6
Tout sila ki Ef 6:5anba jouk esklavaj yo dwe gade pwòp mèt yo kòm moun ki dign de tout onè pou pèsòn pa kapab pale mal kont non a Bondye e ak doktrin nou an. Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se Gal 3:28frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.
Si yon moun Tit 1:3ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo Trav 18:15ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, diskisyon san rete antre II Tim 3:8moun ak panse konwonpi e san verite, ki II Pi 2:3sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.
Men vi sentete a vrèman gen Luc 12:15-21anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. Paske Job 1:21nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
Si nou Pwov 30:8genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
Pwov 15:27Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske Kol 3:5lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan Jc 5:19vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
11 Men II Tim 2:22kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès. 12  I Tim 1:18Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo. 13  I Tim 5:21Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te II Kor 9:13temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la, 14 pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska II Tes 2:8aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri. 15 Li va fè rive nan I Tim 2:6tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo. 16  I Tim 1:17Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
17 Enstwi sila ki Mat 12:32rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye Trav 14:17ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan I Tim 5:10bon zèv, pou Wo 12:18renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou Mat 6:20ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab I Tim 6:12kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
20 O Timothée, gade byen II Tim 1:12,14sa ki konfye a ou menm nan, e II Tim 2:16evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele “konesans” lan, 21 ke kèk moun te pwofese, e konsa yo te vin II Tim 2:18egare kite lafwa.
Ke lagras avèk nou. Amen.

6:1 Ef 6:5

6:2 Gal 3:28

6:3 Tit 1:3

6:4 Trav 18:15

6:5 II Tim 3:8

6:5 II Pi 2:3

6:6 Luc 12:15-21

6:7 Job 1:21

6:8 Pwov 30:8

6:9 Pwov 15:27

6:10 Kol 3:5

6:10 Jc 5:19

6:11 II Tim 2:22

6:12 I Tim 1:18

6:13 I Tim 5:21

6:13 II Kor 9:13

6:14 II Tes 2:8

6:15 I Tim 2:6

6:16 I Tim 1:17

6:17 Mat 12:32

6:17 Trav 14:17

6:18 I Tim 5:10

6:18 Wo 12:18

6:19 Mat 6:20

6:19 I Tim 6:12

6:20 II Tim 1:12,14

6:20 II Tim 2:16

6:21 II Tim 2:18