11
1 Epi li te vin rive ke lè Jabin, wa ✡ Jos 11:10Hatsor a, te tande koze a, ke li te voye kote Jobab, wa Madon an, kote wa Schimron ak kote wa Acschaph, 2 epi a wa ki te nan nò nan peyi kolin yo ak nan ✡ Jos 12:3Araba a—-plis nan sid a Kinnéreth, nan ba plèn nan ak sou wotè a Dor nan lwès, 3 vè Kananeyen yo nan lès ak nan lwès, Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo ak Jebizyen yo nan peyi kolin yo ak Evyen yo nan pye ✡ Jos 11:17Mòn Hermon nan peyi Mitspa a. 4 Yo te sòti, yo menm avèk tout lame yo avèk yo, ✡ Jij 7:12fòs kantite moun tankou grenn sab bò lanmè, avèk anpil cheval ak cha.
5 Epi tout wa sila yo te dakò reyini, yo te vin fè kan an ansanm vè dlo a Mérom yo pou goumen kont Israël.
6 Alò, SENYÈ a te di a Jousé: ✡ Jos 10:8 “Pa pè akoz yo menm, paske demen, nan lè sa a, mwen va livre yo tou mouri devan Israël; nou va ✡ II Sam 8:4 koupe jarèt cheval yo e brile cha yo avèk dife.”
7 Konsa, Jousé avèk tout moun lagè yo te parèt sou yo sibitman toupre dlo Mérom yo pou te atake yo. 8 SENYÈ a te livre yo nan men Israël pou yo te genyen yo e te kouri dèyè yo jis rive nan Gran Sidon, ak ✡ Jos 13:6Misrepoth-Maïm avèk vale a Mitspa nan lès; epi yo te frape yo jiskaske pèsòn pa t viv ladan yo. 9 Josué te fè yo jan SENYÈ a te pale li a; li te ✡ Jos 11:6koupe jarèt cheval yo e brile cha yo avèk dife.
10 Epi Josué te retounen fè bak nan moman sa a pou te kaptire ✡ Jos 11:1Hatsor e frape wa li a avèk nepe; paske Hatsor, oparavan, te chèf an tèt tout wayòm sila yo. 11 ✡ Det 20:16Yo te frape tout moun ki te ladann avèk lam nepe, yo te detwi yo nèt; pa t gen pèsòn ki te rete ap respire. Epi li te brile Hatsor avèk dife.
12 Josué te kaptire tout vil a wa sila yo, tout wa yo, li te frape yo avèk lam nepe e li te detwi yo nèt; ✡ Nonb 33:50-52jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a te kòmande a. 13 Sepandan, Israël pa t brile okenn nan vil ki te kanpe sou pwòp ti mòn pa yo, sof ke Hatsor sèl, ke Josué te brile. 14 ✡ Nonb 31:11-12Tout piyaj lakay sila yo ak bèt yo, fis Israël yo te pran yo kòm byen sezi pa yo; men, yo te frape tout moun avèk lam nepe jiskaske yo te detwi yo. Yo pa t kite pèsòn respire.
15 Jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse, sèvitè li a, konsa Moïse te kòmande Josué e konsa Josué te fè; li pa t kite anyen pa fèt nan tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
16 Konsa, Josué te pran tout teritwa sa a: peyi ti kolin yo ak tout Negev la, tout peyi Gosen nan, ba plèn nan, ✡ Jos 11:2Araba a, peyi ti kolin Israël la ak ba plèn li, 17 Soti nan Mòn Halak ki leve vè Séir, menm jis rive lwen nan Baal-Gad nan vale Liban nan pye Mòn Hermon. Epi li te kaptire ✡ Det 7:24tout wa yo, li te frape yo ba e te mete yo a lanmò.
18 Josué te pouswiv lagè pandan anpil tan avèk tout wa sa yo. 19 Pa t gen yon vil ki te fè lapè avèk fis Israël yo, sof ke ✡ Jos 9:3-7Evyen ki te rete Gabaon yo; yo te pran yo tout nan batay. 20 ✡ Egz 14:7Paske, se te a volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
21 Epi Josué te vini nan tan sa a, li te koupe ✡ Nonb 13:13Anakim yo nan peyi ti kolin yo, soti Hébron, soti Debir, soti Anab ak tout peyi ti kolin nan Juda yo e soti nan tout peyi ti kolin an Israël yo. Josué te konplètman detwi yo avèk vil yo. 22 Pa t gen Anakim ki te rete nan peyi fis Israël yo; sèlman nan Gaza, nan ✡ I Sam 17:4Gath ak nan Asdod kèk te rete.
23 Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi ✡ Det 1:38Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a.