31
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: Nonb 25:1-17Pran vanjans konplè pou fis Israël yo kont Madyanit yo. Apre, ou va rasanble anvè pèp ou a.
Moïse te pale avèk pèp la e te di: “Bay gason pami nou yo zam pou fè lagè; pou yo kapab sòti kont Madian pou egzekite Lev 26:25 vanjans SENYÈ a kont Madian. Yon milye ki soti nan chak tribi a tout tribi Israël yo, nou va voye yo nan lagè.” Konsa, te vin disponib soti nan milye an Israël, yon milye soti nan chak tribi, douz mil avèk zam prepare pou lagè. Moïse te voye yo, yon milye sòti nan chak tribi nan lagè, e Phinées, fis Éléazar a, prèt la, nan lagè avèk yo, avèk veso sen ak Nonb 10:8-9 twonpèt yo pou sone alam ki nan men l lan.
Konsa, yo te fè lagè kont Madian, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, e Det 20:13yo te touye tout gason yo. Yo te touye wa a Madian yo ansanm avèk lòt ki te mouri yo: Nonb 25:15Evi, Rékem, Tsur, Hur, ak Réba, senk wa a Madian yo. Yo osi te touye Jos 13:22Balaam fis a Beor a avèk nepe. Fis a Israël yo te pran an kaptif fanm a Madian avèk timoun piti yo, tout bèf yo avèk tout bann bèt yo ak tout byen yo te piyaje yo. 10 Yo te brile tout vil kote yo te rete yo ak tout kan yo avèk dife. 11  Det 20:14Yo te piyaje ak tout sila ki te pran an kaptif yo, ni moun, ni bèt. 12 Yo te mennen kaptif yo avèk bèt yo avèk sa yo piyaje yo bay Moïse ak Éléazar, prèt la ak bay kongregasyon fis Israël yo, nan kan nan plèn Moab la, ki akote Jourdain an anfas Jéricho.
13 Moïse avèk Éléazar, prèt la ak tout chèf ki nan kongregasyon yo te ale deyò kan an pou rankontre yo. 14 Moïse te fache avèk ofisye lame a, kapitèn a dè milye ak kapitèn dè santèn ki te sòti nan sèvis lagè yo.
15 Moïse te di yo: “Èske nou te bay Det 20:14tout fanm yo lavi? 16  Nonb 25:1-9Gade byen, sila yo te fè fis Israël yo avèk konsèy Balaam nan vin peche kont SENYÈ a nan zafè Peor a; konsa, gwo epidemi te vin pami kongregasyon SENYÈ a. 17  Det 7:2 Pou sa, touye tout gason pami pitit yo, e touye tout fanm ki gen tan fin kouche avèk gason. 18 Men tout fi ki poko konnen gason, konsève yo pou nou menm.
19  Nonb 19:11-22“Epi nou menm, fè kan deyò kan an pandan sèt jou; nenpòt moun ki te touye yon moun, e nenpòt moun ki te touche yon mò, pirifye tèt nou, nou menm avèk kaptif nou yo, nan twazyèm jou ak nan setyèm jou a. 20 Nou va pirifye tèt nou, tout rad nou yo, tout bagay ki fèt an kwi, tout travay an po kabrit ak tout bagay an bwa.”
21 Alò, Éléazar, prèt la, te di a mesye lagè ki te ale nan batay yo: “Sa se règleman a lalwa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la: 22 sèlman lò avèk ajan, avèk bwonz, fè, fè blan ak plon, 23 tout sa ki kapab sipòte dife, nou va fè pase nan dife, e li va vin pwòp; men li va pirifye avèk Nonb 19:9-17dlo pirifikasyon an. Men nenpòt sa ki pa kab sipòte dife, nou va pase yo nan dlo. 24 Epi nou va lave rad nou nan setyèm jou a pou nou vin pwòp; epi apre, nou kapab antre nan kan an.”
