2
I Wa 5:5Alò, Salomon te deside bati yon kay pou non SENYÈ a ak yon palè wayal pou pwòp tèt li. Pou sa, I Wa 5:15-16 Salomon te chwazi swasann-di-mil mesye pou pote chaj, katreven-mil mesye pou taye wòch nan mòn yo, e twa-mil-sis-san pou sipèvize.
I Wa 5:2-11 Salomon te voye kote Huram, wa Tyr la. Li te di: I Kwo 14:1 “Jan ou te aji avèk David la, papa m nan, Ou te voye ba li bwa sèd pou bati yon kay pou li ta rete ladann. Konsa, fè sa pou mwen. Gade byen, mwen prè pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye a, pou l dedye a Li menm, pou brile lansan santi bon devan L, pou plase pen konsakre tout tan e pou ofri Egz 29:38-42ofrann brile ni nan maten, ni nan aswè, Nonb 28:9-10nan Saba avèk nouvèl lin ak nan fèt etabli a SENYÈ a, Bondye nou an, sila kòm egzije jis pou tout tan an Israël.
“Kay ke m prè pou bati a va tèlman gran; paske Egz 15:11pi gran se Bondye pa nou an, ke tout lòt dye yo. Men se I Wa 8:27kilès ki kab bati yon kay pou Li, paske syèl yo avèk pi wo syèl yo pa kab kenbe Li? Pou sa, se kilès mwen ye, pou mwen ta dwe bati yon kay pou Li, sof ke pou brile lansan devan L.
“Alò, voye ban mwen yon nonm abil pou travay an lò, ajan, bwonz, fè ak an twal mov, kramwazi, avèk vyolèt e yon nonm ki konn grave, pou travay avèk mesye kapab I Kwo 22:15ke m genyen Juda avèk Jérusalem, ke papa m, David te chwazi yo.
“Anplis, I Wa 5:6voye ban mwen bwa sèd, bwa sipre, avèk bwa sandal; twòn yo k ap sòti nan Liban, paske mwen konnen ke sèvitè ou yo konnen jan pou yo koupe bwa Liban yo. Èpi anverite, sèvitè mwen yo va travay avèk sèvitè pa w yo, pou prepare bwa konstriksyon pou mwen an gran kantite. Pwiske kay ke mwen prè pou bati a va yon gran mèvèy. 10 Alò, gade byen, I Wa 5:11mwen va bay a sèvitè ou yo, mesye forè ki koupe bwa konstriksyon yo, ven-mil barik ble kraze ven-mil barik lòj, ven-mil galon diven avèk ven-mil galon lwil.”
11 Huram, wa Tyr la, te reponn nan yon lèt voye bay Salomon: I Wa 10:9“Akoz SENYÈ a renmen pèp Li a, Li te fè ou wa sou yo.” 12 Konsa, Huram te kontinye: “Beni se Sòm 33:6SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te fè syèl la avèk tè a, ki te bay Wa David yon fis ki saj, plen avèk pridans, avèk bon konprann, ki va bati yon kay pou SENYÈ a, avèk yon palè wayal pou li menm.
13 “Alò, mwen ap voye Huramabi, yon nonm abil avèk anpil bon konprann, 14  I Wa 7:14fis a yon fanm a Dan avèk yon papa a Tyriens, ki konnen jan pou travay an lò, ajan, bwonz, fè, wòch ak bwa; anplis, avèk twal mov, vyolèt, materyo wouj, pou fè tout kalite bagay grave yo, pou swiv nenpòt plan ke li resevwa, pou travay avèk mesye a kapasite pa w yo, avèk sila a mèt mwen, ak papa ou, David.
15 “Alò, pou sa, kite mèt mwen an voye kote sèvitè li yo ble avèk lòj, lwil ak diven II Kwo 2:10sou sa li te pale yo. 16  I Wa 5:8-9Nou va koupe nenpòt bwa konstriksyon ke ou bezwen soti nan Liban pou pote ba ou ranje mare ansanm sou lanmè pou rive Japho, pou ou kab pote l monte Jérusalem.”
17 Salomon te fè kontwòl a tout etranje ki te nan peyi Israël yo, pou swiv gran kontwòl ke papa li, David te fè a; epi yo te jwenn san-senkant-twa-mil-sis-san moun. 18  II Kwo 2:2Li te chwazi swasann-di-mil nan yo pou pote chaj yo, katreven mil nan yo pou taye wòch nan mòn yo e twa-mil-sis-san sipèvizè pou fè moun yo travay.

2:1 I Wa 5:5

2:2 I Wa 5:15-16

2:3 I Wa 5:2-11

2:3 I Kwo 14:1

2:4 Egz 29:38-42

2:4 Nonb 28:9-10

2:5 Egz 15:11

2:6 I Wa 8:27

2:7 I Kwo 22:15

2:8 I Wa 5:6

2:10 I Wa 5:11

2:11 I Wa 10:9

2:12 Sòm 33:6

2:14 I Wa 7:14

2:15 II Kwo 2:10

2:16 I Wa 5:8-9

2:18 II Kwo 2:2