31
Alò, Jacob te tande pawòl fis Laban yo ki te vin di: “Jacob te retire tout sa ki te pou papa nou, e avèk sa ki te pou papa nou, li te fè tout richès li.” Jacob te wè konpòtman Laban, e gade byen, li pa t emab anvè li jan li te ye avan an.
Epi SENYÈ a te di a Jacob: “Retounen nan peyi a zansèt ou yo, a moun ou yo, e Jen 28:15mwen va avèk ou.”
Alò Jacob te voye rele Rachel avèk Léa vè bann mouton li nan chan an. Konsa, li te di yo: “Mwen wè ke konpòtman papa nou anvè mwen menm pa emab jan li te ye lontan an, men Jen 21:22Bondye a papa m nan te avèk mwen. Jen 30:29Nou konnen ke mwen te sèvi papa nou avèk tout fòs mwen. Malgre sa, papa nou te Jen 29:25twonpe mwen, e li te Jen 31:41chanje salè mwen dis fwa, men Bondye pa t kite li fè m donmaj. Si Jen 30:32li te pale konsa: ‘Takte yo se salè ou’, alò, tout bann mouton yo te bay pitit takte. Epi si li te pale konsa ke trase yo te salè ou, alò tout bann mouton yo te bay pitit trase. Konsa Bondye te Jen 31:1-6 retire bèt yo nan men papa ou, e Li te ban mwen yo.
10 “Epi li te rive ke lè bann mouton yo a t ap kwaze, ke mwen te leve zye mwen, mwen te wè nan yon rèv, e gade byen, mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele.
11 “Alò, Jen 16:7-11zanj Bondye a te di mwen nan rèv la: ‘Jacob,’ epi mwen te di: ‘Men mwen.’
12 “Li te di: ‘Koulye a leve zye ou, pou wè ke tout mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele, paske Egz 3:7 Mwen te wè tout sa ke Laban te fè ou yo. 13 Mwen menm se Jen 28:13-19 Bondye a Béthel la, kote ou te Jen 28:18-20 vide lwil sou yon pilye, kote ou te fè sèman a Mwen menm nan. Konsa, leve, kite tè sa a, e retounen nan peyi nesans ou a.’ ”
14 Rachel avèk Léa te di li: “Èske nou gen yon pati nan eritaj lakay papa nou an ki rete? 15 Èske li pa rekonèt nou kòm etranje? Paske Jen 29:20-27 li gen tan vann nou. Anplis, li te manje tout byen nou ranmase. 16 Vrèman, tout byen ke Bondye te rachte nan men papa nou yo, se pou nou avèk pitit nou ke yo ye. Alò, fè sa ke Bondye te di ou fè a.”
17 Alò, Jacob te leve. Li te mete pitit li yo avèk madanm li yo sou chamo yo. 18 Konsa, li te voye pouse tout bèt yo avèk tout byen ke li te rasanble yo, bèt ke li te vin gen nan Paddan-Aram yo, Jen 35:27pou ale nan peyi Canaan vè papa li, Isaac.
19 Lè Laban te ale pou taye plim mouton li yo, Rachel te vòlè Jen 31:30-34zidòl lakay ki te pou papa li yo. 20 Konsa, Jacob te twonpe Laban, Arameyen an. Li pa t di li ke li t ap sove ale. 21 Li te sove ale avèk tout sa ke li te genyen, epi li te leve pou travèse lariviyè Euphrate la, ak figi li byen fikse vè peyi mòn Jen 37:25Galaad yo.
22 Lè yo te di Laban nan twazyèm jou ke Jacob te sove ale a, 23 li te pran moun fanmi li yo, pou l te kouri dèyè li pandan sèt jou. Konsa, li te vin rive devan li nan ti kolin nan peyi Galaad yo.
24  Jen 20:3Bondye te parèt a Laban, Arameyen an, nan yon Jen 31:11rèv nan nwit lan. Li te di li: “Fè atansyon pou ou pa pale a Jacob ni byen, ni mal.”
25 Laban te vin rive devan Jacob. Alò Jacob te monte tant li nan peyi kolin yo, e Laban avèk moun pa li yo te rete nan peyi kolin Galaad yo. 26 Alò, Laban te di a Jacob: “Kisa ou te fè m la a lè ou te twonpe m e fè eskalad avèk fi mwen yo tankou prizonyè ki sou nepe? 27 Poukisa ou te sove ale an sekrè? Ou fè m desepsyon sa a, e ou pa di m sa pou m ta kapab voye ou ale avèk jwa, ak chante, tanbouren ak ap? 28 Ou pa t menm kite m Jen 31:55bo fis mwen yo, ak fi mwen yo. Alò, ou gen tan fè betiz. 29 Li nan pouvwa mwen pou m fè nou mal, men Jen 31:5-53 Bondye a papa ou a te pale avèk mwen yèswa. Li te di: ‘Pinga ou pale ni byen, ni mal a Jacob’. 30 Alò, vrèman ou te sòti paske ou te anvi wè lakay papa ou, men poukisa ou te vòlè Jen 31:19dye mwen yo?”
31 Jacob te reponn Laban: “Akoz ke m te pè, paske mwen te panse ke ou ta rachte fi ou yo nan men mwen pa lafòs. 32  Jen 44:9Sila ki twouve avèk dye ou yo p ap viv. Nan prezans tout fanmi nou yo, montre m sa ki pou ou nan byen mwen yo, e pran li pou ou menm.” Paske Jacob pa t konnen ke Rachel te gen tan vòlè yo.
