15
Yon repons ki dous kalme kòlè;
men yon I Sam 25:10-13 mo sevè pwovoke gwo fache.
Pwov 15:7Lang a saj la gen pou mèt, konnesans;
men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
Zye a SENYÈ a tout kote;
L ap veye sa ki bon ak sa ki mal.
Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi;
men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.
Yon moun ensanse refize disiplin a papa l;
men sila ki aksepte repwòch gen sajès.
Gran richès twouve nan kay a moun dwat yo;
men gwo twoub se salè a mechan an.
Lèv a moun saj yo gaye konesans;
men se pa konsa ak kè moun ensansib yo.
Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a;
men Pwov 15:29lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.
Chemen mechan an abominab a SENYÈ a;
men Li renmen sila ki I Tim 6:11chache ladwati a.
10 Pinisyon byen di ap tann sila ki abandone chemen an;
sila ki rayi korije a va mouri.
11 Sejou mò yo ak labim nan parèt devan zye SENYÈ a;
konbyen, anplis, pou I Sam 16:7 kè a lòm!
12  Pwov 13:1Sila ki moke a pa renmen sila ki fè l repwòch la;
li pa janm ale kote moun saj.
13 Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi;
men lè kè a tris, Pwov 17:22 lespri a vin brize.
14  Pwov 18:15Lespri a moun entèlijan an chache konesans;
men bouch a moun sòt la, manje foli.
15 Tout jou aflije yo move;
men yon kè kontan se yon fèt ki pa janm sispann.
16 Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a,
pase gwo richès ak gwo twoub ladann.
17 Pi bon se yon plato legim avèk lanmou,
pase yon bèf gra ak rayisman.
18 Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli;
men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.
19 Wout a parese a se tankou yon ran pikan;
men pa a moun dwat la se yon gran chemen.
20 Yon Pwov 10:1fis ki saj fè papa l kontan;
men yon gason ensanse meprize manman l.
21 Foli se gwo plezi pou sila ki manke bon konprann nan;
men yon nonm ak bon konprann Pwov 14:8mache dwat.
22 San konsèy, plan yo vin jennen;
men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.
23 Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis,
e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!
24 Wout lavi a mennen moun saj la anwo,
pou l kab evite Sejou mò k ap tann li anba a.
25 SENYÈ a va demoli kay moun ògeye a;
men L ap etabli lizyè vèv la.
26 Plan mechan yo abominab a SENYÈ a;
men pawòl agreyab yo san tach.
27 Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li;
men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.
28 Kè a moun dwat la I Pi 3:15reflechi anpil pou bay repons;
men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.
29 SENYÈ a lwen mechan an;
men Li Sòm 145:18-19tande lapriyè a moun dwat yo.
30 Zye klè fè kè kontan;
bòn nouvèl kon mete grès sou zo.
31 Zòrèy k ap koute repwòch ap viv;
zore ki koute koreksyon ap alèz pami saj yo.
32 Sila ki neglije disiplin meprize pwòp tèt li;
men sila ki Pwov 15:5 koute repwòch ranmase bon konprann.
33 Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès;
avan onè, fòk imilite.

15:1 I Sam 25:10-13

15:2 Pwov 15:7

15:8 Pwov 15:29

15:9 I Tim 6:11

15:11 I Sam 16:7

15:12 Pwov 13:1

15:13 Pwov 17:22

15:14 Pwov 18:15

15:20 Pwov 10:1

15:21 Pwov 14:8

15:28 I Pi 3:15

15:29 Sòm 145:18-19

15:32 Pwov 15:5