13
Alò, Abram te monte kite Égypte vè Jen 12:9Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li. Epi Abram te Jen 24:35trè rich nan bèt, lajan ak nan lò.
Li te fè vwayaj li yo ki sòti Negev pou rive jis Béthel, nan plas kote tant li a te ye nan kòmansman an, Jen 12:8antre Béthel avèk Ai, jis rive nan plas Jen 12:7-8 lotèl ke li te fè la oparavan an. Epi la Abram te rele non SENYÈ a.
Alò, Jen 12:5Lot, ki te ale avèk Abram, osi te gen bann mouton, twoupo, avèk tant.
Epi tè a pa t kapab sipòte yo toude pou rete ansanm, paske byen yo te tèlman gran ke yo pa t kab rete ansanm. Jen 36:7 Epi te gen konfli antre bèje bèt Abram, ak bèje bèt Lot yo. Epi te gen Kanaaneyen yo avèk Ferezyen yo ki te rete nan peyi a.
Pwov 15:18 Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye. Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe. Si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat. Oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.”
10 Lot te leve zye li, e li te wè tout Det 34:3 vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te Jen 19:24 detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar. 11 Konsa, Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt.
12 Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan Jen 14:2gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.
13 Alò, Jen 18:20mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.
14 SENYÈ a te di a Abram lè Lot fin kite l la: “Koulye a leve ze ou pou gade depi plas la kote ou ye a; Jen 28:14 vè nò, vè sid, vè lès ak lwès. 15  Jen 12:7Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, ak desandan ou yo pou tout tan.
16 “Mwen va fè desandan ou yo peple Jen 16:10tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo. 17 Leve, Nonb 13:17-24 mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”.
18 Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote Jen 14:13bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.

13:1 Jen 12:9

13:2 Jen 24:35

13:3 Jen 12:8

13:4 Jen 12:7-8

13:5 Jen 12:5

13:6 Jen 36:7

13:8 Pwov 15:18

13:10 Det 34:3

13:10 Jen 19:24

13:12 Jen 14:2

13:13 Jen 18:20

13:14 Jen 28:14

13:15 Jen 12:7

13:16 Jen 16:10

13:17 Nonb 13:17-24

13:18 Jen 14:13