2
Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan I Tes 2:19vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak Mc 13:27reyinyon nou ansanm avèk Li a, pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon I Jn 4:1lespri, ni yon II Tes 2:15mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.
Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e Dan 7:25nonm peche a, fis a Jn 17:12pèdisyon an, ta vin parèt. Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e És 14:14prezante tèt li kòm Bondye.
Èske nou pa sonje I Tes 3:4lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?
Konsa, nou konnen II Tim 2:7kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan lè li a, li kapab vin parèt. Paske Rev 17:5,7mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.
Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye És 7:4avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, Mat 24:24sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou I Kor 1:18sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou II Tes 2:12,13a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
11 Pou rezon sa a, I Wa 22:22Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout kapab jije ki Wo 2:8pa t kwè nan verite a, men ki te Wo 1:32pran plezi nan mechanste.
13 Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz Ef 1:4Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon I Tes 4:7pa Lespri a ak lafwa nan verite a. 14 Se te pou sa Li te I Tes 2:12rele nou atravè levanjil nou an, pou nou ta kapab vin genyen laglwa Senyè nou an, Jésus Kri.
15 Konsa, frè m yo, kanpe fèm e I Kor 11:2kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.
16  I Tes 3:11Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la 17  I Tes 3:2rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.

2:1 I Tes 2:19

2:1 Mc 13:27

2:2 I Jn 4:1

2:2 II Tes 2:15

2:3 Dan 7:25

2:3 Jn 17:12

2:4 És 14:14

2:5 I Tes 3:4

2:6 II Tim 2:7

2:7 Rev 17:5,7

2:8 És 7:4

2:9 Mat 24:24

2:10 I Kor 1:18

2:10 II Tes 2:12,13

2:11 I Wa 22:22

2:12 Wo 2:8

2:12 Wo 1:32

2:13 Ef 1:4

2:13 I Tes 4:7

2:14 I Tes 2:12

2:15 I Kor 11:2

2:16 I Tes 3:11

2:17 I Tes 3:2