15
Alò, David te bati kay pou li menm nan lavil David. Epi li te prepare yon plas pou lach Bondye a e te I Kwo 15:3monte yon tant pou li. Alò, David te di: Nonb 4:15“Pèsòn pa pou pote lach Bondye a sof ke Levit yo, paske SENYÈ a te chwazi yo pou pote lach Bondye a e pou fè sèvis a Li pou tout tan.”
Konsa, I Wa 8:1David te rasanble tout Israël Jérusalem pou pote fè monte lach Bondye a nan plas ke li te prepare pou li a. David te rasanble tout fis a Aaron yo ak I Kwo 6:16-30Levit yo: Fis a Kehath yo, Uriel, chèf avèk frè li yo ak san-ven nan moun fanmi li yo; fis a Merari yo, Asaja, chèf la ak de-san-ven nan fanmi pa li yo; nan fis a Guerschom yo, Joël, chèf la ak san-trant nan fanmi pa li yo; nan fis a Élitsaphan yo, Schemaeja, chèf la ak de-san nan fanmi pa li yo; nan fis a Hébron yo, Éliel, chèf la ak katre-ven mesye nan fanmi pa li yo; 10 nan fis a Uziel yo, Amminadab, chèf la ak san-douz mesye nan fanmi pa li yo.
11 Alò, David te rele I Kwo 12:28Tsadok ak I Sam 22:20-23Abiathar, prèt yo ak Levit yo, Uriel, Asaja, Joël, Schemaeja, Éliel ak Amminadab. 12 Li te di yo: “Nou se chèf lakay zansèt nou yo pou Levit yo. Egz 19:14-15Konsakre nou menm, ni nou, ni manm fanmi pa nou, pou nou kapab pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la, rive nan plas ke m te prepare pou li a. 13  II Sam 6:3Akoz nou pa t pote l nan kòmansman an, SENYÈ a, Bondye pa nou an, te fè yon sèl pete sou nou, paske nou pa t chache Li selon règ li yo.”
14  I Kwo 15:12 Pou sa, prèt yo avèk Levit yo te konsakre yo menm pou pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la. 15 Fis Egz 25:14Levit yo te pote lach Bondye a sou zepòl pa yo avèk poto ki tache ladann, kon Moïse te kòmande yo pa pawòl SENYÈ a.
16 Epi David te pale avèk chèf Levit yo, I Kwo 13:8pou dispoze fanmi pa yo, chantè yo, avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo, senbal ki sonnen fò yo, pou fè leve kri lajwa yo. 17 Konsa, I Kwo 25:1Levit yo te chwazi Héman, fis a Joël la e soti nan fanmi pa li a, Asaph, fis a Bérékia a; epi soti nan fis a Merari yo avèk fanmi pa yo, Éthan, fis a Kuschaja a; 18 epi avèk yo, fanmi a dezyèm nivo a, Zacharie, Ben, Jaaziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Benaja, Maaséja, Matthithja, Éliphelé, avèk Miknéja, ak pòtè yo, Obed-Édom avèk Jeïel, gadyen pòt yo. 19 Konsa chantè yo, Héman, Asaph ak Éthan pou fè sonnen senbal bwonz yo; 20 epi Zacharie, Aziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Maaséja ak Benaja avèk ap ki te fè son selon Alamòt la; 21 epi Matthithia, Éliphelé, Miknéia, Obed-Édom, Jeïel avèk Azazia, pou pran avan avèk ap uit kòd pou kondwi chan an. 22 Kenania, chèf Levit yo, te an chaj chante a. Li te bay enstriksyon nan chante a paske li te fò. 23 Bérékia avèk Elkana te gadyen pòtay pou lach la. 24 Schebania, Josaphat, Nethaneel, Amasaï, Zacharie, Benaja ak Éliézer, prèt yo te I Kwo 15:28soufle twonpèt yo devan lach a Bondye a. Obed-Édom avèk Jechitja te gadyen pòtay lach la.
25  II Sam 6:12-15Konsa David, avèk lansyen Israël yo, avèk kapitèn a dè milye yo, te ale pou pote fè monte lach akò SENYÈ a soti lakay Obed-Édom nan mitan yon gran rejwisans. 26 Akoz Bondye t ap ede Levit ki t ap pote lach akò SENYÈ yo, yo te fè sakrifis Nonb 23:1-29sèt towo ak sèt belye. 27 Alò, David te abiye avèk yon manto len fen, menm avèk tout Levit ki t ap pote lach la, e chantè yo avèk Kenania, chèf mizik pami chantè yo. Epi II Sam 6:14David te abiye osi ak yon efòd an len. 28 Konsa, tout Israël te pote monte lach akò SENYÈ a avèk gwo kri, avèk son a kòn soufle, avèk twonpèt, avèk gwo bwi a senbal, avèk ap ak gita. 29 Li te rive lè lach akò SENYÈ a te vini nan vil David la, ke II Sam 3:13Mical, fi a Saül la, te gade deyò fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije e selebre. Konsa, li te meprize li nan kè l.

15:1 I Kwo 15:3

15:2 Nonb 4:15

15:3 I Wa 8:1

15:4 I Kwo 6:16-30

15:11 I Kwo 12:28

15:11 I Sam 22:20-23

15:12 Egz 19:14-15

15:13 II Sam 6:3

15:14 I Kwo 15:12

15:15 Egz 25:14

15:16 I Kwo 13:8

15:17 I Kwo 25:1

15:24 I Kwo 15:28

15:25 II Sam 6:12-15

15:26 Nonb 23:1-29

15:27 II Sam 6:14

15:29 II Sam 3:13