22
Nonb 32:20-22Konsa, Josué te rele tout Ribenit yo ak Gadit yo ak mwatye tribi Manassé a. Li te di yo: “Nou te swiv tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou an Jos 1:12-18e nou te koute vwa m nan tout sa ke m te kòmande nou yo. Nou pa t abandone frè nou yo pandan tout jou sila yo, jis rive jodi a, men nou te kenbe lòd a kòmandman a SENYÈ a, Bondye nou an. Epi koulye a, Nonb 32:18SENYÈ a, Bondye nou an, te bay repo a frè nou yo, jan Li fenk pale yo a. Pou sa, vire koulye a e ale nan tant pa nou yo, nan peyi posesyon pa nou an, ke Moïse, sèvitè Bondye a, te bannou lòtbò Jourdain an. Sèlman, fè atansyon pou swiv kòmandman an ak lalwa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou an, pou nou Det 5:10renmen SENYÈ a, Bondye nou an, epi mache nan tout chemen Li yo, kenbe kòmandman Li yo, kenbe fèm a Li menm, e sèvi Li Det 4:29avèk tout kè nou e ak tout nanm nou.”
Epi Josué te Jen 47:7beni yo. Li te voye yo ale, e yo te ale nan pwòp tant pa yo. Alò, Nonb 32:33a mwatye tribi sila ki te pou Manassé a, Moïse te ba yo yon posesyon nan Basan; men Jos 17:1-13a lòt la, Josué te ba yo yon posesyon pami frè yo nan lwès lòtbò Jourdain an. Konsa, lè Josué te voye yo ale nan tant yo, li te beni yo, epi li te di yo: “Retounen vè tant nou yo avèk gran richès, avèk yon gran kantite bèt, avèk ajan, lò, bwonz, fè, e avèk anpil rad. Nonb 31:27Divize piyaj a lènmi nou yo avèk frè nou.”
Fis a Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te retounen kite fis Israël yo nan Silo, ki te nan peyi Canaan an, pou ale nan Nonb 32:1-29peyi Galaad, nan peyi ke yo te posede a, selon kòmand a SENYÈ a ki te soti nan Moïse la.
10 Lè yo te vini nan rejyon Jourdain an, ki nan peyi Canaan an, fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te bati yon lotèl la akote Jourdain an, yon lotèl ki parèt byen gran. 11 Lè fis Israël yo te tande afè sa a, yo te di: “Gade byen, fis Ruben yo ak fis Gad yo ak mwatye tribi Manassé a gen tan Det 12:5bati yon lotèl nan fwontyè peyi Canaan an, nan rejyon Jourdain an, sou bò ki pou fis Israël yo.” 12 Lè fis Israël yo te vin tande sa a, tout asanble a fis Israël yo te rasanble yo nan Jos 18:1Silo pou monte kont yo nan lagè. 13 Alò, fis Israël yo te voye prèt la, Nonb 25:7-11Phinées, fis Éléazar a, kote fis Ruben yo avèk fis Gad yo ak mwatye tribi Manassé a pou antre nan peyi Galaad la. 14 Ansanm avèk li, dis chèf yo, yon chèf pou kay a chak fanmi zansèt nan tribi Israël yo; epi Nonb 1:4 yo chak se te tèt an chèf kay fanmi zansèt li pami milye an Israël yo. 15 Yo te vin kote fis Ruben yo, kote fis Gad yo ak kote mwatye tribi Manassé a, nan peyi Galaad la. Yo te pale avèk yo e te di: 16 “Konsa pale tout kongregasyon a SENYÈ a: ‘Ki zak movèz fwa sa ye ke nou te komèt kont Bondye Israël la? Poukisa nou vire kite chemen SENYÈ a jodi a pou Jos 22:11bati yon lotèl pou fè rebèl kont SENYÈ a jodi a? 17 Èske Nonb 25:1-9inikite Peor a pa t sifi pou nou, nan sila nou poko pwòp jis rive jodi a, sepandan yon epidemi te vin parèt sou asanble SENYÈ a, 18 ke nou bezwen vire kite Jodi a chemen SENYÈ a? Si nou fè rebèl kont SENYÈ a Jodi a, Nonb 16:22Li va fache avèk tout asanble Israël la demen. 19 Si, malgre sa, peyi posesyon nou an pa pwòp, alò, travèse antre nan peyi posesyon SENYÈ a, kote tabènak SENYÈ a kanpe a pou vin pran posesyon pami nou. Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a, ni fè rebèl kont nou avèk lotèl ke nou Jos 22:11bati pou kont nou an, anplis ke lotèl SENYÈ a, Bondye nou an. 20 Èske Jos 7:1-26Acan, fis Zérach la, pa t aji an movèz fwa nan zafè bagay ki te dedye anba ve a e kòlè te tonbe sou tout asanble a SENYÈ a? Epi se pa mesye sa a sèl ki te peri nan inikite l la.’ ”
