22
Konsa, David te kite la pou te chape rive nan kav Adullam nan. Epi lè frè li yo avèk tout lakay papa li te tande koze sa a, yo te desann bò kote li. Tout sila ki te nan pwoblèm yo, tout moun ki te nan gwo dèt, tout moun ki pa t kontan te vin rasanble kote li, e li te devni chèf sou yo. Alò te gen I Sam 23:13anviwon kat-san òm avèk li. Epi David te kite la pou ale Mitspé nan Moab. Li te di a wa Moab la: “Souple, kite papa m avèk manman m vin rete avèk ou jiskaske mwen konnen sa ke Bondye va fè pou mwen an.” Epi li te kite yo avèk wa Moab la. Yo te rete avèk li pandan tout tan ke David te nan fò a. II Sam 24:11Pwofèt la, Gad, te di a David: “Pa rete nan fò a. Sòti ale nan peyi Juda.”
Konsa, David te sòti e te ale nan forè a nan Héreth.
Alò Saül te tande ke David avèk mesye ki te avèk li yo te vin dekouvri. Konsa, Jij 4:5Saül te chita nan Guibea anba pye tamaren an sou ti mòn lan avèk frenn li nan men l e tout sèvitè li yo te kanpe antoure li. Saül te di a sèvitè ki te kanpe antoure li yo: “Tande koulye a, O Benjamit yo! Èske fis a Jesse a, osi bannou tout chan kiltive avèk chan rezen? I Sam 8:12Èske li va fè nou tout kòmandan a dè milye e kòmandan a dè santèn? Paske nou tout te fè konplo kont mwen jiskaske pèsòn pa t fè m konnen I Sam 18:3lè fis mwen an te fè yon akò avèk fis a Jesse a. Nanpwen nan nou ki gen regrè pou mwen, ni ki di mwen ke fis mwen an te fòse sèvitè pa m yo kont mwen pou kouche an anbiskad, jan li ye la jodi a.”
Alò, Doëg, Edomit lan, ki te kanpe akote sèvitè Saül yo te di: I Sam 21:1“Mwen te wè fis a Jesse a lè l t ap vini Nob, kote I Sam 14:3Achimélec, fis a Achithub la. 10 Li te konsilte SENYÈ a pou li, li te ba li pwovizyon e li te bay li nepe Goliath la, Filisten an.”
11 Alò, wa a te voye yon moun pou livre yon lòd prezans obligatwa pou Achimélec, prèt la, fis Achithub la, avèk tout lakay papa li, prèt ki te nan Nob yo. Epi tout te vin parèt devan wa a. 12 Saül te di: “Koute koulye a, fis a Achithub la.”
Epi li te reponn: “Men mwen isit la, mèt mwen.”
13 Alò, Saül te di li: “Poukisa ou menm avèk fis a Jesse a te fè konplo kont mwen nan afè ba li pen, avèk yon nepe e konsilte avèk Bondye pou li, pou li kapab leve kont mwen e I Sam 22:8kache fè anbiskad, jan sa ye la jodi a?”
14  I Sam 19:4-5Alò, Achimélec te reponn wa a e te di: “Epi se kilès pami sèvitè ou yo ki fidèl tankou David, bofis menm a wa a, ki se kapitèn gad ou e onore lakay ou? 15 Èske se jodi a ke m fenk kòmanse konsilte Bondye pou li? Lwen de mwen, sa! Pa kite wa a fè okenn move panse sou sèvitè li a, ni okenn moun lakay papa m; paske sèvitè ou a pa konnen anyen nan afè sila a.”
16 Men wa a te di: “Anverite, ou va mouri, Achimélec; ou menm avèk tout lakay papa ou!” 17 Epi wa a te di a gad ki te okipe li yo: “Vire mete prèt SENYÈ a a lanmò, akoz men yo avèk David e akoz yo te konnen ke li te sove ale e yo pa t revele sa a mwen menm.” Men Egz 1:17sèvitè a wa yo pa t vle lonje men yo pou atake prèt SENYÈ yo.
18 Alò, wa a te di a Doëg: “Ou menm vire atake prèt yo.”
Epi Doëg, Edomit lan, te vire atake prèt yo e I Sam 2:31 te touye katre-ven-senk òm I Sam 2:18ki te abiye ak efòd len an. 19 Epi I Sam 15:3li te frape Nob, vil prèt yo avèk lam nepe, ni gason, ni fanm, ni timoun ni bebe, ansanm avèk bèf, bourik ak mouton avèk lam nepe. 20 Men I Sam 23:6-9youn nan fis Achimélec yo ki te rele Abiathar te chape sove ale pou twouve David. 21 Abiathar te di David ke Saül te touye prèt SENYÈ yo.
22 Alò, David te di a Abiathar: “Mwen te konnen nan jou sa a, lè Doëg, Edomit lan, te la, ke li t ap byensi pale ak Saül. Mwen te fè rive lanmò a chak moun lakay papa ou yo. 23 Rete avèk mwen. Pa pè. I Sam 21:7Moun ki vle touye ou a ap eseye touye mwen tou. Ou va ansekirite avèk mwen.”

22:2 I Sam 23:13

22:5 II Sam 24:11

22:6 Jij 4:5

22:7 I Sam 8:12

22:8 I Sam 18:3

22:9 I Sam 21:1

22:9 I Sam 14:3

22:13 I Sam 22:8

22:14 I Sam 19:4-5

22:17 Egz 1:17

22:18 I Sam 2:31

22:18 I Sam 2:18

22:19 I Sam 15:3

22:20 I Sam 23:6-9

22:23 I Sam 21:7