25 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di: 26 “Ou menm avèk Éléazar, prèt la, chèf a lakay zansèt yo nan kongregasyon an, pran kontwòl de sa ki te pran an kaptif yo, ni lòm, ni bèt; 27 epi Jos 22:8divize piyaj la antre gèrye ki te sòti nan batay yo ak tout kongregasyon an. 28  Nonb 18:21-30Fè ranmase yon taks ki pou SENYÈ a sou gèrye ki te soti nan batay yo, youn nan chak senk san moun ke yo te pran an kaptif yo, nan bèf, nan bourik ak nan mouton; 29 pran li nan mwatye pa yo, e bay li a Éléazar, prèt la, kòm yon ofrann bay SENYÈ a. 30 Soti nan mwatye fis Israël yo, ou va pran youn ki sòti nan chak senkant moun, nan bèf, nan bourik ak nan mouton, nan tout bèt; epi bay yo a Levit ki Nonb 3:7-37responsab lòd nan tabènak SENYÈ a.”
31 Moïse avèk Éléazar, prèt la, te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
32 Alò, piyaj ki te rete nan byen ke mesye lagè yo te piyaje a te si-mil-swasann-kenz (675,000) mouton, 33 swasann-douz-mil (72,000) bèf, 34 swasanteyen-mil (61,000) bourik, 35 epi nan Kretyen kaptif yo, fanm ki pa t janm konnen gason yo, tout moun te trann-de-mil (32,000). 36 Mwatye a, pati a sila ki te ale nan lagè yo te konsa: kantite mouton yo te: twa-san-trann-sèt-mil-senk-san, 37 taks SENYÈ a te sis-san-swasann-kenz (675); 38 bèf yo te trann-si-mil (36,000), ladann taks la te swasann-douz (72); 39 bourik yo te trant-mil-senk-san (30,500), ladan yo taks SENYÈ a te swasanteyen (61); 40 moun vivan yo te sèz-mil (16,000), ladan yo taks SENYÈ a te trann-de (32) moun.
41 Moïse te bay taks la, ofrann SENYÈ a Éléazar, prèt la, Nonb 5:9-10jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
42 Epi pou mwatye a fis Israël yo, ke Moïse te retire nan men mesye ki te ale nan lagè yo—— 43 Mwatye kongregasyon an te twa-san-trann-sèt-mil-senk-san (337,500) mouton, 44 trann-si-mil (36,000) bèf, 45 trant-mil-senk-san (30,500) bourik, 46 moun vivan yo te sèz-mil (16,000) 47 epi soti nan mwatye fis Israël yo, Moïse te retire nan chak senkant, ni nan lòm ak nan bèt yo, e li te bay yo a Levit yo, ki te kenbe lòd nan tabènak SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
48 Alò, ofisye ki te sou dè milye nan lame yo, kapitèn a dè milye e kapitèn a dè santèn yo te apwoche Moïse, 49 epi yo te di a Moïse: “Sèvitè nou yo te pran kontwòl a mesye lagè ki sou chaj nou yo, e nanpwen pèsòn pami nou ki pa la. 50 Konsa, nou vin pote yon ofrann bay SENYÈ a sou sa ke chak moun te twouve, bagay an lò, chenèt, braslè, bag, zanno ak kolye, Egz 30:12-16pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a.”
51 Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò pa yo, tout kalite bagay ki fonn. 52 Tout lò pou ofrann, yo te ofri devan SENYÈ a, soti nan kapitèn dè milye ak kapitèn dè santèn yo, se te sèz-mil-sèt-san-senkant (16,750) sik. 53  Nonb 31:32Mesye lagè yo te pran piyaj la, chak nonm pou kont li.
54 Konsa, Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò kapitèn dè milye ak dè santèn yo, e yo te pote li nan tant asanble a kòm yon Egz 30:16souvni a fis Israël yo devan SENYÈ a.

31:2 Nonb 25:1-17

31:3 Lev 26:25

31:6 Nonb 10:8-9

31:7 Det 20:13

31:8 Nonb 25:15

31:8 Jos 13:22

31:11 Det 20:14

31:15 Det 20:14

31:16 Nonb 25:1-9

31:17 Det 7:2

31:19 Nonb 19:11-22

31:23 Nonb 19:9-17

31:27 Jos 22:8

31:28 Nonb 18:21-30

31:30 Nonb 3:7-37

31:41 Nonb 5:9-10

31:50 Egz 30:12-16

31:53 Nonb 31:32

31:54 Egz 30:16