21 Epi fis Ruben yo ak fis Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te reponn e te pale avèk chèf an tèt fanmi a Israël yo. 22 Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, I Wa 8:39Li menm ki konnen! E Li menm va kite Israël konnen tou a. Si se te nan rebelyon, oswa si se nan movèz fwa, yon zak ki fèt kont SENYÈ a, pa sove lavi nou jodi a! 23 Si nou bati pou kont nou yon lotèl pou detounen pa swiv SENYÈ a, oswa si pou nou Det 12:11ofri yon ofrann brile, oswa yon ofrann sereyal sou li, oswa si se pou ofri sakrifis lapè sou li, ke SENYÈ a, li menm, fè demann sa a.
24 “Men anverite, si nou pa t fè sa avèk lakrent Bondye avèk yon bi ki te di ke: ‘Nan tan k ap vini an, fis ou yo kapab di a fis nou yo: “Ki relasyon nou gen avèk SENYÈ a, Bondye Israël la? 25 Paske SENYÈ a te fè Jourdain nan yon lizyè antre nou ak ou, nou menm, fis a Ruben yo ak fis a Gad yo. Nou pa gen pòsyon nan SENYÈ a.” ’ ” Pou sa a, li ta kab fèt ke fis ou yo ta ka petet fè pitit pa nou vin pa gen krent SENYÈ a.
26 “Pou sa, nou te di: ‘Annou bati yon lotèl, pa pou ofrann brile ni pou sakrifis; 27 men sa va pou Jen 31:48yon temwen antre nou avèk ou menm ak antre jenerasyon ki swiv nou yo, ke nou kapab fè sèvis SENYÈ a devan Li avèk ofrann brile nou, avèk sakrifis nou yo e avèk ofrann lapè nou yo;’ pou fis pa w yo pa vin di a fis pa nou yo nan tan ki pou vini an: ‘Nou pa gen pòsyon nan SENYÈ a.’
28 “Pou sa, nou te di, ‘Li va osi vin rive ke si yo di sa a nou, oswa a jenerasyon nou k ap vini an, alò nou va di: “Nou wè modèl lotèl ke zansèt nou yo te fè a, pa pou ofrann brile, ni pou fè sakrifis; men olye de sa, li se yon temwen antre nou menm ak ou menm.” ’
29 Lwen de nou ke nou ta fè rebèl kont SENYÈ a pou vin detounen pa swiv SENYÈ a jodi a, pou nou ta Det 12:13bati yon lotèl ofrann brile, oswa ofrann sereyal, oswa sakrifis, ot ke lotèl ki pou SENYÈ a, Bondye nou an, ki devan tabènak pa Li a!”
30 Lè Phinées, prèt la, avèk chèf asanble yo, menm chèf an tèt a fanmi zansèt Israël ki te avèk li yo, te tande pawòl ke fis Ruben yo, fis Gad yo ak fis Manassé yo te pale, sa te fè kè yo kontan. 31 Phinées, fis a Éléazar a, prèt la, te di a fis Ruben yo, fis Gad yo ak fis Manassé yo: “Jodi a, nou konnen ke SENYÈ a pami nou, akoz nou pa t fè zak malonèt sila a kont SENYÈ a. Koulye a, nou gen tan livre fis Israël yo soti nan men SENYÈ a.” 32 Alò, Phinées, fis a Éléazar a, prèt la, avèk chèf yo te retounen sòti nan fis Ruben yo ak nan fis Gad yo, nan peyi Galaad la, yo te rive nan peyi Canaan an vè fis Israël yo e te pote pawòl sa ba yo. 33 Pawòl la te fè kè kontan pami fis Israël yo, e fis Israël yo te I Kwo 29:20beni Bondye. Yo pa t pale ankò afè fè lagè pou detwi peyi kote fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo te rete a. 34 Fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo te Jen 31:47-49rele lotèl la “Temwen lan Antre Nou, ke SENYÈ a Se Bondye.”

22:1 Nonb 32:20-22

22:2 Jos 1:12-18

22:4 Nonb 32:18

22:5 Det 5:10

22:5 Det 4:29

22:6 Jen 47:7

22:7 Nonb 32:33

22:7 Jos 17:1-13

22:8 Nonb 31:27

22:9 Nonb 32:1-29

22:11 Det 12:5

22:12 Jos 18:1

22:13 Nonb 25:7-11

22:14 Nonb 1:4

22:16 Jos 22:11

22:17 Nonb 25:1-9

22:18 Nonb 16:22

22:19 Jos 22:11

22:20 Jos 7:1-26

22:22 I Wa 8:39

22:23 Det 12:11

22:27 Jen 31:48

22:29 Det 12:13

22:33 I Kwo 29:20

22:34 Jen 31:47-49