4
Apre, Egz 27:1-2li te fè yon lotèl an bwonz, ven koude nan longè, ven koude nan lajè e dis koude nan wotè. I Wa 7:23-26Anplis, li te fè yon lanmè an fè fòje, dis koude de lajè, tou won, wotè li te senk koude e sikonferans lan te trant koude. Yon estati sanblab a bèf yo te anba li e te antoure li, dis koude, ki te antoure lanmè a nèt. Bèf yo te an de ranje, e yo te fòje yo tankou yon sèl pyès. Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas yo vè nò, twa avèk fas yo vè lwès, twa avèk fas yo vè sid e twa avèk fas yo vè lès; epi li te poze sou yo e dèyè a tout bèt te pozisyone pa anndan. Li te gen episè a yon men ouvri, epi rebò li te fèt tankou sila a yon tas, tankou yon flè lis k ap ouvri. Li te kon kenbe volim a twa-mil bat. Anplis, Egz 30:17-21li te fè dis basen kote pou lave e li te pozisyone senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la pou lave bagay pou ofrann brile yo; men, lanmè a te pou prèt yo ta kab lave ladann.
Epi li te fè Egz 25:31-40dis chandelye an lò selon òdonans ki te etabli yo e li te plase yo nan tanp lan, senk sou bò dwat la e senk sou bò goch la. Anplis, li te fè I Wa 7:48dis tab e te plase yo nan tanp lan, senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la. Epi li te fè san bòl an lò. Li te fè I Wa 6:36lakou prèt yo avèk II Wa 21:5gran lakou a avèk pòt pou lakou a e li te kouvri pòt yo avèk bwonz. 10  I Wa 7:39Li te pozisyone lanmè a sou kote dwat kay la vè sidès.
11 Anplis, I Wa 7:40-51Huram te fè bokit sann yo, pèl ak bòl yo.
Konsa, Huram te fin fè travay ke li te fè pou Salomon lakay Bondye a: 12 de pilye yo, bòl yo, de gran tèt pilye sou pilye yo ak de sistèm griyaj treyi yo pou kouvri de bòl a tèt pilye ki te chita sou pilye yo, 13 Epi I Wa 7:20kat-san grenad pou de sistèm griyaj yo, de ranje grenad pou chak sistèm griyaj pou kouvri de tèt pilye ki te sou pilye yo. 14  I Wa 7:27-43Anplis, li te fè baz ak basen sou baz yo, 15 ak yon sèl lanmè avèk douz bèf yo anba li. 16 Bokit yo, pèl yo, fouchèt yo ak tout zouti li yo, I Wa 7:14Huram te fè yo avèk bwonz poli pou wa Salomon pou kay SENYÈ a. 17 Nan plèn Jourdain an, Wa a te fonn yo nan tè ajil ki te antre Succoth avèk Tseréda a. 18  I Wa 7:47Konsa, Salomon te fè tout zouti sila yo an gran kantite; paske, pwa a bwonz lan pa t kab detèmine.
19 Anplis, Salomon te fè tout bagay ki te nan kay Bondye a: jis lotèl an lò a, II Kwo 4:8tab yo avèk pen prezans lan sou yo, 20 chandelye yo avèk lanp pa yo an lò pi, pou briye devan sanktyè enteryè a jan sa te òdone a; 21 flè yo, lanp yo ak pens dife yo an lò byen rafine nèt; 22 Epi etennwa yo, bòl yo, kiyè yo, ak plato sann an lò rafine yo; epi antre kay la, pòt enteryè li yo pou kote ki pi sen pase tout lòt yo a ak pòt kay yo, sa vle di, kote gwo sanktyè a te ye a, tout te an lò.

4:1 Egz 27:1-2

4:2 I Wa 7:23-26

4:6 Egz 30:17-21

4:7 Egz 25:31-40

4:8 I Wa 7:48

4:9 I Wa 6:36

4:9 II Wa 21:5

4:10 I Wa 7:39

4:11 I Wa 7:40-51

4:13 I Wa 7:20

4:14 I Wa 7:27-43

4:16 I Wa 7:14

4:18 I Wa 7:47

4:19 II Kwo 4:8