4
Alò, Jij 2:19fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a, apre Éhud te fin mouri. Konsa, SENYÈ a te vann yo nan men a Jos 11:1-10Jabin, wa Kananeyen an, ki te renye nan Hatsor. Kòmandan lame li a te Sisera, ki te rete Haroscheth-Goïm. Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san Jij 1:19cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan. Alò, Débora, yon pwofetès, madanm a Lappidoth, t ap jije Israël nan tan sila a. Li te konn chita anba Jen 35:8pye palmis a Débora a antre Rama avèk Béthel nan peyi ti kolin Ephraïm yo, epi fis Israël yo te kon vin vè li pou l fè jijman. Alò, li te voye kòmande Eb 11:32Barak, fis a Abinoam nan, pou l soti nan Kedesh-Nephtali. Li te di l: “Veye byen, SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande: “Ale mache vè Mòn Thabor e pran avèk ou di-mil lòm soti nan fis a Nephtali yo ak fis a Zabulon yo. Mwen va atire fè vin parèt Sisera, kòmandan lame Jabin nan vini avèk cha li yo ak anpil sòlda yo vè larivyè Kishon, e Sòm 83:9mwen va mete li nan men ou.” Alò, Barak te di li: “Si ou prale avèk mwen, alò, m ap prale, men si ou pa prale avè m, mwen pa p prale.”
Li te di: “Mwen va vrèman ale avèk ou. Malgre, lonè p ap pou ou nan vwayaj ke w ap fè a, Jij 4:21paske SENYÈ a va vann Sisera nan men a yon fanm.” Konsa, Débora te leve e te ale avèk Barak pou rive Kédesch. 10 Barak te rele Zabulon ak Nephtali ansanm pou rive Kédesch, epi di-mil lòm te monte Jij 4:14avèk li. Anplis, Débora te monte avèk li. 11 Alò, Héber, Jij 1:16Kenyen an te rete apa de Kenyen yo, fis Hobab yo, bòpè Moïse la, e te monte tant li byen lwen jis nan bwatchenn ki nan Tsaannaïm nan, ki toupre Kédesch la. 12 Yo te di Sisera ke Barak, fis a Abinoam nan, te monte vè Mòn Thabor. 13 Sisera te rele ansanm tout cha li yo, nèf-san cha an fè ak tout pèp ki te avèk li yo, soti nan Jij 4:2Haroscheth de Goïm yo jis rive nan larivyè Kishon. 14 Debora te di a Barak: “Leve! Paske sa se jou nan sila SENYÈ a vin mete Sisera nan men ou! Veye byen, Det 9:3SENYÈ a gen tan sòti devan ou.” Konsa Barak te sòti desann Mòn Thabor avèk di-mil lòm ki t ap swiv li. 15  Det 7:23SENYÈ a te boulvèse Sisera avèk tout cha yo ak tout lame a avèk lam nepe devan Barak, epi Sisera te desann cha li e te sove ale a pye. 16 Men Barak te kouri dèyè cha yo avèk lame a jis rive Haroscheth-Goïm e tout lame Sisera a te tonbe pa lam nepe. Egz 14:28Nanpwen youn ki te rete. 17 Alò, Sisera te sove ale sòti nan pye a tant Jaël la, madanm a Héber a, Kenyen an; paske te gen lapè antre Jabin, wa Hatsor a ak lakay Héber, Kenyen an.
18 Jaël te sòti deyò pou rankontre Sisera, e li te di li: “Vire akote, mèt mwen, vire akote vè mwen! Pa pè.” Epi li te vire akote li nan tant lan, e li te kouvri li avèk yon tapi.
19  Jij 5:24-27Li te di li: “Souple, ban mwen yon ti dlo pou m bwè; paske mwen swaf.” Konsa, li te ouvri yon boutèy lèt pou te bay li bwè ladann, epi li te kouvri li. 20 Li te di li: “Kanpe nan pòtay tant lan, epi li va rive ke si yon moun vin mande ou, e di: ‘Èske gen moun la a?’ Ou va di: ‘Non.’ ”
21 Men Jaël, madanm a Héber a, te pran yon pikèt tant lan. Li te pran yon mato nan men li, e li te pwoche li dousman. Konsa, li te frape pikèt la fè l kreve tèt li jis rive atè, paske li te fatige nèt e li t ap dòmi. Konsa, li te mouri.
22 Epi veye byen, pandan Barak t ap kouri dèyè Sisera, Jaël te parèt deyò e te di l: “Vini pou mwen montre ou nonm ke w ap chache a.” Epi li te antre avèk li. Vwala, Sisera te kouche la mouri nèt avèk pikèt tant lan nan fon li.
23 Konsa, Né 9:24Bondye te imilye, nan jou sa a, Jabin, wa Kananeyen an, devan fis Israël yo. 24 Men lan a fis Israël yo te peze pi lou e pi lou sou Jabin, wa Kananeyen an, jiskaske yo te detwi Jabin, wa Kananeyen an.

4:1 Jij 2:19

4:2 Jos 11:1-10

4:3 Jij 1:19

4:5 Jen 35:8

4:6 Eb 11:32

4:7 Sòm 83:9

4:9 Jij 4:21

4:10 Jij 4:14

4:11 Jij 1:16

4:13 Jij 4:2

4:14 Det 9:3

4:15 Det 7:23

4:16 Egz 14:28

4:19 Jij 5:24-27

4:23 Né 9:24