mande Ou fè, jis pou Jos 4:23-24tout pèp sou tout latè yo kapab konnen non Ou, pou gen lakrent Ou, tankou pèp Ou a Israël, pou yo kapab konnen ke kay sila a, mwen te bati a, rele pa non pa Ou.
44 “Lè pèp Ou a sòti nan batay kont lènmi yo, nan nenpòt chemen Ou ta voye yo, e II Kwo 14:11yo priye a SENYÈ nan direksyon vil ke Ou te chwazi a, ak kay ke mwen te bati pou non Ou a, 45 alò, tande nan syèl la lapriyè yo, ak siplikasyon yo, e bay soutyen a ka pa yo. 46 Lè yo peche kont Ou (pwiske Wo 3:23nanpwen moun ki pa peche), Ou vin fache avèk yo, e Ou livre yo bay lènmi an pou fè yo sòti kaptif nan peyi a lènmi an, kit lwen, kit pre; 47 si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen kaptif la, yo vin repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi a sila ki te pran yo kaptif la, e di: Esd 9:6-7‘Nou te peche e te fè inikite, nou te aji mal;’ 48  Det 4:29si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo nan peyi a lènmi ki te mennen yo kaptif yo, yo priye a Ou menm, vè peyi ke Ou te bay a zansèt yo, vil ke Ou te chwazi a, ak kay ke mwen te bati pou non Ou an; 49 alò, tande priyè yo, avèk siplikasyon yo, nan syèl la, plas kote Ou rete a e bay soutyen a koz pa yo, 50 epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou an ak tout transgresyon ke yo te fè kont Ou yo, e Sòm 106:46bay yo mizerikòd devan sila ki te fè yo kaptif yo, pou yo gen konpasyon pou yo. 51 (Pwiske se pèp Ou yo ye, e eritaj ke Ou te mennen sòti an Égypte la, ki te Det 4:20soti nan mitan founo fè a). 52  I Wa 8:29Pou zye Ou kapab louvri a siplikasyon a sèvitè Ou, e a siplikasyon a pèp Ou a, Israël, pou koute yo nenpòt lè ke yo rele Ou. 53 Paske Ou te mete yo apa de tout lòt pèp sou latè kòm eritaj Ou, Egz 19:5-6jan Ou te pale pa Moïse, sèvitè Ou a, pandan Ou te mennen zansèt pa nou yo sòti an Égypte, O Senyè, BONDYE.”
54  II Kwo 7:1Lè Salomon te fin priye tout priyè sila a, li te leve soti devan lotèl a SENYÈ a, soti sou jenou li avèk men li louvri anvè syèl la. 55 Li te kanpe e te Nonb 6:23-26beni tout asanble Israël la avèk yon gwo vwa. Li te di: 56 “Beni se SENYÈ a ki te bay repo a pèp Li a, Israël, Det 12:10selon tout sa ke Li te pwomèt yo. Pa menm yon mo pa t fè fayit nan tout bonte ke Li te pwomèt nou pa Moïse yo, sèvitè li a. 57 Ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk nou, jan Li te ye avèk zansèt nou yo. Ke Li pa janm kite nou ni abandone nou, 58 pou Sòm 119:36Li kapab atire kè nou vè Li menm, pou mache nan tout vwa Li yo e pou kenbe kòmandman Li yo avèk règleman Li yo avèk òdonans Li yo, ke Li te kòmande a zansèt nou yo. 59 Epi ke pawòl pa m sa yo, avèk sila mwen te fè siplikasyon devan SENYÈ a, kapab toupre SENYÈ a, Bondye pa nou an, lajounen kon lannwit, pou Li kapab bay soutyen a koz pèp Li a, Israël, jan chak jou mande a, 60 pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke SENYÈ a se Bondye; ke nanpwen okenn lòt.
61 “Pou sa, kite kè nou vin dedye nèt a SENYÈ a, pou mache nan règleman Li yo, kenbe kòmandman Li, menm jan sa ye nan jou sila a.”
62  II Kwo 7:4-10Alò, wa a ak tout Israël avèk li te ofri sakrifis yo devan SENYÈ a. 63 Salomon te ofri kòm ofrann lapè ke Li te lofri SENYÈ a, venn-de-mil bèf avèk san-ven-mil mouton. Esd 6:15-18Konsa wa a, avèk tout fis Israël yo te dedye kay SENYÈ a. 64 Nan menm jou sa a, wa a te konsakre lakou mitan ki te devan kay SENYÈ a, akoz se la li te ofri ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, e grès a ofrann lapè yo. Paske II Kwo 4:1lotèl bwonz ki te devan SENYÈ a te twò piti pou kenbe ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, avèk grès a ofrann lapè yo.
65 Konsa, Salomon te obsève fèt la nan lè sa a, e tout Israël avèk li, yon gran asanble Nonb 34:8soti nan antre Hamath jis rive nan Jos 13:3ti kouran dlo Égypte la, devan SENYÈ a Bondye nou an, pandan sèt jou e avèk sèt jou anplis, katòz jou nèt. 66 Nan uityèm jou a, li te voye pèp la ale, e yo te beni wa a. Epi yo te ale nan tant pa yo ranpli avèk jwa, kontan nan kè pou tout bonte ke SENYÈ a te montre a David, sèvitè li, e a Israël, pèp Li a.

8:1 II Kwo 5:2-10

8:2 Lev 23:34

8:3 Det 31:9

8:4 I Wa 3:4

8:5 II Sam 6:13

8:6 I Wa 6:19

8:6 I Wa 6:27

8:8 Egz 25:13-15

8:9 Det 10:2-5

8:10 Egz 40:34-35

8:12 II Kwo 6:1

8:13 II Sam 7:13

8:14 II Sam 6:18

8:15 II Sam 7:12-13

8:16 II Sam 7:4-5

8:17 II Sam 7:2-3

8:19 II Sam 7:5-13

8:20 I Kwo 28:5-6

8:21 Det 31:26

8:22 I Wa 8:54

8:23 I Sam 2:2

8:23 Det 7:9

8:25 I Wa 2:4

8:26 II Sam 7:25

8:27 Sòm 139:7-16

8:29 II Kwo 7:15

8:30 Né 6:1

8:30 Dan 6:10

8:31 Egz 22:8-11

8:32 Det 25:1

8:33 Lev 26:40-42

8:35 Det 11:16-17

8:36 Sòm 5:8

8:37 Lev 26:16-26

8:39 I Sam 2:3

8:42 Egz 13:3

8:43 Jos 4:23-24

8:44 II Kwo 14:11

8:46 Wo 3:23

8:47 Esd 9:6-7

8:48 Det 4:29

8:50 Sòm 106:46

8:51 Det 4:20

8:52 I Wa 8:29

8:53 Egz 19:5-6

8:54 II Kwo 7:1

8:55 Nonb 6:23-26

8:56 Det 12:10

8:58 Sòm 119:36

8:62 II Kwo 7:4-10

8:63 Esd 6:15-18

8:64 II Kwo 4:1

8:65 Nonb 34:8

8:65 Jos 13:3