3
Konsa, lè nou pa t kapab andire l ankò, nou te panse ke li te pi bon pou yo kite nou dèyè nan Trav 17:15Athènes sèl. Konsa, nou te voye II Kor 1:1Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou, pou pèsòn pa twouble pa afliksyon sila yo, paske nou konnen ke Trav 9:16nou te destine pou sa. Paske, vrèman, lè nou te avèk nou an, nou te konn ap di nou davans ke nou t ap pral soufri afliksyon yo, I Tes 2:14e se konsa li te vin pase, jan nou konnen an.
Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou Mat 4:3tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou II Kwo 6:1travay nou an ta anven.
Men koulye a, ke Trav 18:5Timothée gen tan menm vin jwenn nou soti kote nou, li te pote bannou bòn nouvèl de I Tes 1:3lafwa ak lanmou nou, e ke nou toujou panse avèk tandrès de nou menm, e anvi wè nou jis jan ke nou anvi wè nou tou a. Pou rezon sa a, frè m yo, nan tout detrès ak afliksyon nou yo, nou te rekonfòte de nou menm atravè lafwa nou. Paske koulye a, nou vrèman ap viv, si nou I Kwo 16:13kanpe fèm nan Senyè a.
Paske I Tes 1:2ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz ou menm? 10 Antretan II Tim 1:3lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab II Kor 13:9konplete sa ki manke nan konnesans lafwa nou.
11 Koulye a, ke Bondye e Papa nou an I Tes 5:23Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm. 12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e Fil 1:9ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. 13 Pou Li kapab I Kor 1:8etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.

3:1 Trav 17:15

3:2 II Kor 1:1

3:3 Trav 9:16

3:4 I Tes 2:14

3:5 Mat 4:3

3:5 II Kwo 6:1

3:6 Trav 18:5

3:6 I Tes 1:3

3:8 I Kwo 16:13

3:9 I Tes 1:2

3:10 II Tim 1:3

3:10 II Kor 13:9

3:11 I Tes 5:23

3:12 Fil 1:9

3:13 I Kor 1:8