6
II Kwo 3:1-2Alò, li te vin rive nan kat-san-katreven ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan katriyèm ane règn Salomon sou Israël la, nan mwa Ziv la, sa se dezyèm mwa a, ke li te kòmanse bati lakay SENYÈ a. Selon kay ke Salomon te bati pou SENYÈ a, longè li te swasant koude, lajè li te ven koude e wotè li, trant koude. Galeri pa devan antre kay la te ven koude nan longè, ki te koresponn avèk lajè kay la e pwofondè devan kay la te dis koude. Osi pou kay la li te fè fenèt avèk ankadreman atizan yo. Kont mi kay la, li te bati etaj won ki te antoure mi kay la nèt, ni pa devan, avèk I Wa 6:19-20sanktyè enteryè a; konsa, li te fè chanm yo toupatou. Etaj pi ba a te senk koude nan lajè, mitan an te sis koude nan lajè e twazyèm nan te sèt koude nan lajè. Paske pa deyò, li te fè retrè pou travès yo pa fonse antre nan miray kay la. Egz 20:25Kay la, pandan li t ap bati, te bati avèk wòch ki te taye kote yo te fè min wòch. Pa t gen mato, ni rach, ni okenn zouti an fè ki te konn tande nan kay la pandan li t ap bati. Pòtay chanm akote piba a te sou kote dwat a kay la. Epi yo te konn monte pa eskalye ki te fè won pou rive nan etaj mitan an e soti nan mitan an a nan twazyèm nan. Konsa, I Wa 6:14-38li te bati kay la e te fin fè l. Li te kouvri kay la avèk travès ak planch sèd. 10 Li te bati anplis etaj ki te kont tout kay la, yo chak nan wotè a senk koude. Yo te tache nan kay la avèk bwa sèd.
11 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Salomon e te di: 12 “Kay sa a ke w ap bati a, II Sam 7:5-16si ou va mache nan règleman Mwen yo, egzekite lòd Mwen yo, kenbe tout kòmandman Mwen yo e mache ladan yo, alò, mwen va fin konplete pawòl ke M te pale a David, papa ou a, avèk ou. 13  Egz 25:8Mwen va vin viv pami fis Israël yo e Mwen Eb 13:5p ap janm kite pèp mwen an, Israël.”
14  I Wa 6:9-38Konsa, Salomon te bati kay la e te fini avèk li. 15 Li te I Wa 7:7bati mi kay la pa anndan avèk planch sèd. Soti atè jis rive nan plafon an, li te kouvri mi anndan yo avèk bwa e li te kouvri tout atè kay la avèk planch bwa pichpen. 16  II Kwo 3:8Li te bati ven koude nan kote dèyè kay la avèk planch sèd soti atè a jis rive nan plafon an. Li te bati yo pou li sou anndan kòm yon sanktyè enteryè, menm Eb 9:3kote ki pi sen an. 17 Pa devan sanktyè tanp la te karant koude nan longè. 18 Te gen bwa sèd sou kay la anndan, taye I Wa 7:24nan fòm a kalbas avèk flè ki louvri nèt. Tout te fèt an sèd. Pa t gen wòch ki te vizib. 19 Li te prepare yon sanktyè enteryè anndan kay la pou l te kab plase la, lach akò SENYÈ a. 20 Sanktyè enteryè a te ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak ven koude nan wotè. Li te kouvri li nèt avèk lò pi. Li te kouvri lotèl la avèk sèd. 21 Konsa, Salomon te kouvri anndan kay la avèk lò pi. Li te fè chenn an lò travèse pati devan nan sanktyè enteryè a, e li te kouvri li avèk lò. 22 Li te kouvri tout kay la avèk lò jiskaske tout kay la te fini. Osi, Egz 30:1-6tout lotèl ki te akote sanktyè enteryè li a te kouvri avèk lò.
23  Egz 37:7-9Nan sanktyè enteryè a, li te fè de cheriben ak bwa doliv, yo chak nan dis koude wotè. 24 Yon zèl nan cheriben an te senk koude e lòt la te senk koude. Soti nan pwent a yon zèl jis rive nan pwent a lòt zèl la se te dis koude. 25 Lòt cheriben an te dis koude. Toude cheriben yo te menm mezi avèk menm fòm. 26 Wotè a yon cheriben se te dis koude e lòt cheriben an te menm jan an. 27 Li te plase cheriben yo nan mitan kay enteryè a. Egz 25:20Zèl a cheriben yo te lonje tou louvri, jiskaske zèl a youn te touche mi an, e zèl a lòt cheriben an te touche lòt mi an. Konsa, zèl a chak nan yo te touche zèl a lòt la nan mitan kay la. 28 Li te kouvri cheriben yo avèk lò.
29 Epi li te grave tout mi nan kay yo toupatou avèk cheriben yo, pye palmis ak flè louvri yo grave nan sanktyè enteryè ansanm ak eksteryè yo. 30 Li te kouvri planch atè yo avèk lò, nan sanktyè enteryè avèk eksteryè a. 31 Nan antre sanktyè enteryè a, li te fè pòt avèk bwa doliv, ankadreman chanbrann nan avèk poto pòtay yo an senk fas. 32 Konsa, li te fè de pòt avèk bwa doliv la e li te grave sou yo cheriben grave yo, pye palmis yo, avèk flè louvri yo. Li te kouvri yo avèk lò. Epi li te gaye lò a sou cheriben yo avèk pye palmis yo. 33 Anplis, li te fè poto yo an kat fas avèk bwa doliv la pou gran antre eksteryè a, 34 epi de pòt an bwa siprè; de mwatye a yon pòt ki vire sou pivo e de mwatye sou lòt pòt la te vire sou pivo. 35 Li te grave sou li cheriben yo, pye palmis ak flè louvri yo; epi li te kouvri yo avèk lò aplike nan menm fòs toupatou. 36  I Wa 7:12Li te bati galeri enteryè a avèk twa ranje wòch taye ak yon ranje travès fèt an sèd.
37 Nan katriyèm ane a, nan mwa Ziv la, fondasyon kay SENYÈ a te fin poze. 38 Nan onzyèm ane a, nan mwa Bul la, ki se uityèm mwa a, kay la te fini nan tout pati li e selon plan pa li a. Konsa, li te bati pandan sèt ane.

6:1 II Kwo 3:1-2

6:5 I Wa 6:19-20

6:7 Egz 20:25

6:9 I Wa 6:14-38

6:12 II Sam 7:5-16

6:13 Egz 25:8

6:13 Eb 13:5

6:14 I Wa 6:9-38

6:15 I Wa 7:7

6:16 II Kwo 3:8

6:16 Eb 9:3

6:18 I Wa 7:24

6:22 Egz 30:1-6

6:23 Egz 37:7-9

6:27 Egz 25:20

6:36 I Wa 7:12