20
1 Alò Abraham te vwayaje soti la ✡ Jen 18:1vè peyi Negev la, li te vin rete antre Kàdes ak Schur; e li te pase yon tan ✡ 26:1-6Guérar. 2 Abraham te di pa Sarah, madanm li: “✡ Jen 18:1Li se sè mwen”. Alò, Abimélec, wa nan ✡ Jen 26:1-2Guérar a te vin pran Sarah.
3 Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ✡ Jen 20:7ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”
4 Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li; epi li te di: “Senyè, ✡ Jen 18:23-25èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot? 5 Èske ✡ Jen 20:13li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”
6 Epi Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen; se pou sa Mwen ✡ I Sam 25:26-34 pa t kite ou touche li. 7 Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a, paske ✡ I Sam 7:5se yon pwofèt ke li ye, epi li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”
8 Konsa, Abimélec te leve granmmaten, li te rele tout sèvitè li yo, e li te di tout bagay sa yo pou yo tande; epi mesye sa yo te gen gwo laperèz.
9 ✡ Jen 12:11-20 Alò, Abimélec te rele Abraham e li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”: 10 Epi Abimélec te di a Abraham: “Sak rive ou ki fè ou fè bagay sa a?”
11 Abraham te di: “Paske, mwen te reflechi ke asireman, pa gen ✡ Né 5:15lakrent Bondye nan plas sa a, e ✡ Jen 12:12yo va touye mwen akoz madanm mwen. 12 Anplis de sa, vrèman li se sè mwen, fi a papa m, men pa fi a manman m, e li te vin madanm mwen; 13 epi li te rive lè ✡ Jen 12:1-9 pou Bondye te fè m vwayaje pou kite kay papa m, ke mwen te di li: ‘Men yon gras ke ou va fè m: tout kote nou ale, di pa mwen menm: ‘li se frè m.’’ ”
14 Konsa, ✡ Jen 12:16Abimélec te pran mouton avèk bèf avèk sèvitè li yo, mal ak femèl, li te bay yo a Abraham, e li te remèt madanm li, Sarah bay li.
15 Abimélec te di: “✡ Jen 13:9Byen gade, peyi mwen an devan ou; etabli ou kote ou pito.”
16 A Sarah, li te di: “Byen gade, mwen te bay ✡ Jen 20:5frè ou mil pyès an ajan; veye byen, li se revandikasyon ou devan tout moun ki avèk ou, e devan tout mesye ke ou egzonore yo.”
17 ✡ Nonb 12:13 Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit. 18 ✡ Jen 12:17Paske SENYÈ a te fèmen vant yo a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan.