14
Alò Hiram, wa Tyr a, te voye mesaje yo kote David avèk II Sam 5:11bwa sèd yo, mason ak chapant pou bati yon kay pou li. Epi David te vin rekonèt ke SENYÈ a te etabli li kon wa sou Israël, epi ke wayòm li te a egzalte byen wo pou koz pèp li a, Israël.
David te pran plis madanm Jérusalem, e David te vin papa a plis fis ak fi. I Kwo 3:5-8Sila yo se non a pitit ki ne a li menm Jérusalem yo: Schammau, Schobab, Nathan, Salomon, Jibhar, Élischua, Elphéleth, Noga, Népheg, Japhia, Élischama, Beéliada ak Éliphéleth.
Lè Filisten yo te tande ke David te onksyone wa sou tout Israël, tout Filisten yo te monte pou rankontre David. Lè David te tande sa li te sòti kont yo. Alò, Filisten yo te vini e te I Kwo 11:15fè yon atak nan vale Rephaïm nan. 10 David te mande Bondye, epi te di: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men m?”
SENYÈ a te di li: “Monte, paske Mwen va livre yo nan men ou.”
11 Konsa, yo te rive monte Baal-Peratsim, e David te bat yo la. David te di: “Bondye te kraze lènmi mwen yo pa men mwen kon dlo k ap pete.” Pou sa, yo te rele plas sa a Baal-Peratsim. 12 Yo te abandone dye pa yo la. David te bay lòd pou yo te brile yo avèk dife.
13 Filisten yo te fè I Kwo 14:9yon lòt atak nan vale a. 14 David te mande a Bondye ankò e Bondye te di li: “Ou pa pou monte kont yo. Ansèkle yo pa dèyè e vini sou yo devan pye balzam yo. 15 Li va vin rive ke lè ou tande son mache a nan tèt pye balzam yo, alò, ou va sòti nan batay la; paske Bondye va gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten yo.”
16 David te fè menm sa ke Bondye te kòmande li. Yo te frape desann lame Filisten yo soti Gabaon jis rive menm nan Guézer. 17 Rekonesans a David te sòti rive nan tout peyi yo, epi Egz 15:14-16SENYÈ a te mennen lakrent li sou tout nasyon yo.

14:1 II Sam 5:11

14:4 I Kwo 3:5-8

14:9 I Kwo 11:15

14:13 I Kwo 14:9

14:17 Egz 15:14-16