33 Alò, Laban te antre nan tant Jacob la, nan tant Léa a, ak nan tant sèvant yo, men li pa t twouve yo. 34 Alò, Rachel te pran zidòl lakay yo. Li te mete yo nan sèl chamo a, e li te chita sou yo. Konsa, Laban te manyen toupatou nan tant lan, men li pa t twouve yo.
35 Li te di a papa li: “Pa kite mèt mwen an fache avè m, pwiske mwen p ap ka Lev 19:32leve devan ou, paske se règ mwen ki sou mwen.” Alò, li te chache, men li pa t jwenn Jen 31:19zidòl kay yo.
36 Alò, Jacob te vin fache. Li te konfwonte Laban. Jacob te di l: “Ki tò mwen te fè ou? Ki peche mwen te fè konsa pou ou vin pouswiv mwen tou cho konsa? 37 Malgre ou gen tan manyen tout afè m, kisa ou te twouve ladan yo ki pou lakay ou? Mete li isit la devan moun pa m avèk moun pa ou yo, pou yo ka pran yon desizyon antre nou de a.
38 “Pandan ventan mwen te la avè w. Mouton ou yo avèk kabrit ou yo pa janm pèdi pitit, ni mwen pa t manje belye nan bann mouton ou yo. 39 Sa ki te chire pa bèt sovaj, èske m pa te pote yo bay ou? Mwen te fè pèt la pou kont mwen. Se konsa ou te egzije sa ki nan men m, sof ke sa ki vòlè nan lajounen, sof ke sa ki vòlè nan lannwit. 40 Konsa mwen te ye: Nan lajounen, solèy la te manje m, fredi nan lannwit, e dòmi te vòlè sove ale nan zye mwen. 41 Pandan ven ane sa yo, mwen te lakay ou. Jen 29:27-30 Mwen te sèvi ou katòz ane pou de fi ou yo, sis ane pou bann mouton ou yo, e ou te fè chanjman salè mwen dis fwa. 42 Si Bondye a papa m nan, Bondye a Abraham nan pa t pou mwen, vrèman koulye a ou t ap kab voye m ale men vid. Egz 3:7 Bondye te wè afliksyon mwen, ak travay di ke men m te gen tan fè, epi Li te Jen 31:24-29 rann jijman an yèswa.”
43 Laban te reponn a Jacob: “Fi yo se fi m, pitit yo se pitit mwen, Jen 31:1bann mouton yo se bann mouton mwen. Tout sa ou wè la yo se pa m. Men kisa m ka fè nan jou sa pou sila yo, a fi mwen yo, oswa a pitit pa yo ke yo te fè? 44 Alò, kounye a vin non, annou Jen 21:27-32 fè yon akò, ou menm avèk mwen menm. Annou fè li kòm yon temwen antre ou menm avèk mwen.”
45 Konsa, Jacob te pran Jen 28:18yon gwo wòch. Li te fè l kanpe tankou yon pilye. 46 Jacob te di a tout relasyon fanmi pa li a: “Sanble wòch”! Epi yo te pran wòch yo. Yo te fè yon gwo pil, e yo te manje la akote pil la. 47 Alò Laban Jos 22:34te rele la Jegar-Sahadutha, men Jacob te rele l Galed.
48 Laban te di: “ Jos 24:27Gwo pil wòch sa se yon temwen antre ou menm avèk mwen menm jodi a.” Konsa, li te rele l Galed, 49 epi osi Jij 11:29Mitspa, paske li te di: “Ke Bondye kapab gade antre ou menm avèk mwen lè nou vin absan de youn lòt. 50 Si ou maltrete fi mwen yo, oswa si ou pran madanm anplis ke fi mwen yo, malgre pèsòn pa avèk nou, ou wè, Jr 29:23 Bondye se temwen antre ou menm avèk mwen.”
51 Laban te di a Jacob: “Gade byen gwo pil sa a, e veye byen gwo pilye ke m etabli antre ou menm avèk mwen an. 52 Gwo pil sa a se yon temwen. Pilye a se yon temwen ke mwen p ap pase vè gwo pil sa a pou fè ou mal, e ou p ap pase gwo pil sa a vè mwen pou fè m mal. 53 Bondye Abraham nan ak Bondye Nachor a, Bondye a papa pa yo a, vin Jen 16:5jij antre nou menm.”
Konsa Jacob te sèmante pa Jen 31:42krent a papa l, Isaac. 54 Alò, Jacob te Egz 18:12ofri yon sakrifis sou mòn nan. Li te rele tout gwo fanmi li yo pou vin manje pen. Yo te manje pen sa a, e yo te pase nwit lan sou mòn nan.
55 Granmmaten, Jen 31:28,43 Laban te leve. Li te bo fis li yo ak fi li yo, e li te beni yo. Alò, Laban te retounen nan plas li.

31:3 Jen 28:15

31:5 Jen 21:22

31:6 Jen 30:29

31:7 Jen 29:25

31:7 Jen 31:41

31:8 Jen 30:32

31:9 Jen 31:1-6

31:11 Jen 16:7-11

31:12 Egz 3:7

31:13 Jen 28:13-19

31:13 Jen 28:18-20

31:15 Jen 29:20-27

31:18 Jen 35:27

31:19 Jen 31:30-34

31:21 Jen 37:25

31:24 Jen 20:3

31:24 Jen 31:11

31:28 Jen 31:55

31:29 Jen 31:5-53

31:30 Jen 31:19

31:32 Jen 44:9

31:35 Lev 19:32

31:35 Jen 31:19

31:41 Jen 29:27-30

31:42 Egz 3:7

31:42 Jen 31:24-29

31:43 Jen 31:1

31:44 Jen 21:27-32

31:45 Jen 28:18

31:47 Jos 22:34

31:48 Jos 24:27

31:49 Jij 11:29

31:50 Jr 29:23

31:53 Jen 16:5

31:53 Jen 31:42

31:54 Egz 18:12

31:55 Jen 31:28,43