5
Alò, Hiram, wa Tyr la, te voye sèvitè li yo kote Salomon lè li te tande ke yo te onksyone li wa nan plas a papa li, paske II Sam 5:11Hiram te konn toujou zanmi David. Epi II Sam 7:5Salomon te voye kote Hiram pou di: “Ou konnen ke David, papa m, pa t kapab bati yon kay pou non a SENYÈ a, akoz gè ki te antoure li yo, jiskaske SENYÈ a te mete yo anba pla pye li. Men koulye a, I Wa 4:24SENYÈ a te ban m repo tout kote. Nanpwen advèsè ni malè. Gade byen, II Sam 7:12-13 “Mwen gen entansyon bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye mwen an, jan SENYÈ a te pale a David la, papa m nan, kon Li te di: ‘Fis ou a, ke mwen va mete sou twòn pa w la, nan plas ou a, li va bati kay la pou non Mwen.’ Alò, pou sa, bay lòd pou yo koupe pou mwen II Kwo 2:8sèd Liban e sèvitè mwen yo va la avèk sèvitè pa ou yo, epi mwen va ba ou salè pou sèvitè ou yo selon tout sa ke ou di. Paske ou konnen ke nanpwen pami nou ki konprann kijan pou koupe bwa tankou Sidonyen yo.”
Lè Hiram te tande pawòl a Salomon yo, li te rejwi anpil. Li te di: “Beni se SENYÈ a nan jou sila a, ki te bay a David yon fis ki saj sou gran pèp sa a.” Konsa, Hiram te voye kote Salomon e te di: “Mwen te tande sa ke ou voye di mwen an. Mwen va fè sa ke ou vle de bwa sèd avèk pichpen an. Sèvitè mwen yo va mennen yo desann soti Liban rive kote lanmè a. Mwen va mare yo ansanm pou fè yo rive pa lanmè II Kwo 2:16nan plas kote ou dirije m nan. Nou va kase yo la pou moun ou yo kab pote yo ale. Alò, ou va akonpli volonte m e ou bay manje a tout lakay mwen.”
10 Konsa, Hiram te bay Salomon tout sa li te vle nan bwa sèd avèk pichpen yo. 11  II Kwo 2:10Salomon te bay Hiram ven-mil barik nan ble a kòm manje pou lakay li ak ven barik nan lwil bat la. Konsa Salomon te bay Hiram ane pa ane. 12  I Wa 3:12SENYÈ a te ba li sajès, jis jan ke Li te pwomèt li a. Epi te gen lapè antre Hiram avèk Salomon e yo de a te fè yon akò.
13 Alò, I Wa 4:6Wa Salomon te fè kòve obligatwa soti nan tout Israël la. Kòve fòse yo te konte trant-mil moun. 14 Li te voye yo nan Liban, di-mil moun pa mwa, yon ekip apre lòt ak de mwa lakay. I Wa 4:6Adoniram te chèf sou ouvriye kòve yo. 15 Alò, I Wa 9:20-22Salomon te gen swasann-di-mil transpòtè ak katre-ven-mil ki t ap taye wòch nan mòn yo. 16  I Wa 9:23Anplis, Salomon te gen twa-mil-twa-san depite an chèf ki te sou pwojè a. Yo te chèf dirijan sou moun ki t ap fè travay yo. 17 Alò, wa a te pase lòd pou yo te taye I Wa 6:7gwo wòch yo, wòch chè pou poze fondasyon kay la ak wòch taye. 18 Konsa, moun Salomon ki t ap bati yo, moun Hiram ki t ap bati yo, epi Jos 13:5Gibliyen yo t ap koupe yo e prepare bwa yo ansanm ak wòch yo pou bati kay la.

5:1 II Sam 5:11

5:2 II Sam 7:5

5:4 I Wa 4:24

5:5 II Sam 7:12-13

5:6 II Kwo 2:8

5:9 II Kwo 2:16

5:11 II Kwo 2:10

5:12 I Wa 3:12

5:13 I Wa 4:6

5:14 I Wa 4:6

5:15 I Wa 9:20-22

5:16 I Wa 9:23

5:17 I Wa 6:7

5:18 Jos 13:5